Lana Morgastka
May 7, 2024
Bondye pa bliye okenn moun nan pwogram nan.
Men Ayisyen an fè pati de kategori san prensip la, menm jan ak kèk Afriken tou. Paske mw fini pa reyalize ke pwoblem san prensip la lakay kèk moun nwa. dpi lè pwogram nan ap lanse yo t di konbyen moun yap pran nan chak peyi chak mwa. tt lòt peyi yo swiv konsiy (prensip) la. Ayisyen an menm gen lè bliye si chak mwa gen yn kantite spesifik ke yo pran. imajine nou ke yn moun yo aplike pou li DECEMBRE 2023 epi yo fouye'l anba yn JANVIER 2023, li vin rann tach la difisil. si nou byen gade kantite yo prevwa pran nan chak mwa a gen posiblite pou yo jw tt Ayisyen yap bzwen nan pwogram nan selman nan mwa Janvier. Moun kap aplike pou moun yo ta sipoze fè sa nan lòd, siw aplike pou yn moun nan Mwa AOUT, pa chache konble Janvier a plis toujou.
gen moun ki jije sam di yo pa ale nan sans li paske mete dosye pa'l la anba yn Janvier ap bn pou li, men fè yn ti vire gade lòt la ki pa anba Janvier epi ki gen yn aplikasyon 2-3 mwa anplis ou. ann sispann fokis sou rive avan an, paske nou tt ap pase nan moman nou gen poun pase a.
ADVERTISEMENT
stan Nap bonMay 7, 2024
mwen te ka dako avew men gen kek ti detay ki arive fè mwen wè ke ou pran nan jwet occidental ap fè sou moun po nwa ou mentione yo.
Ann pran premier saw di ke moun nwa pa genyen an ki se princip.
map diw nan program sa se pa moun po nwa ki pa gen prinsip men pito met prigram nan, paske yo toujou vle mete nou nan nivo kote pou nou admet ke se nou ki gen problem.
siw fè yon program se ou ki juj ou ki fè e defè poukisa ou pa fel janl te dwe fet ( premier vini premier servi) leu sa patap gen afè pouw nan mois Mai 2024 epi pouw fill pou ou moun ou lagel anba janvier 2023.
ou tap selman ouvri inscription an epi pran moun ki reponn avel. exemple:
si chak mois wap kapab reponn 7500 pou chak peyi, ebien depi 1 janvier rive 25 janvier ou kite sponsor fill epi 25 janvier ou fermel epi ou pran de 26 a 30 janvier pouw analize epi reponn bénéficiaire. tout moun ki pat gentan ta fill pou lot mois a. e konsa patap janm gen moun ki gen 470 jou ap tann.
M MMay 7, 2024
si yo pat vle moun ajoute moun amba lot,yo tap tou bloke apps la poul pa bay accès à sa. nan moman la se chak moun kap chèche sak avantaj yo koz bagay la di pou tout moun.
mpap janm di se prensip moun ki ajoute moun yo amba case yo pa genyen koz sim te nan plas yo,mtap ajoute moun pam tou.
honèntete à dwe nan tout sikonstans.
lana PiuMay 7, 2024
@stan DK3S RCD. Mw dakò ak rale ke ou fè a wi, men pwoblem nan c prensip ki manke bò kote Ayisyen an. mw pa jeneralize ka aaaa poum di tt moun nwa oubyen tt Ayisyen. gen kèk Ayisye ki rete nan liy Dat antre a. tt lot nasyon yo konnen zafè mete moun anba moun nan wi, men wap wè ke yo prefere fèl nan lod poul fèt la. C yn Sistèm enfòmatik kap jere pwogram nan, wap toujou enprevi ladan. c sak vin koz yo pase men ladann chak vire tounen. Frèm, si bor kote pa Ayisyen yo, pa gen afè fouye tt moun ki aplike anba Janvier nan moman map ekri sa laaaaa, yo t k ap manyen Avril nan dosye Ayisyen yo.
stan Nap bonMay 7, 2024
@lana Piu
Banm raplew yon lot detay, system americain an telman metdam, yo selman diw pa fè frod apresa tout janw ka met mind pouw bon degajew.
gade canada li menm di lap fè yon program li gentan kanpel se paske sa ya pran an se li yap pran, men américain an pa kon sa, li ouvril bien laj li epi li diw degajew janw kapab pouw antre.
ou met kwem gen anpil moun ki pap janm bon e gen anpil moin tou pou yo bon fok yo met intelligence yo deyo wi.
se yon nation ou ka ale la epi nan 2 ou 3 ans ou milionè.
se konsa yo fonctione ou menm se veye pouw pa fè frod apresa demelew pouw soti tet ou.
Jésus benim toutanMay 7, 2024
bravo mesye dam...
trust GodMay 7, 2024
ki rapport sa gen poul we ak saw di a 🧐pandan se yo menm anko ki mandew sou moun déjà sou di ui yo tounen et mandew eske wap mandé nouvelle moun l’an anba saw te fe déjà ou juste di ui épi yo dako 🤷🏽♀️konya mwen pawe rezon pouw pansé ak saw di a 🤷🏽♀️
lana PiuMay 8, 2024
@stan DK3S RCD laaaaa mw 100% dakò avéw. men pwoblem nan c paske twou vid la yo kite ak pyèj la. Mw gen yn zanmi'm ki gen 2 aplikasyon, dpi Janvier ane pase. li applike pou 2 VIP epi li mete yo anba aplikasyon an, eske ou konnen yo pa janm manyen CASE la. pandan tt moun konnen ke dpi gen VIP nan dosye a li pap pran 2 mois.
