Joe Biden
May 27, 2023
Timoun ki Pa Akonpanye
Timoun ki poko gen 18 lane k ap vwayaje san paran oswa responsab legal yo pa kalifye pou otorizasyon
vwayaj ki bay alavans oswa libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo. Depi li rive nan yon pò rantre
nan Etazini, yon timoun ki p a vwayaje avek paran oswa responsab legal li ka transfere sou responsabilite
Depatman Sante ak Sevis Sosyal (Health and Human Services, HHS), jan Iwa 2008 sou Reyotorizasyon
Pwoteksyon Viktim Komes Moun mande sa. Pou jwenn plis enfömasyon, tanpri vizite paj web HHS Timoun ki
pa Akonpaye yo.
Köm li pa kalifye pou resevwa otorizasyon vwayaj ki bay alavans nan kad pwosesis sa yo, timoun ki pa
vwayaje ak yon paran oswa yon responsab legal men ki vin Etazini pou rankontre yon paran oswa yon
responsab legal ka prefere chèche libète sou kondisyon atrave pwosesis nòmal Föm l-131 an. Nan pwosesis
pou libète sou kondisyon ki nan Föm I-131, timoun ki vle vwayaje san yon paran oswa yon responsab legal ap
bezwen yon otorizasyon alekri nan men tout adilt ki gen gad legal timoun nan (li gen ladan I paran oswa
responsab legal) pou vwayaje Etazini.
Prèv ki vini avek Föm I-131 ap bezwen gen ladan I vale tan timoun nan ap rete Etazini ak prèv relasyon ki
genyen ant timoun nan ak paran oswa responsab legal ki Etazini a. Si responsab legal la bay otorizasyon I
alekri, moun ki f demann lan dwe ajoute prèv responsabilite legal yon otorite nan gouvènman an bay.
Anplis, aplikasyon an dwe gen ladan I yon deklarasyon sou relasyon timoun nan genyen ak moun k ap ranpli
Föm 1-131 a, epi si moun nan gen entansyon pran swen epi pran gad timoun nan Etazini, oswa reyini timoun
nan avèk paran oswa responsab legal li gen Etazini. Pou jwenn plis enfomasyon, tanpri ale sou paj Gid sou
Prèv pou Këk Kalite Libète sou Kondisyon pou Rezon Imanite oswa Avantaj Piblik Enpòtan, li gen enfömasyon
sou kondisyon pou fe demann libète sou kondisyon pou timoun.
Ou ka fè demann yon egzansyon frè lè w ap soumèt Föm I-131 pou yon timoun jan li dekri nan paragraf ki
anwo a. Pou jwenn plis enfomasyon sou fason pou fè demann yon egzansyon frè, tanpri ale sou sit entènèt
Föm I-912, Demann pou Egzanpsyon Frè
ADVERTISEMENT
