Emmanuel Jean-Philippe
Jul 8, 2023
Gen moun k ap la pou jiska 6 an nan pwogwam Biden lan
Imigrasyon te di yon mwa pase ke te gen 600 mil Ayisyen ki te aplike. Yo pa t konnen tout moun sa yo t ap aplike ebyen y ap chwazi mwatye ki se 300 mil moun pou antre nan loto avan res 300 mil ki rete yo. Loto vle di y ap mete 600 mil aplikasyon sa yo nan yo chapo epui y ap mare zye yo ak yon mouchwa. Epui y ap chwazi 300 mil moun ki pou antre pi vit ak zye yo fenmen. Mwen itilize chapo an kòm yon egzamp. Men se sou yon konpitè y ap fè chwa loto yo. Se pa nan yon chapo vrèman. Sa vle di ke yon moun ka voye yon aplikasyon ale kounye a epui yo gentan aprove dosye moun sa nan loto avan yon moun ki te la depui mwa d Janvye. Pa bliye tou ke se selman 30 mil moun ki ka antre chak mwa nan pwogwam lan. E se pa selman Ayiti. Gen 3 lot peyi ki fè pati pwogwam lan (Kiba, Nikaragwa, ak Venezwela). 30 mil divize an 4 se 7,500. Sa vle di se selman 7,500 moun ke yo ka aprove de chak peyi chak mwa. Nan 7,500 Ayisyen sa yo. Mwatye ladan yo ki se 3,750 ap antre chak mwa ki soti de chwa loto 300 mil lan. Epui yon rès 3,750 ap antre chak mwa selon de pozizyon yo nan liy lan (Janvye avan Fevriye. Fevriye avan Mas. Mas avan Avril. Avril avan Me. Me avan Jiyè). Sa vle di ke lè m fè kalkil lan, mwen gentan wè ke gen kèk moun k ap la pou 6 an avan yo reisi antre nan pwogwam sa men gen moun ki ka antre mwa sa ouswa mwa pwochen tou ouswa nan nèpòt le moman si moun sa fè pati gwoup loto mwa an. Se sof ke si lòt peyi yo pa gen 7,500 aplikasyon k ap tann desisyon nan yon mwa ke yo ka bay kèk Ayisyen plas yo pou fè shif 6 an sa desann.
20
ADVERTISEMENT
minoua FrancoisJul 8, 2023
zanmim pendant deux ans 30 000 multiplier par 24 mois ki se 2 ans fe calcul wap we nan 1.6 million moun ki gen applications pou program biden sa wap we nan kisa moun ye la.
minoua FrancoisJul 8, 2023
@Bettie Saint-Hilaire tann Bondye ma cherie nou pa ka fe anyen
Emmanuel Jean-PhilippeJul 8, 2023
30,000 miltipliye par 48 ki se 4 an se 1.4 milyon. 30,000 multiplier par 60 ki se 5 an se 1.8 milyon. Sa vle di pwogwam sa ta sipoze antre tout moun nan 4 a 5 an. Men kounye a 1.6 milyon an ogmante paske toujou gen moun k ap aplike jiska prezan. Mwen mem sèl m voye 4 aplikasyon ale mwa sa.
Emmanuel Jean-PhilippeJul 8, 2023
Bettie, ou pa bezwen pèdi espwa paske yo ka chwazi ou mwa sa ouswa mwa pwochen si w fè pati gwoup loto pou mwa an oubyen si yo rive sou mwa ke w te voye aplikasyon lan. Ou pa janm konnen. Gen moun ki pa t jwenn moun pou aplike pou yo ditou. Ebyen pran kouraj. Reste pozitif.
Master ODAN JOEJul 8, 2023
mèsi anpil ®Emmanuel Jean pou lumyè sa. E kounya, ki kote ki bay aksè verifye pousantaj Case la menm ? oubyen, èske pa genyen ???
minoua FrancoisJul 8, 2023
@Emmanuel Jean-Philippe ou pa ka di 4 ans puiske se 2 ans yo di program nan ap la poul fe. depi election fet dapres sam tande si Biden pa bon program sa ap tou kanpe. Epi tou nou pap ret kanpe sou 1.6 million moun yo paske gen moun kap inscrit la pi red sa vle di moun yo ap vinn pi plis
C
C FJul 8, 2023
@Emmanuel Jean-Philippe ki Kotew te ye dat sa 🤭 merci pu ti lumière lan Men sincèrement m ka di yn mun se priye fò paske bgy yo pa dous la ,ajan USCIS yo te supoze pran sans yo avanl yo te nan kite tt pil dosye sa yo ap monte nan main yo ,c triste ! paskem santi ap tj gen yn kantite mun ki pap janm jwenn yn réponse 🤦‍♀️
C
C FJul 8, 2023
@Emmanuel Jean-Philippe bagay kap tuyem ,kuz mwn an aplike pu nu 21 ui ,map mande eske yap pran nu tt kantite sa vreman ,kòm mwn wè gen mun ki fèl pu 12 juska 14 yo pase Antuka bgy yo grave 🤦‍♀️ M ret lafwa m knnen map bon et nu tt kap tann nan ap bon 🙏
Emmanuel Jean-PhilippeJul 8, 2023
@Kervenciabela Nyveline 2 an lan komanse aprè yon moun antre Etazini. Sa vle di dat kòmansman ak dat ekspirasyon 2 an chak moun diferan. Ebyen ui gen moun k ap aprove nan 4 an si se Biden ouswa yon Demokrat ki toujou sou pouvwa an. Men si se Donald Trump ki monte sou pouvwa an l ap kanpe pwogwam lan. Mwen di sa paske li te gentan eseye kanpe yon pwogwam imigrasyon Stati Pwoteje Tanporè (Temporary Protected Status- TPS) deja ki ede anpil Ayisyen.
Emmanuel Jean-PhilippeJul 8, 2023
@C F Si sipò lan ase. Nou tout ap antre vre. Sa se yon bèl patisri ki nan foto pwofil ou. 😋
minoua FrancoisJul 8, 2023
@Emmanuel Jean-Philippe okay m konprann
minoua FrancoisJul 8, 2023
@C F depi support li bon toute moun yo net ap bon
C
C FJul 8, 2023
@Emmanuel Jean-Philippe ui mwn mande Bondieu pu nu tt 21 an bon ,normalement li te pran avocat pu oryantel sa vle di li pa tap fèl san support li pat ase ,lol ui mwn menm ak yn ti cousine mwn ki fè Donuts pu vann okap ,mwn wew byen postew tou nan yn bel state 😂😂tanku NY
C
C FJul 8, 2023
@Kervenciabela Nyveline ui ma chérie merci
Emmanuel Jean-PhilippeJul 8, 2023
@C F Zye w vrèman bon ui si w gentan wè nan foto m ke se Nou Yòk ke m te ye. Ui m te al la pou m te fè foto pou fèt mwen.
C
C FJul 9, 2023
@Emmanuel Jean-Philippe hahahahha 😂,ben ui d’habitude mwn gen anpil mun mwn ki fè foto ak background lan jan li paret nan foto u an ,se tj NY ,se sak fè du coup m wè foto an malgrel de lwen m gentan wè se la u fèl
Emmanuel Jean-PhilippeJul 9, 2023
@Master ODAN JOE Selon de sa imigrasyon di. Pa genyen. Tanzantan imigrasyon bay pousantaj tout dosye yo ansanm an jeneral lè li di nou konbyen aplikasyon ki genyen an total e konbyen li aprove deja. Men yon moun pa ka konnen a ki pousantaj dosye endividyel li ye.
Master ODAN JOEJul 9, 2023
an ebyen ok © Emmanuel Jean Philippe
Emmanuel Jean-PhilippeJul 19, 2023

Popular hashtags