Mackendy Celestin
Aug 11, 2023
uscis HQ
gen anpil moun sou tout rezo sosyal yo kap mande kisa ki uscis HQ a paske anpil nan yo kite nan nationale benefit centet oubyen lòt sant vire an uscis HQ ebyen zanmim yo mwen pral eklèsi nou pou nou konnen kisa uscis HQ a ye vrèman vre pou nou kòmanse uscis HQ se yon sant kote yo finn trete dosye yo epi yo transfere yo nan uscis HQ depi se moun ki wè dosye yo chanje nan uscis HQ sa vle di dosye a finn trete men yo transfere yo nan sant uscis HQ a pou yo ka pran yo nan nan 7500 moun yap pran pa mwa a uscis HQ pa depan de moun ki la avan ou ka te la an janvye epi yon moun te la an juillet epi dosye moun sa trete avanw epi yo transfere dosye moun sa nan uscis HQ a kidonk sa pa vle di tou lòt moun ki nan lòt sant yo pap bon yo tout ap bon men uscis HQ a se yon pi bèl espwa li ye pou ou lè wap gade se pa tout case ki chanje gen nan case yo menm siw chanjel ou metel nan uscis HQ li pap chanje vre paske se pa uscis ki chanjel otomatik kidonk yo pap ka aprouve tout dosye uscis HQ yo yon sèl kou paske se 7500 yap pran pa mwa donk lèl gen ti espas tout dosye uscis HQ yo ap pase ou menm ki trouvew nan uscis HQ veye email de tanzantan merci
ADVERTISEMENT
Majorie pierrevilleAug 11, 2023
Croyance DG Mackendy
Hermionn VargasAug 11, 2023
Koman pou m konnen si case mwen nan HQ
Mackendy CelestinAug 11, 2023
@H J wap deja wèl anba case ou an kote ou wè national benefite center oubyen lòt sante yo mete a tankou Texas, Californie etc.... se uscis HQ ou tap wè olye se sa yom sot site a ou wè
Romain GeorgesAug 11, 2023
@Mackendy Celestin li lè pou antre USA Pou ka ban nou pi bon info wi bro m sispek ou gen kontak😄 antouka nap tann bro
Frank the StarAug 11, 2023
Brother!!!
mwen aksepte ke tout saw di yo gen anpil verite ladann men mwen pa kwè ke li konsa ak 100%.
paske mwen konnen chak sant kap trete dosye yo gen antyè responsablite pou pran desizyon sou kelke swa dosye.
nan Ka National Benefit lan se vre li pa vreman fè pati de 6 sant ofisyel tretman dosye yo.
mwen vle ajoute poum fè nou konnen ke National benefit plis yon sant de triage (repartition).
sa k rive nan
moman dosye ou an chanje sant lan se leu sa li vreman, nan process pou etud…
men zanmim a 95% ou korèk, mwen t just vle ajoute sa
God is good💕💕usa 🇺🇲🇺🇲🇺🇲🇮🇱🇮🇱Aug 11, 2023
ok mw epi mw te wè pam lan californie mw panse se mw kite chanje l sanm pat konnen ui
Junior Joseph Aug 11, 2023
Broh èskew ka bay sous saw di an 🤔🤔🤔? pandan wap disa gen sou téléphone ou ka wèl nan yon sant epi sou yon lòt phone li nan yon lòt malgrel application an update.
Mackendy CelestinAug 11, 2023
@Junior Joseph non monchè map palew uscis HQ a depiw wèw la ou la nèt nan kèlke swa tlf nan
Youngdov JeanAug 11, 2023
@Mackendy Celestin bro HQ vle di Headquarter epi difinition headquarter se office principale donk saw di la pa gen okun rapo ak vitess aplikasyon non man ou pa janm poste anyen ki bon but ou jis pran tanw ap ekri makak epi sonjem diw Lawfully pa USCIS se menm jan ou te ka fe on app paw ou bal on nom
Youngdov JeanAug 11, 2023
@Mackendy Celestin bon sa wap di konsa man🤣🤣😂😂 neg tankou wap bay neg manje lajanw anpil epi wap tou korije😂😂
Mackendy CelestinAug 11, 2023
@Youngdov Jean podyab pou ou wap tradwi anglè a mo a mo ou konnen anglè pa tradwi konsa epitou chak pòs mwen fè se andan uscis li soti wi mwen abòne ak uscis kenpòt sak tonbe a mwen konnen
Youngdov JeanAug 11, 2023
@Mackendy Celestin kote mo a mo sa ye la ?sa vle di kisa HQ vle di pou ou?? kote link wal chache bagay sa yo depiw ka prouve sa m baw vag .
junior Louis CharlesAug 11, 2023
koman wap s'il chanje s'il vous plaît... USCIS HQ
V AAug 11, 2023
Mwen fèk add 2 case timoun mwen yo sou Lawfully an la mwen wè tou 2 se nan HQ yo ye e mwen avèk madanm mwen nou still nan Benefit center
Mackendy CelestinAug 11, 2023
@V A (Ton Biden) HQ a pi rapid
V AAug 11, 2023
ok bro ebyen 2 case timoun mwen yo se la yo ye wi
dada precious Aug 11, 2023
@Dukens Altidor c sam panse tou gen yon connection kanmenm. paske mwen gen 3 moun ki t aprouve c nan app la mwen premier wè sa ke yo aprouve
lady wealth covering minouaAug 11, 2023
@V A (Ton Biden) sa vle di dossier ti moun ou yo transferer nan USCIS HQ a vraiment. depil pa changer pou ou ak madanm ou sa vle di dossier w la tjrs menm kote a
V AAug 11, 2023
Yh @Francois juliana se talè a mwen Add tou 2 case timoun yo sou Lawfully epi m wè se la yo voye dosye yo an
lady wealth covering minouaAug 12, 2023
@V A (Ton Biden) se konsa siw reajouter paw la m sure li ka changer en uscis HQ tou. pam nan se lèm reajouter l li changer pou kont li . Men m we preske 9000 cases pou fevrier a nan uscis HQ a m pa we anpil aprouval non mwen Jan @Mackendy Celestin Celestin di li a
lady wealth covering minouaAug 12, 2023
@Ri cky lew andedan an sa sa vle di ??
V AAug 12, 2023
ok @Francois juliana
lady wealth covering minouaAug 12, 2023
@Ri cky oh okay merci et bien Ann swiv nap gade ki decision yo pral pran ak nou. merci pou explication yo
Aug 12, 2023
epi nan receipt number an format pdf sipòtè mwn an voye pou mwn an, ekri ISCIS HQ wi, men nan lawfully se NBC li ekri
Youngdov JeanAug 12, 2023
@GB GBB 😂😂
Youngdov JeanAug 12, 2023
@Mackendy Celestin pa gen 2 site https://www.uscis.gov/
Fed Bien AimeAug 12, 2023
mezanmi USCIS ki baw info sa ?ki bor ou above li diw sa?Twitter?Fb?sou sit la?hummmmmm A Dieu pou Parole la
clarens RuudAug 12, 2023
pam nan te moute HQ dwet mwn tonbe sou yon bagay après yo dim chwazi sant sèvis mchwazi nenpot epim siprime app la mwn remetel epim jwenn uscis HQ a mwn mete l sou li ankr eske sa son pwoblèm@Mackendy Celestin svp dim??
Mackendy CelestinAug 12, 2023
@ruud Delicat li pa problèm menm siw efasel ou mete lòt sant wap toujou wèl monte nan uscis HQ a paske li transfere nèt konnye a se tann pou wè ki desizyon yo pral pran avèw
Mackendy CelestinAug 12, 2023
@Gerardo OXCILHOMME li te deja transfere se update li pat update lèw siprimel ou metel ankò li tou update
clarens RuudAug 13, 2023
@Mackendy Celestin mèsi pou eklèsismanw pote pou mwn an😇
Manes SuplianAug 18, 2023
ooohh merci anpil frèm pou eklèsisman ,, 🙏🏾 paske matin an mw wè pam lan nan uscis HQ mw tal bay têt mw problèm paske sepa mw ki te virel ladanl
Alti AltesSep 11, 2023
enfòmasyon sa pa valab paske mgen 3 aplikasyon ki te ali dirèk nan USCIS HQ depi mwa Jen pou jis kounya yo poko aprouve. mwen ajoute yon aplikasyon 7 Septanb li ale dirèk nan USCIS HQ. se paske yo ajoute plis anplwaye nan USCIS HQ pou kontrole dosye yo. ki donk nenpòt kote dosye ou a ye ou gen chans pou aprouve. epi se jiska 30000 yo pran pa mwen se pa 7500.
