Joe Biden
Jun 9, 2023
Lè Benefisye a fin Jwenn Libète sou Kondisyon Etazini
Aplike pou yon Otorizasyon pou Travay
Aprè ou (benefisye a) jwenn libète sou kondisyon Etazini, ou kalifye pou aplike pou yon otorizasyon travay
selon sa USCIS deside. Pou mande yon Dokiman Otorizasyon Travay (Employment Authorization Document,
EAD), ou dwe soumèt Föm l-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, le ou sèvi avek köd kategori (c) (11)
ansanm ak frè ki nesese yo oswa mande yon egzansyon frè.
Pou depoze Fòm I-765 la sou entènèt, moun ki aplike ki kalifye yo ap gen akse ak kont USCIS yo a sou entènèt
nan my.uscis.gov.
Moun ki aplike ki fe demann yon egzansyon fré pou depoze Föm I-765 oswa ki kalifye pou yon egzansyon frè
dwe soumèt Föm I-765 pa lapòs.
Mande yon Kat ak yon Nimewo Sekirite Sosyal
Nou ankouraje w pou aplike pou yon Nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) pandan w ap
itilize Föm 1-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, epi suiv eksplikasyon pou föm nan. Si ou fè demann yon
SSN nan Pati 2 (Atik 13.a-17.b) nan Fòm l-765, epi nou apwouve aplikasyon ou an, USCIS ap transmèt done sa
yon fason elektwonik bay Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration, SSA), epi SSA ap ba
ou yon SSN epi l ap remet ou yon kat Sekirite Sosyal. SSA ap voye kat Sekirite Sosyal ou a direkteman pa
lapòs nan adrès ou bay nan Föm I-765 la. Jeneralman se moun ki otorize pou travay Etazini yo bay nimewo
Sekirite Sosyal. Yo itilize nimewo Sekirite Sosyal la pou rapòte salé w bay gouvènman an, epi detèmine
kalifikasyon w pou avantaj Sekirite Sosyal.
Si ou pa fè demann yon SSN nan Föm I-765 ou a, ou kapab aplike pou yon SSN apre ou resevwa EAD ou a nan
men USCIS pandan w ap suiv eksplikasyon ki sou paj entènet SSA a Kat ak Nimewo Sekirite Sosyal.
Mizajou nan Adrès
Si w ap viv Etazini pandan plis pase 30 jou ou dwe deklare adrès fizik ou nan Etazini. Ou kapab chanje adrès
ou a sou entènèt epi fè mizajou nan adrès ou a sou nenpòt aplikasyon ak petisyon ou genyen k ap tann nan
menm moman pandan w ap itilize sistèm Chanjman Adrès Sou Entènèt USCIS. Ou dwe siyale yon chanjman
adrès nan dele 10 jou apre w vin Etazini oswa sou teritwa li yo.
Metöd pou chanje adrès nou mete anwo a ap fè mizajou nan dosye a nan USCIS pou tout aplikasyon,
petisyon, oswa demann ou genyen k ap tann, epi ou ajoute nimewo resi pou li sou föm nan.
Li enpötan pou ajoute nimewo resi a pou nenpöt dosve ou ap tann nan USCIS avek demann chaniman adrès
ou a, konsa nou kapab fè mizajou nan adrès ki asosye avek dosye sa yo. N ap voye dokiman sekirize yo nan
adrès ki sou dosye a. Ou kapab jwenn nimewo resi a sou avi resepsyon (Fm I-797C, Avi Aksyon) nou te remèt
aprè w te fin depoze demann oswa petisyon ou an. Nou voye avi resepsyon an nan adrès ki ekri sou
aplikasyon oswa petisyon an.
Lè w Fini ak Libète sou Kondisyon ou an
Si w deja gen yon libète sou kondisyon nan Etazini, libète sou kondisyon ou an ap fini otomatikman si:
• Ou kite Etazini; oswa
• Peryod libète sou kondisyon ou a ekspire.
DHS ka deside kanpe libète sou kondisyon ou an selon sa li deside pou lòt rezon, tankou lè ou vole nenpòt
Iwa nan Etazini. Moun ki gen libète sou kondisyon yo ki ekspire dwe kite peyi a poukont yo. Nou ap mete nan
pwosedi ranvwa moun nou rankontre Etazini apre libète sou kondisyon yo fini.
ADVERTISEMENT
Monise Saint LotJun 10, 2023
yo pa reponn ou vre depuis avril mwen ekri e paka message yo enkor yo dim gin 2 pending message rele nan telephone yo dim case mwen yo nan normal processing time I have to wait
