stan Nap bon
Dec 13, 2024
zin 15 dec
Bonjour bonsoir tout moun koman you ye?
mwen tal bien fouye poum pote nouvel nan bon ti mamit pou nou.
1er: Pa okupe moun kap bay dat, demain dimanche 15 la ap pase menm jan ak lot jou yo sou program nan, sauf que yo admet pou yo degaje yo reponn tout moun e mpa kwè nan sa paske gen plis pase 47 mil case ki poko manyen. map selman di nou deadline nan se pou semaine avan 20 janvier a li ye. pi gro pi bin zin kap fè actualite a se ke nouvo president an ap bat poul bloke yon loi kibtr la deja poul chanjel ak yon lot ki pral permet li antre tout kote poul deporte ilegal.
sauf que program sa bay bénéficiaire la 2ans legal mpa ko konnen si pou president an moun sa yo pa legal nap suiv toujou, apresa pa gen koze 15 dec ki officiel oken kote, sauf que yap goumen pou yon majorite moun jwenn repons avan janvier 2025.
siw gen espoir toujou, siw ap tann toujou, siw kwè wap bon toujou depann de ou men bagay yo pa klè menm nan 3 a 8 grenn moun kap bon par jour sou 4 pays pa fasil.
ADVERTISEMENT
Richardson BeauzierDec 14, 2024
hum 😔
celine limDec 14, 2024
sak fè yo pa legal.program nan tedi i pou sponsor a aply pourou pou 2 ans.epi lè yo rive nan peyia yo mete yo an mèt peyi.yodi yopap fè on pas.lèmoun nan tap fil yote mande kombien tan beneficiare la ap vin fè.lite reponn 2 ans.men ayisyen pagen bon komprann.yo mete nan tèt yo yola yola nètpou te bayo on status yo bayo tps panse san status yopat ka foure yo nan system labor.ebien kounyea yodi yo pouyo ka jwenn prolongation pou yo rete fil azil.genyen kipa menm konnsa ki Azil la menm.epi yo sòt hmmm.yo peye moun jiska 2000 mil dola pou fil Azil pouyo.yo mande moun nan si Kat travay la ladann tou,immigration pa touché pou Azil nan men pèsòn moun.imigrasyon jus diw fill form saa.gen youn mwen fill on form pouli gratis.paske imigrasyon pa touché pousa.nan tèt reçu a li make $0.00.epi mwen dil simoun lakay li vle diyo map fil pouyo yap peyem $300sèlman .yodi l.$300 trò piti.après pouyo peye Kat travay li tròp.mwen diyo Kat travay la ladann tou.imigrasyon pap pran kòb nan men moun pou Kat travay.gen.moun ki mande yo $800 yap pran moun 800 saa pito.mwen di yo ok yote mèt pranl.lè yo bay moun yo kòb la moun nan fin fill pouyo.yopa menm konnen ki istwa moun nan mete pouyo.lèyo rive devan jij pouyo esplikel.poukisa yo vle rete si vi yo menase.kisa yote pase.moun yap bay pil lajan yo jis bayo numero sanl padi yo anyen ankò.hmmm epi kounyea yo voye yo nan court rapid.pouyo ka depòte yo pi rapid.paske depi ou rive devan jij oupa kalifye se deportasyon.siw gen timoun pitit petèt jij la ka baw dwa pouw fè Tps.men kounyea trump di paran prale a tout pitit ou kifèt usa.oui se bon panse panske timoun nan separan kipou pran swenl.moun pap rete a pitit moun .
marlon francDec 16, 2024
@ami suss pa lage li konsa mwen map viv usa ou fe komsi se ayisien selman ki vini ki vle rete , tout nation yo vini pou yo vinn rete ok mon ami , mpa di ayisien bon non men sa se tout net ki vinn rete pa bay tet ou manti sa america pa pou ayisien selman al gade chif deportation yo wap we haiti jus deye kamionet la
celine limDec 16, 2024
ouap fèm ri.moun sayo pa plenyen menm jan a Haisyen pa bloye moun sayo gen peyi.ampil.ladan yo depi yo fin fè on kòb yo fè preparation avèl lalay yo pou demain.men ayisyen pagen peyi.kisa on moun kafè nan peyiw
stan Nap bonDec 17, 2024
@ami suss et @marlon franc
Nou tou lè 2 a gen raison, sauf que nan chak ka yo gen ti dezod, problem nan se haitien pa considere haiti kom yon peyi, se pito yon kote fè kob epi al depansel lot peyi, oubien viv lot peyi fè kob epi vinn pran ti vakans haiti.
si nap suiv nap wè soit disant politicien ki responsab pou lavi miyò nan peyia se konsa yo viv tou, ht kay soit rep dominicaine ou Florida epi ninpot ti bagay la se pran avion ale.
Johnson Napoleon di nou pa al construi haiti sa du men li gen raison.
fok problem nan resoud paske ni sa kal rete ni sa ki rete haiti yo nou tout nan menm panier a nan yeux yon doninicain oubuen yon haitien.
nou telman raz, nou rabese pouvoir passport americain an wi, rive st domingue ak passport sa depi yo wè kotew fet se haiti yo derespectew kareman wi. donc fos la se anndan 509 la li ye se 27 750 km² a pou nou ranje fel vivab epi menmsi nou usa ou haiti ou ninpot kote a sa pap problem
Badoo Dec 17, 2024
ami suss nn ki moman nan process la uscis mande sponsor la konbyen tan moun lan ap vin fè epi sponsor la reponn 2 ans an la ? sa vle di tt sponsor yo deside 2 ans an komsi mtande tt moun c 2 ans yo genyen avan ou fè yo ilegal la ?
