#uscis

Atansyon ! Atansyon!
Mwen espere tout moun anfòm malgre tout bagay. mezanmi sonje kijan anpil ayisyen ye (pwofitè), nou dwe entèlijan pou yo pa bon sou nou. anpil bagay ap fe pale anpil sou rezo a, men kèk : - Booster Case : pa okipe moun kap mandew lajan pou yo booster case ou. Pa gen sa vre. sa ka rive yon moun edew verifye si pat gen erè nan aplikasyon an, men li paka garantiw ke lap fè yo reponn ou pi rapid. - pwogram lan kanpe : pwogram lan pa kanpe. sonje se pa tout moun ki bon kap pataje sa ak lòt moun, e sonje tout nèg ki sou twitter yo pa gen numewo tout moun ki aplike. donk yo pa gen kenn otorite ni ase prèv pou di men ki dat kap mache, men ki dat ki pap mache. - Lawfully : pa bliye, menm lawfully diw algorithm yo a pa gen ase done pou ta predi jan case yo ap mache. anplis, yo di w yo pa gen kenn rapò ak USCIS. donk pa touye tèt nou lè nou pa gen GEMS. Sonje se pa sèl lawfully ki egziste kòm case tracker, gen moun ki utilize lot yo, konsa gen moun se sou website la dirèk yo tcheke case statu yo. Konsèy: - rete tèt frèt, aprann, siw nan university pa kanpe etid la paske yo fill pou ou. ou ka sezi wèw tap gentan fini. - pasyans, pasyans, sonje leta ameriken pa dwe w anyen. e yo paka annik pran tout moun voup yon sèl kou, se sak fè gen QUOTA chak mwa. pa fè fwod, pa bay moun lajanw pou gran mesi. - Toujou sonje. kit pozitif, kit negatif, wap jwenn yon repons kanmenm. e gen plis apwouval gen moun yo deny case yo. #USCIS #I134 #Haiti
11

Sort