Mackendy Celestin
Sep 9, 2023
problèm pou mwen
mezanmi tout fanmim gentan mexique yo pase pa Nicaragua mwen te ale tou men mwen vini mwen santim paka rete mexique paske mwen gen yon vye machine ki anba dèyèm la chak mwen sou li se tonbe mwen wè fanm ap tonbe pou ti machine sa yon acura resan yo men lèm mexique menm si map woule yon mercedes mexicaine yo pa janm gadem se kòmsi se a pye mwen ye se pou rezon sa mwen oblije retounen nan peyim kote fanm ap baw valè pou yon ti bout machine
ADVERTISEMENT
Jojo02 ...Sep 9, 2023
😭😭😭 ou pa ta fèl konsa
Jojo02 ...Sep 9, 2023
@Regine Elyse pa gen de pati non lol li genlè pral nan moun fou anvan lal nan Biden😌
J
John W PierreSep 9, 2023
kontinye konsa pa pranl chak jou epi Lew resi pranl lan pa ale fò, Lèw fin abil nèt wap plus gen kontwol koman pouw use mind Ou.son etap li ye menw pap fou 😛
Romain GeorgesSep 9, 2023
@JohnVétéran💪 Vétéran 😄😄😄
watty watSep 9, 2023
@Regine Elyse m pa wew menm jodia
Micky JSep 9, 2023
map levew nn lapriyè paske janm wèw la , hmmmmmm
boss JoSep 9, 2023
ou genle tap trip sou nou bro 😂😂antouka papa patience frè epi bondye ap delivrew
Jojo02 ...Sep 9, 2023
@Mackendy Celestin Tan non bro, gen bon kou moun mw konen ki te la an fevriye ki bon wi!
Mackendy CelestinSep 9, 2023
@Regine Elyse @Jojo02 ... map tann 2 semèn ankò depi uscis pa dim anyen map fè cbp one mwen poum mande azil pilitik paskem paka tann poum wèm sou ti bout tè america sa
Jojo02 ...Sep 9, 2023
@Mackendy Celestin se América ou ye la wi papa
Mackendy CelestinSep 9, 2023
@Jojo02 ... lè yap pale de etazini yo toujou itilize mo America a pou li se kòmsi lòt peyi yo pa nan Amérique la
Mackendy CelestinSep 9, 2023
poutan mwen wè mexique bèl wi men kòm mwen poko ale usa men si nap fè analiz mexique paka kanpe nan pye usa nan bote
M ASep 9, 2023
😂🤣😅😆
meyi ouiSep 9, 2023
jèn yo tèlman pa kn valè tèt yo ankò, yo bay drive yo jis pou yon roulib machine sa fè gason pa pran fanm serye yo pou anyen tou. Antouka si konsa ou menm kap wèl psk fòk ou fè diferans ak sak bon ou pa bon. e konnen avni yon jèn pa sèlman fèt nan peyi etranje…..😎
C
C FSep 9, 2023
foulay kap touyew neg sa 😃🤣😂
News update Sep 9, 2023
ben ou pa bzwen ap tann e-mail bro paske Kotew pral jwen moun ap gadew 🇺🇸 man fanm pap gadew pou bel machine nn bro ret Haiti Lem rive 🇺🇸 ma voye yon baton moise pou ou pouw k tuye ti Medame yo net Haiti 🇭🇹 zoe 😜😝😜🤪🤪
M
Mr DSep 9, 2023
misye genlè fou
Moun MasSep 9, 2023
Lew rive Amerika u mèt t gen dènye Mercedes la yo still pap okupew.. 😂 😂 Si meksikèn yo pa okupew c pa amerikèn kava okupe w
J
John W PierreNov 16, 2023
@Mackendy Celestin tap pase nou nn kk Ou gen pouw wèl move tan ak fredi saa gentan pranl laba a ui 😅😅😅
J
John W PierreNov 16, 2023
@Akouma Akouma nou la ui seur en Christ mw, nap boule jou, nou paka pale nap plenn. kite chater ranse non pitit😃😀😀 on seul pwogrè mw fè laa m gentan sou third months in my school English,I did go improve my English anyway 😴✅
J
John W PierreNov 16, 2023
@Akouma Akouma Acura a vin febli🤩 li tounen akouna matata🤪🤪🤪
J
John W PierreNov 16, 2023
@Akouma Akouma thanks a lot 🫡 even if not today, not tomorrow, not this week, one things is true! one day my case will approval🤴
Mackendy CelestinNov 16, 2023
@Akouma Akouma @Regine Elyse @ ekrim sou +529512793093 relem sou call vidéo pa whatsapp nap wè kòman fredi ap manjem bò isi a se America sèlman map santim alèz menm si mexicain yo rèspèkte moun anpil men fredi a trò rèd laba a se Florida mwen prale lèm jwenn randevou a kote ki fè cho fort Lauderdale
Mackendy CelestinNov 16, 2023
@John W Pierre Hola
Mackendy CelestinNov 17, 2023
@Akouma Akouma sèl ayisyen ki pagen respè pou moun nan mond sa a letranje yo rèspèkte moun nap toujou rete ayisyen nou pap rive pi lwen ke pwent nen nou paske mantalite nou ba anpil
Mackendy CelestinNov 17, 2023
gen anpil moun kap relem, ekrim paske yo bezwen èd nan menm paske gen anpil kigen fanmiy yo isi a kap pran wout la se mwen kap gide yo pa mwayen localisation e gen anpil kap vini map tann tou alò siw pa trouvew nan position an moun ki trouve yo nan position an kite jwi nimewo a

Popular hashtags