My story my Color
Apr 10, 2024
Ayisyen Frem yo! Noumenm ki pa confirme Ak nou menm kap tann #ProgramHumaniterainParole #Uscis #Immigration
Li Tris, Mw tris, oumenm tou ou tris, Lè N’ap gade Jan anpil moun pa confirme semaine saa, Menmsi nou konnen tout moun patap ka vini c vre, M’en mw konnen Jan sa douloureux pou yon moun kap tann depuis plus passé 1 an, ki gen tout espoir li sou voyage saa parapo ak vye situation pays a ap tombe! Gen Doktè, Injenyè, Profesè, Teknisyen, Avoka, tout kouch tout klass, ki pa rive jwenn chance yo nan programm nan ki santi se pi gro kout kouto déception lavi a bayo! Mwen vle di nou Courage, Mw vle di nou remet Bondye lavi a Projet nou yo, limenm seul ki konn poukisa li kite Ayisyen nan passe mizè konsa! limenm ki ka deside chanje kè dirijan ni pa nou yo ni lot peyi yo ki t ka yomenm pote sekou pou Peyi nou Ayiti! Jodi a nou tout nou deyô peyi a, bagay la dur li tris et lap pote anpil maladi tankou sik ak tansyon! M’en bonm di nou Ankô pa neglije pale ak BD li menm ki konnen tout dossier! limenm la fè on lot fason pou rive jwenn moyen pou delivre! En plus zanmim yo, souple pa lague chaj sou sponsor Gen anpil moun ki kalifye se pa pibon dossier li genyen passe lot sponsor! sonje nou konn kek kritè, m’en sonje tou programm nan gen anpil anpil discrétion!
Que Bondye béni nou et béni Sila ki vle yon lot chanjman pou on lot situation!
FOS ak tout sa ki “ Not confirmed “ 🙏🏽🙏🏽🙏🏽👊🏽💪🏾💪🏾
ADVERTISEMENT
Aschmine ValentinApr 12, 2024
sa du anpil wi mezanmi pou fè tout tan sa ap Yon répons se not comfirmed ou jwenn se andedan kè Moun yo kap dechire wi hmmm Bondye dosye m nan l'an men w
Woldy CoichyApr 13, 2024
Se pi gro doulé wi,lé youn gen espwa epi li étenn youn sel kou, kouraj avek tt fré m ak sém yo ki viktim de konplo sa🫂🫂🫂🫂 anpil fós 💪💪💪
Frantz PierreApr 13, 2024
hmmm bgay la dur, men Bondye gen yon lòt plan pou nou.
wilda Marie Nerline EdouardApr 16, 2024
Hmmmm
