Live webinar
Responding to EB-2 NIW RFEs: Real-Time RFE Data & Strategies
Live webinar with Immigration Attorney, Judy Chang
Tuesday, May 26, 2026
12:00 PM EST
Save your spot here!

Community

Timoun ki Pa Akonpanye
Timoun ki poko gen 18 lane k ap vwayaje san paran oswa responsab legal yo pa kalifye pou otorizasyon vwayaj ki bay alavans oswa libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo. Depi li rive nan yon pò rantre nan Etazini, yon timoun ki p a vwayaje avek paran oswa responsab legal li ka transfere sou responsabilite Depatman Sante ak Sevis Sosyal (Health and Human Services, HHS), jan Iwa 2008 sou Reyotorizasyon Pwoteksyon Viktim Komes Moun mande sa. Pou jwenn plis enfömasyon, tanpri vizite paj web HHS Timoun ki pa Akonpaye yo. Köm li pa kalifye pou resevwa otorizasyon vwayaj ki bay alavans nan kad pwosesis sa yo, timoun ki pa vwayaje ak yon paran oswa yon responsab legal men ki vin Etazini pou rankontre yon paran oswa yon responsab legal ka prefere chèche libète sou kondisyon atrave pwosesis nòmal Föm l-131 an. Nan pwosesis pou libète sou kondisyon ki nan Föm I-131, timoun ki vle vwayaje san yon paran oswa yon responsab legal ap bezwen yon otorizasyon alekri nan men tout adilt ki gen gad legal timoun nan (li gen ladan I paran oswa responsab legal) pou vwayaje Etazini. Prèv ki vini avek Föm I-131 ap bezwen gen ladan I vale tan timoun nan ap rete Etazini ak prèv relasyon ki genyen ant timoun nan ak paran oswa responsab legal ki Etazini a. Si responsab legal la bay otorizasyon I alekri, moun ki f demann lan dwe ajoute prèv responsabilite legal yon otorite nan gouvènman an bay. Anplis, aplikasyon an dwe gen ladan I yon deklarasyon sou relasyon timoun nan genyen ak moun k ap ranpli Föm 1-131 a, epi si moun nan gen entansyon pran swen epi pran gad timoun nan Etazini, oswa reyini timoun nan avèk paran oswa responsab legal li gen Etazini. Pou jwenn plis enfomasyon, tanpri ale sou paj Gid sou Prèv pou Këk Kalite Libète sou Kondisyon pou Rezon Imanite oswa Avantaj Piblik Enpòtan, li gen enfömasyon sou kondisyon pou fe demann libète sou kondisyon pou timoun. Ou ka fè demann yon egzansyon frè lè w ap soumèt Föm I-131 pou yon timoun jan li dekri nan paragraf ki anwo a. Pou jwenn plis enfomasyon sou fason pou fè demann yon egzansyon frè, tanpri ale sou sit entènèt Föm I-912, Demann pou Egzanpsyon Frè