Joe Biden
Jun 9, 2023
Kontakte USCIS Konsenan Föm i-134A
Nou rekòmande pou poze kesyon yo pandan w ap voye yon mesaj sekirize apati kont sou entenet USCIS ou a.
Ou ka kontakte Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833). Nimewo pou moun ki p ap viv
Etazini se 212-620-3418. Pou jwenn plis enfömasyon, gade anba a nan kesyon moun poze souvan yo.
K. Kisa pou m fe si m gen yon pwoblèm pou gen akse ak kont mwen oswa m bezwen relanse modpas
mwen?
R. Tanpri itilize fom sou entènèt pou jwenn èd nou an.
K. Si mwen bezwen fe yon demann sou dosye mwen an oswa mwen gen yon kesyon jeneral konsènan
kont mwen an, kòman m kapab kontakte USCIS?
R. Pi bon fason pou kontakte nou depann sou kalite demann ou genyen an. Si w bezwen korije enfömasyon
sou Föm 1-134A, ou dwe voye yon mesaj sekirize pandan w ap itilize kont sou entènèt USCIS ou a. Pou kesyon
jeneral oswa demann konsenan estati yon Föm I-134A, ou kapab voye yon mesaj sekirize apati kont USCIS ou
a, oswa rele Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833). Si w p ap viv Etazini, ou kapab jwenn
Sant Kontak USCIS nan +1-212-620-3418
K. Si mwen (yon sipòte) mete yon adres imel ki pa körek pou benefisye a sou Föm I-134A, ki fason ki pi
rapid pou soumet koreksyon an epi fe USCIS revoye imel pou Akse ak Kont lan bay benefisye a?
R. Konekte sou kont USCIS sou entènèt ou a, ale nan ongle "Notices" (Avi) epi itilize fonksyonalite
"Unsolicited Evidence" (Prèv yo Pa t Mande) pou ajoute yon lèt sipôte a siyen alamen (li pa dwe siyen I yon
fason elektwonik). Lèt la dwe:
• Eskplike adrès imel ou te mete pou benefisye a sou Föm I-134A pa t körèk; epi
• Ou mande pou USCIS fè mizajou nan adrès imel benefisye a epi voye Avi pou Kont USCIS nan adrès imel
benefisyé a genyen ki körëk.
Sonje: Let la dwe gen ladan I toulède, sa vle di adrès imel orijinal la ak sa ki pa körek ou te mete sou Föm l-
134A epi mizajou ki fet la, koreksyon ki fet adres imel benefisye a. Kenbe let orijinal ki siyen an pou si nou ta
bezwen I pi devan.
Apresa, ou dwe voye yon mesaj sekirize apati kont sou entenèt USCIS ou a:
1. Konekte sou kont sou entenet ou a, chwazi nan meni k ap dewoule a "MyAccount" (Kont Mwen an),
apresa chwazi Inbox (bwat resepsyon);
2. Chwazi "New message" (Nouvo Mesaj), apresa "A case already filed online" (Yon dosye ki ranpli anliy deja);
3. Chwazi nimewo resi ou a pou Föm I-134A, Demann sou Entènèt pou ou ka vin yon Sipòte ak Deklarasyon
Sipò Finansye, nan meni k ap dewoule a; epi
4. Di nan mesaj ou a benefisye a bezwen chanje adrès imèl li a, epi ou te ajoute prèv yo pa t mande. Mesaj
la dwe gen ladan I toulède, sa vle di adrès imèl orijinal la ak sa ki enkörèk la epi mizajou ki fet la,
koreksyon ki fet adrès imel benefisye a.
Nou pral egzaminen demann ou an, epi fè mizajou ki apwopriye, epi n ap voye yon kopi Avi sou Kont USCIS
pandan n ap itilize adrès imèl ou mete ajou a epi ki körëk. Epitou, n ap voye yon imël k ap fë w konnen nou
rezoud pwoblèm la.
K. Kijan mwen kapab korije enfömasyon ki nan paspò m nan Föm I-134A?
R. Si nou konfime deja Fòm 1-134A sipôté ou a soumèt, epi enfömasyon li mete konsènan paspò w la pa körèk,
w ap bezwen itilize kont sou entenet ou a pou:
• Ajoute yon kopi paspò ki valid ou a, epi ki pa ekspire kòm Prèv yo Pa t Mande (Unsolicited Evidence) nan
onglé "Notices" (Avi); epi
• Voye yon mesaj pou USCIS apati Inbox (Bwat Resepsyon) ou. Nan mesaj la, ou dwe endike ou soumèt
prev pou korije enfomasyon konsenan paspò w la.
Ou ap resevwa yon repons nan bwat resepsyon ou a. Pinga ou soumèt atestasyon ou yo bay CBP jiskaske nou
reponn ak demann pou fe mizajou nan enfomasyon konsenan paspo w la. Si w soumet enfomasyon yo anvan
ou resevwa yon repons nan USCIS li kapab afekte otorizasyon pou vwayaj ak demann pou libète sou
kondisyon ou a.
K. USCIS konfime Föm I-134A mwen an, men nou poko kontakte benefisye mwen an. Kisa mwen dwe
fë?
R. Si benefisye ou a pa resevwa yon avi sou imel li, ou dwe verifye Föm 1-134A la, epi asire w ou te bay adrés
imel ki körek la. Si adres imel la körek, benefisye a dwe verifye espam li a ak bwat ki gen kontni endezirab yo.
Menm si nou paka reponn kesyon pou ka espesifik, an jeneral, nan sitiyasyon kote benefisye a pa resevwa Avi
pou Kont li a, rele Sant Kontak USCIS. Nimewo pou moun ki p a viv Etazini se +1-212-620-3418. Yon löt bö,
sipôté a kapab voye yon mesai sekirize pou USCIS konsenan pwoblem I ap rankontre atrave pwöp kont USCIS
li, epi apre nou fini ak pwosesis verifikasyon an, nou kapab voye Avi pou Kont la sou imel benefisye nou gen
nan dosye a.
Si adrès imel la pa körêk, konekte sou kont USCIS ou a sou entènèt, epi ale sou onglé "Notices" (Avi) epi itilize
fonksyonalite "'Unsolicited Evidence" (Prèv yo Pa t Mande) pou ajoute yon lèt sipote a siyen alamen (li pa dwe
siyen I yon fason elektwonik). Lèt la dwe:
• Eskplike adrès imel ou te mete pou benefise a sou Föm I-134A pa t körèk; epi
• Ou mande pou USCIS fè mizajou nan adrès imel benefisvè a epi voye Avi pou Kont USCIS nan adrès imèl
benefisye a genyen ki körek.
Sonje: Lèt la dwe gen ladan I toulède, sa vle di adrès imel orijinal la ak sa ki pa körèk ou te mete sou Föm l-
134A epi mizajou ki fet la, koreksyon ki fët nan adrès imel benefisye a. Kenbe let orijinal ki siyen an pou si nou
ta bezwen l pi devan.
Si benefisye a toujou pa kapab jwenn avi yo, li dwe kontakte Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283. Nimewo
pou moun ki p ap viv Etazini se +1-212-620-3418.
ADVERTISEMENT
Sophia DoryJun 10, 2023
mw bezwn yo reponn mw rapide
