Moun Mas
Aug 27, 2023
Pa bliye..
Pa bliye, anpil nan nou c lòt ane nou prale..
Pandan c tan, pa bliye anpil nan nou, nou pa oblije ap use app sa, demen w k resevwa benediksyon paw la..
Sak pi enpòtan, c pran swen tèt ou..
Ou paka dim, u c ayisyen pouw pa gen pasyans? Kisa sa vle di? Dpi Aprè lanmò Desalin nap pran frap, pwòp frè nou kont nou, c pa devan ti blan zonzon ki chita devan yn laptop, lan kou tòti, pa menm byen benyen lè maten, pouw ap bc tèt..
Dpi aplikasyon w lan la, c poze.. Priye sèlman pou l pozitif aprè tt tan sa.. E menm kel ta negatif, c rebalanse l ye.
An plen 2023 nou pap pran kanntè, c swa'n ale dirèk New Mexico, oubyen nou pran fwontyè Mexico...
Kote lavi a ye c la pun ale, c pa vòlò nou pral vòlò c travay nou bezwen pun k woule MERCEDES-BENZ
BON APRE-MIDI tt moun.
ADVERTISEMENT
Sandia CheryAug 27, 2023
an verite m pa tap ri la
lady wealth covering minouaAug 27, 2023
oui se sak fucker a oui tann pil temps epiw pa ta bon. plusieurs plan an bon
John W PierreAug 27, 2023
yap traduit saw ekri yo ui Ekip anplis de sa yap retrase nimero case ou a, Ann plus pozitif nn dyalòg yo ak respè koz pale lèd pap itil nou anyen.
Moun MasAug 28, 2023
@Love 💕 you Biden ameriken pè w sèlman lew met pyew lakay li epi wap menasel... Blan yo benyen vre? 😅 U k plede al benyen nan fredi? 😂
V AAug 28, 2023
@Moun Mas poukiw frape di konsa 😂😂😂😂😂
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas Matin an gen yon zanmim chili ki ekri m yon dame ki Finn rive USA nan biden nan ak deux pitit li. yo voyel tounen chili. Agent an mande li sil te gen residence li di oui li te genyen li expirer.malgre sa yo pimpe li ak toute ti moun yo tounen chili
Moun MasAug 28, 2023
@Jesus is salvation tèt chaje wi 😃 manzè t dwe di nn
Moun MasAug 28, 2023
@V A (Ton Biden) 😅😅
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas sanbler premier residence la te sou passport li. se dezyem nan yo baw yon certificat. yo pimper malerez la tounen pou residence chili epil gentan Vann toute afel net
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas se visa poul te di Lal renouvle toute temps, se sa poul te di
Moun MasAug 28, 2023
@Jesus is salvation ebyen c pa rezidans lan ki pwoblèm nan, c sal di a, se manti an ki petèt metel atè
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas non li pa bay Manti, li dil te gen residence li expirer. li al depose pou yon lot yo pa ko ba lil. pitit li yo gen visa usa. li ale ak ti moun yo ki sou visa a ki pa sou program biden nan. Non program nan di sa oui depiw sou residence lot peyi ou pa eligible pou biden. Ou ka ale nan yon peyi epi se visa ou ale renouvler toute temps menm Jan st domingue fèl la. se sa poul te di.
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas kijan w ye la nan bresil la. m anvi ale Nicaragua a oui mwen pase par bresil. Men m tande fom gen residence bresil avant poum pase ale Nicaragua
Moun MasAug 28, 2023
@Jesus is salvation anh ok, tèt chaje li t dwe fè yn lòt moun vin pran timoun yo anvan.. Li tap fonw papye ki di moun sa responsab timoun yo
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas en tout Cas manze tounen chili la pitit malgre li Finn rive nan America. Agent an blow fi a
Moun MasAug 28, 2023
@Jesus is salvation sa raz anpil wi, e pi gwo pwoblèm li c rezidans lan ki sanble sou paspò a janw di an..
Antouka, move expérience.
Moun MasAug 28, 2023
@Jesus is salvation u knnen nou la nap gade sa'n k fè poun bouje, mpoko fikse koze sa yo nn, menm we anpil moun ap pale d Nicaragua 🇳🇮 sa wi e menm Ayiti mw wè moun ap pale d li, men vwayaj sa yo difisil lew Ayiti, siw deyò u pi fasil k ale..
Wi gen kèk nan peyi sa yo ki mande sa wi
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas oui avant annee a fini map planifye pou Nicaragua a la
Moun MasAug 28, 2023
@Jesus is salvation degaje w, dpi c Ayiti w ye, u jwenn kite l c kitel, moman an pa favorab menm pu yn jènn
lady wealth covering minouaAug 28, 2023
@Moun Mas m diw sa deja oui moun mars mwen suriname . mwen pa haiti
Moun MasAug 29, 2023
@Jesus is salvation anh ok ben gade puw wè jan w k janbe puw degaje w fè plis pakou.. Mw t telman fatige ak Ayiti, mw rive brezil mfonw poze sanm tj, c tankou lew tap kouriw bouke u jwenn yn lonbraj u pran souf, kòm mw nan Biden map swiv tj kijan sa ap evolye, e annatandan map fè kòb pu tikè tj, si bwa a mare ma lage kòb la nan men yn moun ki k fem pase monte meksik.
Men sa mw kitel pu ane kap vini an la.
lady wealth covering minouaAug 29, 2023
@Moun Mas okay prends soin tet ou kkt
Moun MasAug 29, 2023
@Jesus is salvation idem 🙏🏽
lady wealth covering minouaSep 21, 2023
@Moun Mas ou pran nouvel yo ?? ale sou MPH sou facebook pitit. CBP one pral changer bagay yo kote w te diw ye nan aplikasyon an se la pou mete CBP one ke ou ye. siw te diw haiti se haiti CBP one pral utiliser location an.
Moun MasSep 23, 2023
@` ` mprale swiv pum wè
Moun MasSep 23, 2023
@` ` evite fè bouraj d kràn tou, paske mph fè anpil sansasyon, map tann Lucson oubyen Moreno dil pum kwè
lady wealth covering minouaSep 23, 2023
@Moun Mas okay moun mars m pa konn si se monter lap voye monter . Men m wel tap bay reference journal ki pale de sa. sa fè deux zanmim yonn chili ki gen yon dame li konnnen yo voye tounen pou residence. ak yon zanmim boston ki dim yon dame li konnen gen moun bresil yo voye dame nan tounen bresil paske li gen residence. sanbler sa pral depann de agent ou rencontrer a tou. Gen agent immigration lheur w rive ki fucker poze pil kesyon
Moun MasSep 23, 2023
@` ` Bagay la c swiv li ye, paske yo t di nan nenpòt peyi w ye wap k patisipe, si tt fwa aplikasyon an t fèt lew t Ayiti epiw kitel paskew pat k tann twòp, pa gen tèt cho, news yo ap tj boure kràn u e few vin pi stresse, c tann tou paw epi gade sak pral fèt... Dpiw c ayisyen wap k patisipe sof siw pa gen paspò ayisyen, paske mw remake anpil moun brezil, chili, ale nan pwogram nan..
Wi yo k voye moun tounen, men pa chaje tèt u ak bagay sa e menm ke sa ta rive pran wout fwontyè pu u
Osi senp ke sa..
Moun MasSep 23, 2023
E pa bliye ke yo di yo prevwa fè sa menl poko, mw apenn sot gadel, epi tt chanjman ki fèt aplikasyon an ap voyel baw, anpil atik knn ap kreye sansasyon tou.
lady wealth covering minouaSep 23, 2023
@Moun Mas m pa.chager tet mw baz m te just vle mete au Courant paske m konnen w kite haiti okay.kontan pale ak ou
Moun MasSep 24, 2023
@` ` no prob, thnk you 🙏🏽
