lucken son joseph
Feb 3, 2024
news
Gen plizyè anplwaye nan @USCIS ki deja pèdi djòb yo, akoz yo enplike nan pran💵kòb nan men moun pou fè yo apwouve avan lè. Daprè sa yon sous pwòch enstans federal la fè nou konnen, moun sa yo revoke aprè envestigasyon. « Gen lòt anplwaye ki enplike nan rezo sa a, ki oblije remèt lajan paske yo sou envestigasyon », se sa yon lòt sous rapòte nou. Nan kad ankèt sa yo, gen benefisyè ki te bay kòb pou rantre Etazini,🇺🇸ki resevwa notifikasyon « Travel not authorized », malgre yo deja sou teritwa a. Nan anpil ka, imigrasyon pa apwouve demann kat travay moun sa yo. Annatandan, envestigasyon yo ap kontinye…

Total Days: 1151 days
Case
2023-02-28
Today
I-134A
1151 Days
National Benefits Center: I-134A
Timeline Map
2023-02-28
I-134A
Submission to USCIS
This timeline was created with the Lawfully App. Download the Lawfully App now.
7
ADVERTISEMENT
M
My story my ColorFeb 3, 2024
mwen gen anpil prév pou FBI … bagay la paka passe konsa vre! tout moun ap tann, si se peye tout moun t ka peye
M
My story my ColorFeb 3, 2024
@lolo Élysée zanmim! sa Map diw laa mw konnenl! gen moun mw konnen ki pye 3500$ / tet menm jou a yo confirme epi nan demain autorisation voyage tombe! alors et tout moun kap tann yo! se on program humanitaire si Uscis pap pran moun que li kanpe sa net li fini
Gaillard StanleyFeb 3, 2024
wap aprouve
m
maria vavaFeb 3, 2024
mm problem
Emmanuel CesarFeb 3, 2024
SE mòd pwazon sa yo menm ki rann Janvier duré Konsa. FBI frape yoooooo! blan konn jwe avew. e li te mèt aprè 2 zan jou yo dekouvri gen prèv SE konsaw aprouve wap Peye frekan
lucken son josephFeb 3, 2024
E sak pidi a majorite moun ki peye pou antre USA🇺🇸 yo pa janm jwenn kat travay la , e oretou menm moun sa yo ka arive jwenn lèt depòtasyon pou retounen 🇭🇹 paske pou #USCIS se sou frod ou antre nan peyi a 🇺🇸 paske u pa tann yo analize dosye'w la pou yo konen si sponso ou a elijib
@OMG Eagle the ...Feb 3, 2024
Mwen ki gen 1ans m'ap tann laa, c coco mwen yé! Phénomène apliké jodi antré 2main an, or sou 3, 4, 6 jours sam pat kab komprann li, mwen t gentan ap douté di sûrement genlè dossiers m' laa gen ère. etc.... Hmmm, c pou poum tann alò m'ap tann! mwenm déjà konnenm approuvé déjà le ou la façon, Sponsor m' pa nan frod limenm.. God laa konnen oui, bénéficiè ki cleann menm jan avek mwen yo.. be patient and 🔕

Popular hashtags