Community

Resous pou Moun ki Viktim Abi, Vyolans, oswa Eksplwatasyon
Tanpri remake benefisye yo pa gen obligasyon pou remèt köb, ranbouse, travay, sèvi, oswa bay sipòté a löt konpansasyon paske li ranpli Föm 1-134A nan non l oswa paske li ba li yon sipò finansye pandan li Etazini a. Akse ak pwosesis yo gratis. Ni sipote a ni benefisye a pa gen obligasyon pou peye gouvenman Etazini a yon frè pou Föm 1-134A. Fe atansyon ak tout magouy oswa potansyel eksplwatasyon nenpöt moun k ap mande w lajan ki asosye ak Föm I-134A, oswa pou patisipasyon w nan pwosesis sa yo DHS rekömande pou suiv mezi sa yo pou evite entimidasyon: • Evite moun k ap pwomèt ou pou "vin Etazini tousuit" si w peye gwo kantite lajan. • Toujou kenbe paspò w ak löt dokiman idantite w nan men w. • Si w gen enkyetid konsenan moun ki ranpli Föm |-134A nan non w, epi li pa yon oganizasyon oswa antite ki gen otorizasyon legal, oswa reprezantan legal, ale sou paj entènet Magouy. Fwod, ak Move Konpötman. Rele Liy Asistans pou Komes Moun ki fonksyone 24 sou 24 nan 1-888-373-7888 oswa siyale yon ijans bay fös lalwa pandan w ap rele 911. Viktim komes moun, menm si moun nan se yon sitwayen Etazini oswa li pa yon sitwayen, yo kalifye pou ed ak sevis nan imigrasyon Gen plizye föm abi ak eksplwatasyon, li gen ladan I vyolans domestik, maryaj fose, ak komes moun. Etazini, gen lwa ki ka ede w evite oswa chape ak sitiyasyon kote y ap abize w. • Vyolans Domestik se yon model konpötman nan yon relasyon kote moun nan itilize I pou genyen oswa kenbe pouvwa a sou yon patne entim, paran, oswa timoun. Abi domestik la ka enplike menas oswa menas fizik, seksyël, emosyonël, finansye, oswa sikolojik. • Maryaj föse si maryaj la fêt san konsantman youn (1) oswa toulède moun nan maryaj la. Konsantman vle di ou bay tout ako w, yon fason ki lib, epi ou enfome sou ako pou marye avek mari/madanm ki prevwa a, epi ou okouran sou moman maryaj la. Maryaj fose a ka fet le manm fanmi a oswa löt moun itilize abi fizik oswa emosyonel, menas, ba ou fo enfomasyon pou föse w marye san konsantman w. Pou jwenn plis enfomasyon sou maryaj föse, tanpri ale sou paj entènèt Maryaj Föse. • Komes Moun enplike eksplwate yon moun pou föse I fe seks pou lajan oswa föse I travay. Jeneralman pou yo konsidere komes moun nan, eksplwatasyon sa a dwe fet le yo föse w, gen fwod, oswa yo fë w menas. Sepandan, si yo föse yon moun ki poko gen 18 lane pou fe seks pou lajan, yo konsidere I tankou trafik moun, menm si pa yo pa föse I, pa gen fwod, oswa yo pa fè l menas. Si ou te viv oswa ou gen laperez pou maraj föse, volans domestik, komès mouns, oswa löt abi, tanpri kontakte resous ana a pou resevwa ed gratis nan lang ou a: • Liy Asistans Nasyonal pou Vyolans Domestik: 800-799-7233, 800-787-3224 (TTY), www.ndvh.org& Sant Nasyonal pou Timoun yo Pa We ak Timoun y ap Eksplwate: 800-843- 5678, www.missingkids.com • Sant Nasyonal pou Viktim Krim: 800-394-2255, 800-211-7996 (TTY), www.victimsofcrime.org • Liy Asistans Nasyonal pou Komès Moun: 888-373-7888, Voye mesaj nan: 233733