#biden
New Update news
#Immigration : Nouvèl ki sòti #Texas yo anpil, nan jounen Jedi 24 Dawou a. Se te gwo batay agiman sou agiman pou konnen eske Pwogram #Biden lan ap kontinye oubyen non.
Men kèk gwo batay agiman ki kontinye ap fè kolònn anpil jounal #Ameriken jounen Jedi a, kote 20 #State te mete ansanm pou trennen Gouvènman nan tribinal pou Pwogram nou bay ti non « Pwogram Biden » lan:
🔶 Gouvènman Federal la ak lòt gwoup ki ap defann Pwogram lan fè konnen pwogram sa se yon siksè, li ede rezoud kriz ki genyen sou Fwontyè a ak lòt pwoblèm migrasyon.
🔷 Lòt kote #Texas ak lòt lòt #State ki kanpe ankwa kont Pwogram lan deboulonnen yon agiman kòmkwa pwogram lan ogmante pri ki asosye ak krim, prizon epi li bay ekonomi an frap.
🔶 Monika Langarica, youn nan gwo avoka ki te kanpe tennfas kont 20 #State ki kont Pwogram lan te fè konnen agiman sa yo pa kanpe sou anyen, yo tout se manti okontrè Pwogram lan bay ekonomi an jarèt, li ede tou kouvri pwoblèm travay.
🔶 Me Monika @mylangarica ki te etidye dwa nan University of Southern California and UC Berkeley School of Law, te rale yon lòt agiman ki te bay yon ti silans nan sal lan, lè li te fè konnen sa gen plis pase 70 lane depi lwa bay prezidan Ameriken otorite pou bay yon peyi ki gen pwoblèm « Parole ».
Yon lòt kote pandan 20 State sa yo ki kont Pwogram lan ap voye pye sou « Humanitarian Parole » ki bay pou Cuba, Haiti, Nicaragua ak Venezuela,
Yo pa lanse yon grenn mo sou « Humatarian Parole » Gouvènman te bay ak #Ikrenyen yo sa preske gen 2 lane.
Pou fini, Gouvènman Federal la pa konte fè bak sou objektif li ki se bay « Humanitarian Parole » ak peyi li deziye yo jiskaske yo realize li pa enpòtan ankò,
Yo deklare nan yon atik @APNews si tout fwa Jij Drew Tipton ——
ki se yon Jij Trump te nonmen—ta pase yon vitès siperyè, Gouvènman tou avize lap pase doub li, pou ale nan « Appeal ».
Ebyen, pandan nap tann lòt update, ann bay lide nou, « Like » ann pataje!
#Texas #Immigration #Venezuela #Haiti #Nicaragua ##Cuba