lady wealth covering minoua
Aug 1, 2023
Update case nou ti moun.
selon Touwill chinwa #News: ou menm ki gen plis ke 140 , 150 , 160 , 170 jou ap tann e-mail ki poko ka jwenn yon repons pa panse se yon pwoblèm dosyew la genyen , li trè senp fè sponsò ou a ajoute yon nouvo moun sou case ou an epi #USCIS ap pwofite trete dosyew la pi rapid 🙏 #LIKES#RETWEET See new Tweets Conversation TOUWILL CHINWA . @touwillchinwa Map presize pi byen pou moun ki pat two konprann yo , selon eksperyans pam m jwenn anpil benefisyè ki pataje kes konfime avèm kote yo dim se alèd 2 nouvo aplikan sponsò yo a vin ajoute sou kes yo ki pèmèt yo jwenn yo repons rapid , men fok sponsò a gn ase mwayen pran chans ou 🙏
ADVERTISEMENT
Tiyo ElisAug 1, 2023
E moun ki pa ajoute moun yoki aprouve yo .Imigrasyon pa janm pran presyon naan men moun , moun yo tap aprouve ki fer yo aprouve se konsa yo tap di pou moun mete 2 aplikasyon pou yo kap aprouve kon yo mete 2 aplikasyon se cancel yo cancel kes yo .
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@Tiyo Elis et bien mwen m pa ajouter moun non baz paske support sponsor mwen an se pou nou deux ak tèt li li genyen li. Men misye pale de experience li fe ak moun ki share case ak li chak jou. songe yon lheur uscis te di gen dossier ki te perdu sou system nan yon lheur li te fè update pou sa. Selon experince misye fe ak pifo moun ki partager case avel ajouter grenn moun nan sanbler update case lot moun ki ta la lontan lontan sa yo epi par Rapport ak moun ki fek ajoute a sak te la yo tou jwenn aprouval. paske menm lawfully montrer li juillet a gen anpil aprouval ladan.
News update Aug 1, 2023
pa okupe moun tande kap fe nou fou !
♍️ @udji 😍😍Aug 1, 2023
sa w di ya se just chance, chaje moun ki fèl, se kek moun ki jwenn rezilta
J
John W PierreAug 1, 2023
hmmmm bagay yo anpil . God faithfully 🙏
rose scorahAug 1, 2023
risk LA se LA l ye a .... le sponsor a fin add lot LA, mal chans pu sakap tan depi 5 a 6 mwa yo denied li epi u mem yo add LA yo reponn... hahaha m prefere ret komsa ap tan .. lomgtemp yo t di si fill pu mem beneficiary a de fwa yap approve pi rapid ..tout se t bluff ..muem m gem de application nam USCIS m pap add om lot moun m prefere add tet muem pito si ya repon o muem m konem yap repon youn.. si ta gem deny .... a LA kriye mesie pum ta tan gro preske 7 mwa epim nam pa ka tann m fe yo add on lot moun epim yo asepte new moun nam epi yo deny muem 🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣 guys use brain nu bien avant n pram decision
m
monval josephAug 1, 2023
li mache vre wi men se pou moun 20 ak 25 janvier si ou konne se fevrier ou ye ou pa bezwen fèl lap difficile pouw bon
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@Regine Elyse avant yier yo ajouter yon moun sou case ou,epiw gentan vle bon lol. patience pou wè ma kkt
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@monval joseph janw di a vre se date sa yo pou yon moun ta foure kò yo anba yo. de 20 a 25 janvier paske se nan moun sa yo kap.jwenn plus aprouval nan moman an. se sa misye conseiller a vraiment. paske sa fe lontan m wèl ap share case lap.di yon moun sambler se anba moun 20 janvier pou foure kow nan moman an pou aprouver rapid. mwsn m pa anba pyes moun paske supporteur mwen pa gen toute kob sa poul ajouter lot moun man case mwen an. Fok support a bon Sinon se la yap denied case yo
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@rose scorah lol. mwen m la ap.rete tann. m foure kòm pyes kote men m te anpil moun vraiment nan moman 19 ianvier a yo foure ko anba yo pou yo bon. kounye a se moun 20 janvier yo deyè pou yo foure kò yo. m gen yon zanmim.konsa la se papa l ki 20 janvier lap tann aprouver la pou li aprouver tou paske papa a se premier moun sou case la epi yo ajouter yon paket apres misye. alors kou misye bon yo toute ap bon. Supporteur yo a vraiment bon.
m
monval josephAug 1, 2023
@minoua francois men lè wap fè sa se 2 moun pou mete lè sa yap relew pi vite
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@Bettie saint hilaire se moun 20 a 25 janvier oui kap mennen nan moman an. ale gade wap we anpil moun ki bon yo se moun ki anba 20 a 21 janvier,22,23,24,25. m sot ap gade sa la sou twitter depi moun de 20 a 25 janvier bon toute moun ki anba yo, toute bon avec yo se domage m pa ka share image ak nou.mwen m pa ka mete moun anba mwen anko a part de manman mwen ki Avril nan case la. se pa ko moman fevrier se sou chance fevrier bon . se janvier kap fe actualite. kilheur sa m gen pil cousine mw ki te 18 ianvier yo ale USA depi en mai . m di yo sim te konnen m te fourem anba yo m tap tou bon ansanm ak yo
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@monval joseph men fok support yo bon Sinon ou ka pa confirmed. mwen m se fevrier m la mwen ak manman m map tann yo relem
Tiyo ElisAug 1, 2023
Fanmi pam #1 lawfully pa gen okenn rapport ak USCIS , #2 mpot ko janm li nan pyes news ke te gen dossier ki pedi nan uscis, siw dim ayisyen konese yo di gen dosye ki pedi nan uscis map diw m tande sa , si dosye yon moun t pedi nan uscis lew rele yo tap diw yo pa werl , mwen se depi 20 janvier wi m la epi mgen 2 lot caisse ankor nan dat 21,ak 22 mars .lem diw moun sa yo pa pran presyon nan men moun ou konn se manti .Eskey konnen gen moun ki fin approve epi CPBOne desaprouve yo sa vlr di kite bagsy yo ale jan yo prale a paske konn gen de ere moun sa yo fer nan dosye w lew finn rive USA pou regle koze papyew erer a vinn tounen yon fret pou kalew , se ou menm wi kap peye sa .Alor tankou ka pam depi 20 janvier m rele yo 3 fwa yo dim tann se trop demand yo genyen ,m voye 2 email yo pa janm reponn , men koulye a ou pakap ekri yo ankor yo pa bay moun mwayen sa ankor , siw ta vle ekri yo koulye a se yon let pou fer epi upload li nan dosye a depi yo wer alert la monte yap li li paske pou mwen menm yo panse se yon lot document ou voye.
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@Sandra Deriphonse kou yo rive nan moun mois mars ou a ki se premier moun nan koul bon toute moun ap bon ak li. Men li tap pi bon si premier moun nan te janvier
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@Tiyo Elis pitit enfin m ekri yo tou oui kilheur sa en juillet m te fe frem voye yon lettre kòm document ba yo. yo pa ocupem menm lol. dossier yo trop epi yap pran dossier tjrs . Enfin bagay sa sanbler se vag pou moun ba li
Tiyo ElisAug 1, 2023
Mwen vle onet avek ou bagay yo pa fasil non USA nan moman an .si nan anmerde bouda dosye paskem tandeanpil moun ap change aplikasyon yo state , yap voye lot dokiman ale san USCiS pa mande , yap ajoute lot moun bon top nou ajoute yon moun nan yon dosye epil t depote deja epil poko purge peine depotasyon an epi yo aprouve tout moun ki nan caisse la ,ou konn sak pral pase moun sa pral gen poblem poul jwenn kat travay etc…. koulyea li pral sou depotasyon ankor li pral bezwen avoka epi pou konsilte yon avoka se 250 o plis sa vle di pa agrave bagay yo
rose scorahAug 1, 2023
@minoua francois m komtam pu moun sa ..mem sponsor muem gem trop chay su dol ya ...pul ajoute om lot moun mem si yo bal diamond li pap fel . vreman vre mete moun yo epi yo di u ,m gem kote pum ale m pral travail m.pa bezuem aid selman fill papier a pu muem ...mamde God LA padon epi beneficiary a se on mo plan li ka fose sponsor a pram responsab li totally apres l amtre USA epi we lavi di a ui ....nou bay blag sou sa paske n pa konem ki kalite gro chay li ye pu on sponsor mem yo mem ki usa a konem yo ka pram prizon paske immigration pa jouer .. e sak fe mem ras muem prop famille m pa ajouter amba case muem am .. paske m konem fe zez sa ap tounem mal ... kou yo ta rive epi we jam ap viv LA yap kraze fwaye a . kotem ye a marim m pa vle famille haha .. yo ka visite om fwa nam ane a... trop move plan egoist ede lot pu bon coeur yo payer u a malveyan ..lem bon lem river kotem vle river a ma panser nam lot ... m pap sacrificer tet muem pu lot
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@Tiyo Elis @rose scorah oui se yon Gros risk pou sponsor yo oui lheur yo fill pou yon moun. Toute sa moun sa pral fe nan l avenir si se bagay ki pa bon toute sou dos sponsor ki te fill la. M tande sa vre oui tiyo elis ke la vie America vinn di kounye a
rose scorahAug 1, 2023
an pram l jam l vini tet fret ,@minoua francois @Tiyo Elis yo deny case ,nu re mete omlot case amko🤣🤣🤣 le yo vle repon ya repon. .. lheur nou tut ap rive .. nam plede amede kou nou ap fe tout sa YouTube di nu ka tombe nam problem ..gem ampil moun kunia ki regret yo fe fill pu yo 3 fwa si yo t konem yo tap fe new update pu efase case yo patap fe sa ... epi gem pu we e sel noun mem aisien kap bat kó nu komsa .. lot peyi yo rete tramkil ap tan moment tet fret ..
lady wealth covering minouaAug 1, 2023
@rose scorah oui ma cherie merci pou conseil la. M pa trop bat kòm anko ak bagay uscis sa. M just ap tann yo
rose scorahAug 1, 2023
@Tiyo Elis @minoua francois ui Pou nou mem nou pral nam Paradise .. e len komanse fe responsab tet nou nap we lavi dia.. mam gem vi li ap viv lotboa li domi 4h temp selman daily .. lap mamde bondie juem om sugar dady🤣🤣🤣🤣🤣🤣 .. sel responsablite a tet li l gem.. . sponsor m nam pa dako pum travail li gem rezon ui... mem li bel le mari u spoil u problem se le u bezuem al om kote si l pa ba u KOB u paka ale hahaa .. lap gem gro control su u epi jalouzi ... map ret tramkil epi etudier kum ka travail.m travail .
rose scorahAug 1, 2023
e lago kache map fe a USCIS ya m pa streser amko m selman amtre nam lawfully vin fe pès 🤣🤣🤣🤣 olie m rete ap pamser nam email @minoua francois lawfully make our day sometimes
lady wealth covering minouaAug 2, 2023
@Regine Elyse men ma cherie ou pa moun janvier non. se ou pito ki ta dwe anba moun janvier @monval joseph Joseph explikew li bien nan dossier sa. paske yo pa ko rentrer fond nan fevrier a. se kèk moun ki gen chance ki bon nan lot mwa yo. mwa principale la se janvier li ye. mwen m regret m pat foure kòm anba cousine mwen yo ki 18 janvier. depi en mai m tap usa ak yo
lady wealth covering minouaAug 2, 2023
@Regine Elyse m sot ap gade bilan an la pou Jodi a . anpil moun fevrier bon men se moun ki anba 20 janvier genlheur mwen avew ki se frvrier yap reponn nou jis mwa septembre. m te we yon poste ki di uscis rete 15 000 moun li pa ko reponn pou janvier Ann swiv poun we peut etre de aout ak septembre yap fini ak janvier a. pou yo pran fevrier mwen depi 17 fevrier map tann yo la
Jean-Claude pierre marie carchernstAug 2, 2023
se avek case # yo approuvew mois pa vle di anyen vre...paske gen moun ki fill jodi epi nan yon semen li ale,se paske numero IOExxxxxx7890 approuve avan epi lot moun ki pral approuvé a fini par IOExxxxx7891,e moun sa ki gen numero ki fini avek 7891 pa menm haitien li ka cubin,Venezuelan,Nicaraguan,ou yon lot peyi ki nan program Biden case la...ok merci 👍🏿
Jean-Claude pierre marie carchernstAug 2, 2023
pou nou byen kompran IOExxxxx5898 se numero pam lan,moun ki avanm lan se IOE xxxxx5897,si moun poko approuve ebyen mwen poko ka approuve, paske bagay yo fet par ordre numérique et non mensuel. ok 👍🏿☝🏾
lady wealth covering minouaAug 2, 2023
@Pierre Marie carchernst Jean-Claude la wap pale de moun ki en ordre chronologique, mwen pito m fè pati borlèt uscis la paske li pi bon. n importe lheur yap tombe sou dossier m epim tou bon. si se en ordre chronologique La mwen ta ye konnen lot annee ap rive map la tjrs
Tiyo ElisAug 2, 2023
👍

Popular hashtags