Joe Biden
May 22, 2023
Kiyes yo Ka Konsidere pou Otorizasyon Vwayaj ki bay Alavans
Pou w kapab kalifye pou fè demann, epi pou yo finalman konsidere otorizasyon vwayaj ki bay alavans pou
Etazini pou fe demann libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo, benefisye yo dwe:
• Pap viv Etazini;
• Yon moun ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa, oswa Venezyela; oswa yo dwe yon manm fanmi pwöch (mari
oswa madanm, patne ki nan inyon lib, epi/oswa yon timoun ki pa marye epi ki poko gen 21 lane) k ap
vwayaje avek yon Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, oswa Venezyelyen ki kalifye;
• Gen yon sipote k ap viv Etazini ki ranpli yon Föm 1-134A nan non yo USCIS apwouve epi konfime;
• Gen yon paspo ki pa ekspire epi ki valid pou vwayaj entènasyonal;
• Fë pwòp vwayaj komèsyal yo nan yon Pö Rantre (Port of Entry, POE) nan Etazini ak nan destinasyon final
yo nan Etazini;
• Pase epi reyisi kontwol sekirite nasyonal ak sekirite piblik ki obligatwa;
•Respekte tout egzijans anplis, li gen ladan I obligasyon pou vaksinasyon ak löt rekömandasyon pou
sante piblik; ak
• Demontre libète sou kondisyon an jistifye sou baz yon avantai piblik enpotan oswa rezon imanite ki ijan,
epi montre ou merite yon egzèsis favorab nan pouvwa desizyon nou.
Si yon moun gen doub nasyonalite oswa si I gen estati rezidan, oswa refijye nan yon löt peyi li pa kalifye pou
nou konsidere I pou libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa a, sof si DHS aplike yon pwosesis libète sou
kondisyon ki menm jan pou moun ki soti nan peyi sa a. Egzijans sa a p ap aplike pou manm fanmi pwöch
(mari oswa madanm, patne ki nan inyon lib, oswa yon timoun ki pa marye epi ki poko gen 21 lane) k ap
vwayaje avek yon moun ki kalifye ki soti Kiba, Nikaragwa, oswa Venezyela.
Anplis, yon benefisye potansyel pa kalifye pou otorizasyon vwayaj ki bay alavans pou Etazini ansanm ak
libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo si moun nan:
• a pase kontwol sekirite nasyonal ak sekirite piblik la oswa yo konsidere li pa merite egzésis favorab nan
pouvwa desizyon an;
• Te depote nan peyi Etazini nan senk ane ki pase yo oswa li te sibi yon entediksyon pou antre sou teritwa
a ki baze sou yon odonans pou depotasyon yo te deja pran;
• Te rantre Etazini yon fason ki pa legal, atrave POE yo, apre dat yo te anonse pwosesis la (pou
Venezyelyen, apre 19 Oktöb 2022; pou Kiben, Ayisyen, ak Nikaragweyen, apre 9 Janvye 2023), eksepte
moun ki gen otorizasyon pou yon sel depa volonté daprè INA seksyon § 240B, 8 U.S.C. § 1229c oswa
anilasyon demann admisyon yo a dapre INA seksyon § 235(a)(4), 8 U.S.C. § 1225(a)(4) ki pral rete kalifye;
• Te travèse fwontye Meksiken oswa Panamen an yon fason ilegal apre dat yo te anonse pwosesis la (pou
Venezyelyen, apre 19 Oktöb 2022; pou Kiben, Ayisyen, ak Nikaragweyen, apre 9 Janvye 2023);
• Se Kiben oswa Ayisyen epi yo te pran l nan lanmè a apre 27 Avril 2023; oswa
• Gen mwens pase 18 an epi li p ap vwayaje nan kad pwosesis sa a ak yon paran oswa yon responsab legal.
ADVERTISEMENT
