El Professor
Sep 12, 2023
Moun février yo koman nou ye?
selon mw moun février yo la pou 2024 oui paske program nan paka pase preske 1an nan janvier.
ADVERTISEMENT
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
tchwipps pitit decouragement nan afe program sa. m te fe ekri yo paske yo di si yon moun gen plus que 6 mois ekri yo, yo reponn mwen ke dossier yo anpil nan men yo se Tann poun tann yo rive sou nou. ke case mwen an pending. 17 fevrier 207 jour men reponse yo: Mèsi pou demann ou an ki gen dat 05 septanm 2023. Akòz gwo enterè nan Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen yo, n ap mete ajou pwosesis revizyon an apati 17 me 2023. N ap mete ajou pwosesis sa a paske kantite sipòtè ki te soumèt Fòm I-134A, Demann sou Entènèt pou dwe yon Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye, se siyifikativman pi wo pase 30,000 otorizasyon vwayaj davans chak mwa ki disponib. Li gen entansyon kenbe yon chemen ki jis, ekilibre e ki disponib pou tout benefisyè yon Fòm I-134A pou avanse nan pwosesis revizyon an epi chèche otorizasyon pou vwayaje. Dapre nouvo pwosesis revizyon an, nou pral chwazi owaza apeprè mwatye nan total Mansyèl Fòm I-134A, kèlkeswa dat depoze, nan tout kantite travay ki annatant pou revize. Nou pral revize lòt mwatye total mansyèl la dapre lè yo te soumèt ka a dapre metòd premye antre, premye soti, ki bay priyorite Fòm 1-134A ki pi ansyen yo pou revize. Nou p ap aksepte yon kopi Fòm I-134A nan men yon sipòtè potansyèl si yon Fòm I-134A te deja soumèt ant menm sipòtè potansyèl la ak benefisyè a annatant. Si nou pa konfime yon Fòm I-134A, men yon sipòtè kwè ke li ranpli kondisyon yo pou yo vin yon sipòtè anba pwosesis la, yo ka depoze yon nouvo Fòm I-134A epi soumèt enfòmasyon adisyonèl kòm prèv. Sitiyasyon yon otorizasyon vwayaj ka chanje nenpòt ki lè akòz pwosesis egzamen an. Moun yo ta dwe kontwole kont USCIS yo sou entènèt souvan pou mesaj ak avi ki soti nan USCIS, ak pou estati otorizasyon vwayaj ki pi aktyèl la. Sistèm nou an montre ke Fòmilè I-134A ou, Demann sou Entènèt pou Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye, ki te depoze apeprè 17 fevriye 2023, toujou annatant. Malerezman, pa gen okenn delè pou pwosesis sa a. Si USCIS konfime Fòm I-134A ou a ase, w ap resevwa yon avi konfimasyon ki pral dekri pwochen etap yo nan pwosesis la. Si USCIS pa kapab konfime Fòm I-134A ou a sifizan, desizyon an se final. Sepandan, ou ka depoze yon nouvo Fòm I-134A sou non menm benefisyè a oswa yon lòt, oswa yon lòt sipòtè ka depoze yon Fòm I-134A nan non benefisyè a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.uscis.gov/CHNV. Si w gen nenpòt lòt kesyon, tanpri vizite Sant Kontak USCIS la, kote ou ka jwenn aksè nan zouti nou yo sou Entènèt 24/7. Si w demenaje, ou dwe mete ajou adrès ou ak USCIS nan lespas 10 jou lè w sèvi ak zouti nou an sou entènèt nan uscis.gov/addresschange, ak nan USCIS Online ou. Kont. Si ou poko fè sa, vizite myaccount.uscis.gov pou w ka enskri pou
Sol CheSep 12, 2023
@Jesus is salvation mesaj otomatik.Se sa yo di tout moun
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@Sol Che oui m aprann sa oui.
Keyth CharlesSep 12, 2023
nou pat gen espwa li mezanmi sa nou genyen nap plede dekouraje konsa nou frenk tann oo si yo pat kreye form i134a nou tap chache lot bagay nou fe. konsèy map ban nou pran kou anglais online oubyen telechaje app ki aprann nou pale anglais lè nou rive pou nou pa ret bèkèkè tankou ti pantan menm si yo pa aprouve ou nou kapab re ranpli avek on lot moun epi priye tou
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@Keyth Charles si yo pat kreyel se project mexique nou nou kite pou li zanmim. se pa pou program nan nou decourager. se pou sa nou te gen pou fe ki pa fet paske program nan vinn rentrer.
Keyth CharlesSep 12, 2023
banm diw nou tt pedi espwa paske avni nou menase nap chache solution sa ki enpotan c priye epi pran desizyon ou we kap pi bon an met nan tet ou poukisa ou kite mexique pou USA? e si ou we repons ou an li bon just tann paske c nou tt ki we si USA nou vini lap pi bon ke mexique donc sa vle di c pa nou 30 moun ki aplike chak mois c plis ke 30.000 moun chak mwa c nomal pou li lent tann frem patience preparew pou le wap vini frem paske USA pa dous tou sutou ak pil imigran ki vinn ladan la
Sandia CherySep 12, 2023
@Keyth Charles Well said love
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@Keyth Charles m pa ko mexique la a dure poum ta usa. se program biden nan mwen diw kifem rete Chita la kite project mexique mwen poum rete tann case mwen confirmed anpil moun kap plenyen de sak te gen lot projet yo zafe yo pou yo regler pou kite haiti.. se nan sens sa mwen diw ke mwen decourager a.
Keyth CharlesSep 12, 2023
mw menm mdiw pa dekouraje paske ou riske on desizion pou yon lot met nan tet ou li pa pou granmesi wap rive frem PATIENCE
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@Keyth Charles merci ma cherie
El ProfessorSep 12, 2023
moun yo bgy yo anpil @Keyth Charles u gen tt rezonw nan saw di yo
TRUST NO ONE 🖤Sep 14, 2023
@Mr Ventz007 pa di bgy konsa non!

Popular hashtags