Live webinar
Responding to EB-2 NIW RFEs: Real-Time RFE Data & Strategies
Live webinar with Immigration Attorney, Judy Chang
Tuesday, May 26, 2026
12:00 PM EST
Save your spot here!

Community

Kontakte USCIS Konsenan Föm i-134A
Nou rekòmande pou poze kesyon yo pandan w ap voye yon mesaj sekirize apati kont sou entenet USCIS ou a. Ou ka kontakte Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833). Nimewo pou moun ki p ap viv Etazini se 212-620-3418. Pou jwenn plis enfömasyon, gade anba a nan kesyon moun poze souvan yo. K. Kisa pou m fe si m gen yon pwoblèm pou gen akse ak kont mwen oswa m bezwen relanse modpas mwen? R. Tanpri itilize fom sou entènèt pou jwenn èd nou an. K. Si mwen bezwen fe yon demann sou dosye mwen an oswa mwen gen yon kesyon jeneral konsènan kont mwen an, kòman m kapab kontakte USCIS? R. Pi bon fason pou kontakte nou depann sou kalite demann ou genyen an. Si w bezwen korije enfömasyon sou Föm 1-134A, ou dwe voye yon mesaj sekirize pandan w ap itilize kont sou entènèt USCIS ou a. Pou kesyon jeneral oswa demann konsenan estati yon Föm I-134A, ou kapab voye yon mesaj sekirize apati kont USCIS ou a, oswa rele Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833). Si w p ap viv Etazini, ou kapab jwenn Sant Kontak USCIS nan +1-212-620-3418 K. Si mwen (yon sipòte) mete yon adres imel ki pa körek pou benefisye a sou Föm I-134A, ki fason ki pi rapid pou soumet koreksyon an epi fe USCIS revoye imel pou Akse ak Kont lan bay benefisye a? R. Konekte sou kont USCIS sou entènèt ou a, ale nan ongle "Notices" (Avi) epi itilize fonksyonalite "Unsolicited Evidence" (Prèv yo Pa t Mande) pou ajoute yon lèt sipôte a siyen alamen (li pa dwe siyen I yon fason elektwonik). Lèt la dwe: • Eskplike adrès imel ou te mete pou benefisye a sou Föm I-134A pa t körèk; epi • Ou mande pou USCIS fè mizajou nan adrès imel benefisye a epi voye Avi pou Kont USCIS nan adrès imel benefisyé a genyen ki körëk. Sonje: Let la dwe gen ladan I toulède, sa vle di adrès imel orijinal la ak sa ki pa körek ou te mete sou Föm l- 134A epi mizajou ki fet la, koreksyon ki fet adres imel benefisye a. Kenbe let orijinal ki siyen an pou si nou ta bezwen I pi devan. Apresa, ou dwe voye yon mesaj sekirize apati kont sou entenèt USCIS ou a: 1. Konekte sou kont sou entenet ou a, chwazi nan meni k ap dewoule a "MyAccount" (Kont Mwen an), apresa chwazi Inbox (bwat resepsyon); 2. Chwazi "New message" (Nouvo Mesaj), apresa "A case already filed online" (Yon dosye ki ranpli anliy deja); 3. Chwazi nimewo resi ou a pou Föm I-134A, Demann sou Entènèt pou ou ka vin yon Sipòte ak Deklarasyon Sipò Finansye, nan meni k ap dewoule a; epi 4. Di nan mesaj ou a benefisye a bezwen chanje adrès imèl li a, epi ou te ajoute prèv yo pa t mande. Mesaj la dwe gen ladan I toulède, sa vle di adrès imèl orijinal la ak sa ki enkörèk la epi mizajou ki fet la, koreksyon ki fet adrès imel benefisye a. Nou pral egzaminen demann ou an, epi fè mizajou ki apwopriye, epi n ap voye yon kopi Avi sou Kont USCIS pandan n ap itilize adrès imèl ou mete ajou a epi ki körëk. Epitou, n ap voye yon imël k ap fë w konnen nou rezoud pwoblèm la. K. Kijan mwen kapab korije enfömasyon ki nan paspò m nan Föm I-134A? R. Si nou konfime deja Fòm 1-134A sipôté ou a soumèt, epi enfömasyon li mete konsènan paspò w la pa körèk, w ap bezwen itilize kont sou entenet ou a pou: • Ajoute yon kopi paspò ki valid ou a, epi ki pa ekspire kòm Prèv yo Pa t Mande (Unsolicited Evidence) nan onglé "Notices" (Avi); epi • Voye yon mesaj pou USCIS apati Inbox (Bwat Resepsyon) ou. Nan mesaj la, ou dwe endike ou soumèt prev pou korije enfomasyon konsenan paspò w la. Ou ap resevwa yon repons nan bwat resepsyon ou a. Pinga ou soumèt atestasyon ou yo bay CBP jiskaske nou reponn ak demann pou fe mizajou nan enfomasyon konsenan paspo w la. Si w soumet enfomasyon yo anvan ou resevwa yon repons nan USCIS li kapab afekte otorizasyon pou vwayaj ak demann pou libète sou kondisyon ou a. K. USCIS konfime Föm I-134A mwen an, men nou poko kontakte benefisye mwen an. Kisa mwen dwe fë? R. Si benefisye ou a pa resevwa yon avi sou imel li, ou dwe verifye Föm 1-134A la, epi asire w ou te bay adrés imel ki körek la. Si adres imel la körek, benefisye a dwe verifye espam li a ak bwat ki gen kontni endezirab yo. Menm si nou paka reponn kesyon pou ka espesifik, an jeneral, nan sitiyasyon kote benefisye a pa resevwa Avi pou Kont li a, rele Sant Kontak USCIS. Nimewo pou moun ki p a viv Etazini se +1-212-620-3418. Yon löt bö, sipôté a kapab voye yon mesai sekirize pou USCIS konsenan pwoblem I ap rankontre atrave pwöp kont USCIS li, epi apre nou fini ak pwosesis verifikasyon an, nou kapab voye Avi pou Kont la sou imel benefisye nou gen nan dosye a. Si adrès imel la pa körêk, konekte sou kont USCIS ou a sou entènèt, epi ale sou onglé "Notices" (Avi) epi itilize fonksyonalite "'Unsolicited Evidence" (Prèv yo Pa t Mande) pou ajoute yon lèt sipote a siyen alamen (li pa dwe siyen I yon fason elektwonik). Lèt la dwe: • Eskplike adrès imel ou te mete pou benefise a sou Föm I-134A pa t körèk; epi • Ou mande pou USCIS fè mizajou nan adrès imel benefisvè a epi voye Avi pou Kont USCIS nan adrès imèl benefisye a genyen ki körek. Sonje: Lèt la dwe gen ladan I toulède, sa vle di adrès imel orijinal la ak sa ki pa körèk ou te mete sou Föm l- 134A epi mizajou ki fet la, koreksyon ki fët nan adrès imel benefisye a. Kenbe let orijinal ki siyen an pou si nou ta bezwen l pi devan. Si benefisye a toujou pa kapab jwenn avi yo, li dwe kontakte Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283. Nimewo pou moun ki p ap viv Etazini se +1-212-620-3418.
1
Lè Benefisye a fin Jwenn Libète sou Kondisyon Etazini
Aplike pou yon Otorizasyon pou Travay Aprè ou (benefisye a) jwenn libète sou kondisyon Etazini, ou kalifye pou aplike pou yon otorizasyon travay selon sa USCIS deside. Pou mande yon Dokiman Otorizasyon Travay (Employment Authorization Document, EAD), ou dwe soumèt Föm l-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, le ou sèvi avek köd kategori (c) (11) ansanm ak frè ki nesese yo oswa mande yon egzansyon frè. Pou depoze Fòm I-765 la sou entènèt, moun ki aplike ki kalifye yo ap gen akse ak kont USCIS yo a sou entènèt nan my.uscis.gov. Moun ki aplike ki fe demann yon egzansyon fré pou depoze Föm I-765 oswa ki kalifye pou yon egzansyon frè dwe soumèt Föm I-765 pa lapòs. Mande yon Kat ak yon Nimewo Sekirite Sosyal Nou ankouraje w pou aplike pou yon Nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) pandan w ap itilize Föm 1-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, epi suiv eksplikasyon pou föm nan. Si ou fè demann yon SSN nan Pati 2 (Atik 13.a-17.b) nan Fòm l-765, epi nou apwouve aplikasyon ou an, USCIS ap transmèt done sa yon fason elektwonik bay Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration, SSA), epi SSA ap ba ou yon SSN epi l ap remet ou yon kat Sekirite Sosyal. SSA ap voye kat Sekirite Sosyal ou a direkteman pa lapòs nan adrès ou bay nan Föm I-765 la. Jeneralman se moun ki otorize pou travay Etazini yo bay nimewo Sekirite Sosyal. Yo itilize nimewo Sekirite Sosyal la pou rapòte salé w bay gouvènman an, epi detèmine kalifikasyon w pou avantaj Sekirite Sosyal. Si ou pa fè demann yon SSN nan Föm I-765 ou a, ou kapab aplike pou yon SSN apre ou resevwa EAD ou a nan men USCIS pandan w ap suiv eksplikasyon ki sou paj entènet SSA a Kat ak Nimewo Sekirite Sosyal. Mizajou nan Adrès Si w ap viv Etazini pandan plis pase 30 jou ou dwe deklare adrès fizik ou nan Etazini. Ou kapab chanje adrès ou a sou entènèt epi fè mizajou nan adrès ou a sou nenpòt aplikasyon ak petisyon ou genyen k ap tann nan menm moman pandan w ap itilize sistèm Chanjman Adrès Sou Entènèt USCIS. Ou dwe siyale yon chanjman adrès nan dele 10 jou apre w vin Etazini oswa sou teritwa li yo. Metöd pou chanje adrès nou mete anwo a ap fè mizajou nan dosye a nan USCIS pou tout aplikasyon, petisyon, oswa demann ou genyen k ap tann, epi ou ajoute nimewo resi pou li sou föm nan. Li enpötan pou ajoute nimewo resi a pou nenpöt dosve ou ap tann nan USCIS avek demann chaniman adrès ou a, konsa nou kapab fè mizajou nan adrès ki asosye avek dosye sa yo. N ap voye dokiman sekirize yo nan adrès ki sou dosye a. Ou kapab jwenn nimewo resi a sou avi resepsyon (Fm I-797C, Avi Aksyon) nou te remèt aprè w te fin depoze demann oswa petisyon ou an. Nou voye avi resepsyon an nan adrès ki ekri sou aplikasyon oswa petisyon an. Lè w Fini ak Libète sou Kondisyon ou an Si w deja gen yon libète sou kondisyon nan Etazini, libète sou kondisyon ou an ap fini otomatikman si: • Ou kite Etazini; oswa • Peryod libète sou kondisyon ou a ekspire. DHS ka deside kanpe libète sou kondisyon ou an selon sa li deside pou lòt rezon, tankou lè ou vole nenpòt Iwa nan Etazini. Moun ki gen libète sou kondisyon yo ki ekspire dwe kite peyi a poukont yo. Nou ap mete nan pwosedi ranvwa moun nou rankontre Etazini apre libète sou kondisyon yo fini.
1