V A
Aug 24, 2023
New Update news
#Immigration : Nouvèl ki sòti #Texas yo anpil, nan jounen Jedi 24 Dawou a. Se te gwo batay agiman sou agiman pou konnen eske Pwogram #Biden lan ap kontinye oubyen non. Men kèk gwo batay agiman ki kontinye ap fè kolònn anpil jounal #Ameriken jounen Jedi a, kote 20 #State te mete ansanm pou trennen Gouvènman nan tribinal pou Pwogram nou bay ti non « Pwogram Biden » lan: 🔶 Gouvènman Federal la ak lòt gwoup ki ap defann Pwogram lan fè konnen pwogram sa se yon siksè, li ede rezoud kriz ki genyen sou Fwontyè a ak lòt pwoblèm migrasyon. 🔷 Lòt kote #Texas ak lòt lòt #State ki kanpe ankwa kont Pwogram lan deboulonnen yon agiman kòmkwa pwogram lan ogmante pri ki asosye ak krim, prizon epi li bay ekonomi an frap. 🔶 Monika Langarica, youn nan gwo avoka ki te kanpe tennfas kont 20 #State ki kont Pwogram lan te fè konnen agiman sa yo pa kanpe sou anyen, yo tout se manti okontrè Pwogram lan bay ekonomi an jarèt, li ede tou kouvri pwoblèm travay. 🔶 Me Monika @mylangarica ki te etidye dwa nan University of Southern California and UC Berkeley School of Law, te rale yon lòt agiman ki te bay yon ti silans nan sal lan, lè li te fè konnen sa gen plis pase 70 lane depi lwa bay prezidan Ameriken otorite pou bay yon peyi ki gen pwoblèm « Parole ». Yon lòt kote pandan 20 State sa yo ki kont Pwogram lan ap voye pye sou « Humanitarian Parole » ki bay pou Cuba, Haiti, Nicaragua ak Venezuela, Yo pa lanse yon grenn mo sou « Humatarian Parole » Gouvènman te bay ak #Ikrenyen yo sa preske gen 2 lane. Pou fini, Gouvènman Federal la pa konte fè bak sou objektif li ki se bay « Humanitarian Parole » ak peyi li deziye yo jiskaske yo realize li pa enpòtan ankò, Yo deklare nan yon atik @APNews si tout fwa Jij Drew Tipton —— ki se yon Jij Trump te nonmen—ta pase yon vitès siperyè, Gouvènman tou avize lap pase doub li, pou ale nan « Appeal ». Ebyen, pandan nap tann lòt update, ann bay lide nou, « Like » ann pataje! #Texas #Immigration #Venezuela #Haiti #Nicaragua ##Cuba
16
ADVERTISEMENT
Jefferson EmmanuelAug 24, 2023
Nou gen espwa toujou m sot gade article sa
God is good💕💕usa 🇺🇲🇺🇲🇺🇲🇮🇱🇮🇱Aug 24, 2023
Jésus nan bak la zanmi fanmi m yo nou pa peur
lady wealth covering minouaAug 24, 2023
racist yo racist konsa oui. lheur venezuelien ak Nicaragua te nan program biden nan Selman yo pat janm voye pye. Lheur yo ouvri porte pou ukraine ale usa ,yo pat janm voye pye . kou haiti ladanl.ak Cuba ki.plein moun noir ladanl yo pyafe . yo voye pye . mandew sa moun noire fe yo ou pa konnen
V AAug 25, 2023
Yh bro @Jefferson Emmanuel
V AAug 25, 2023
Klè 💯 @Ramy Accile
V AAug 25, 2023
@Francois juliana Gyèt yo men Gouvèman Biden nan si yo pral nan kou dapèl pou pran tout desizyon paske Jij sa abitye bloke bagay yo deja pou l paka bloke program nan
lady wealth covering minouaAug 25, 2023
@V A (Ton Biden) oui se moun Trump li ye. juge sa Kanpe anpil program deja. m songe dame IFSI a tap pale ke Obama gen yon program republicain sa yo femen depi 2008, jiskaprezan program sa pa janm repran anko
S
Sassy AAug 25, 2023
Ou ta bay mèt atik la kredi kanmenm 😥
lady wealth covering minouaAug 25, 2023
@Sassy A lol
V AAug 25, 2023
@Sassy A pa pale sòw pa konnen mwen ak mèt li se 2 frè poze bon kesyon mèsi 😂😂😂😂
V AAug 25, 2023
Wi miche ap fè dezòd @YAHWEH YAHWEH Men yo pa kenbel non li gen Amand li ap peye
S
Sassy AAug 25, 2023
@V A (Ton Biden) mwen pa mande w si l se frè w ou pa. M jis raple w pou aprann bay kredi. Li te mèt te moun ki te mete w sou tè yo, fò w bay kredi. Nou Ayisyen parèy mwen yo gen defo pa renmen bay kredi twòp. Sa sa koute w si w met non frè w la anba l? Lè w rive Amerika pa vin fè l konsa non, paske yo pap pran l nan men w. Wap peye chè nan kopye afè moun san kredi.
V AAug 25, 2023
😂😂😂😂😂😂 mèsi anpil @Sassy A
V AAug 25, 2023
bon wap pale ou pa menm konn ak kiyès wap pale @Sassy A epi banm bòw yon ti konsèy pandan wap pale de pa bay kredi mwen santiw pa viv sou Lawfully an twò lontan menw gentan vle kanpe an gwo defense regle sòw gen pou regle sou Lawfully se mwen ak 2 lot moun ki bay info la paske se pa tout moun ki sou Twitter so lèw pagen anyen serye pou w di pa vin kòmante paske sa map fè la se pou plezim fèl epi w mal plase pou w ap dim sa pou fè or kiyès poum bay yon kredi tandiske mèt post lan twò lontan travay map fè a e ou pa menm konnen m kiyès mwen ye menw vin pale se prob nou sa Ayisyen nou toujou gen yon ti san pran pòz eklere nou pou defan sak pa menm fè w de dwaw mèsi m espere w konprann.
S
Sassy AAug 25, 2023
@V A (Ton Biden) Ou mèt pale tout lòt pawòl ou vle men topik la pap chanje lol. Se kredi yo di w bay 😄
V AAug 26, 2023
Ou funny anpil wi 😂😂 @Sassy A Ou gen prob pou yon post ki ap itil yon pakèt moun Dorvilien pap fè sa wap fè a ni pap gen prob ak sa Depi lè program nan kòmanse a map pataje info ak tout moun so se mèsi tout moun ap di,lè ton enfo itil ou pap fè kòb dayè m pa jounalis ok so m jis pataje sa kap itil ak tout moun yo menm ou la wap rele anmwey pou kredi kòm kwa map fè fòtin ak enfo a mwen konprann ou m pap okipe move Ayisyen tanw pale anpil poukiw pa al regle afèw anpil moun bezyen enfo a ou menm ou gen kote poul al pran al kote Dorvilien dil yo ap vòlè enfo li yo yo pa bay kredi epav.

Popular hashtags