Jorfèy Joli Bwa
Jan 31, 2024
travel Otorizasyon
mwen gen 5 jou depi mwen fè demand travel Otorizasyon vwayaj mwen poko ka jwenn li. kisa nou panse ki koz sa, lot bagay ankò si konn pran tan konbyen tan konsa li souvan pran. yon moun ki gen enfo sou sa edem svp.
ADVERTISEMENT
PDG .Jan 31, 2024
tann juska 3 semenn bruh se sa USCIS di
Jorfèy Joli BwaJan 31, 2024
ok
Jorfèy Joli BwaJan 31, 2024
mwen fel pou anpil moun, jodi pou demen. kan mw fel pou pitit mwn li nan 6 jou pwal nan 7 jou nou ka konprann koze m.
WOOD JERRYJan 31, 2024
gen moun ki jwenn Travel autorisation an sou 30 jours frèm.. c E-mail confirmation an ki pran plis tan. gras Bondye ou jwenn li. pran onti paysans akò. épi Bon voyage
Shelly Shelly Jan 31, 2024
mwen yo t pat otorize Marim sou 27 jou yo voye di nou not authorized bonne chance
Jorfèy Joli BwaJan 31, 2024
@Michele Seneac mmmmmmm yon lot stress ankò
Jorfèy Joli BwaJan 31, 2024
@WOOD JERRY LOUIS ok merci pou enfo a.
WOOD JERRYJan 31, 2024
@Michele Seneac si yo pa otorize moun an ou Ka re fil Pou Li ankò pavre??
Shelly Shelly Jan 31, 2024
@jofey épi yo pap diw pouki yo pa otorizew la non yo just diw refil anko
Shelly Shelly Jan 31, 2024
@Wood wi ou kapab
WOOD JERRYJan 31, 2024
@Michele Seneac Ann fè Yon Bel logik. si c sponseur a ki te gen pwoblem swa nan documents yo oubyen nan Lot detay yo yo patap aprouvel kòm sponsor. depi benefisyè a recevwa E-mail yo Pou lal creye compte USCIS li sa vle Di sponseur a OK... la c Benefisyè a ki pa kalifye. kounya Nou Ka eseye gade si c pa nan ranpli disyel la Li fè erè, oubyen nan CBP a Li mal fè
Jorfèy Joli BwaJan 31, 2024
@WOOD JERRY LOUIS mwen sonje yo bay yon ansanm kritè ki ka koz yo diskalifye yon denefisyè. Mwn pa sonje tout men kek nan detay yo bay ; 1) yo di si moun nan te al mande viza ak fo dokiman. 2) si se yon depote 3) si moun nan gen problem ak leta amerken elatriye. mwen pa konnen tro men detay sa yo te poste sou saj anbasad American Ayiti.
WOOD JERRYJan 31, 2024
@Jorfèy Joli Bwa Wii c sa. gen plizyè Lot detay ankò ki Ka fè benefisyè a pa kalifye. lè benefisyè a AP ranpli dosye yo fok Li an kominikasyon AK sponsor a sitou nan informations personnelles yo. fok yo gen rapò AK sa sponsor a te mete el tap ranpli dosye a.. gen de kesyon tres simp Yo poze nan formulè a fok benefisyè a pran sanl AK bon sans Poul reponn yo. nenpot ti erè Ka koz Li pa kalifye. lè moun an fin ranpli tout dosye a avanl voyel ale fok Li revizel byen Pou s'il te fè erè Yon kote...
WOOD JERRYJan 31, 2024
Nou gen anpil tan nap tann. lè yo resi voye e-mail la Pou Nou fok Nou pa twò prese. nap pran San Nou Pou Nou byen ranpli tout bagay. nou fè tout tan sa AP tann lèl resi tonbe a fok Nou byen fel Pou Nou pa gen pwoblem. tout moun kap tann yo pa dekouraje pran paysans épi ají lafwa Nou.. nan non granmèt la yap rive sou dosye pa Nou an e Nou prale
Jorfèy Joli BwaJan 31, 2024
mwen ranpli pou yon pakèt moun deja lè email yo tonbe. mwen ranpli sa yo rele biometric la. premye pati a. se verifikasyon dokiman yo. Non...... Prenom..... Dat nesans..... numéro paspò...... adress..... email.. A number. 2e pati a. se Vaksen yo yo yon nonb de 3. dpi ou di wi nan tout li pap soumèt... 3) se koman ou ap vwayaje li yon non de 4. ak plizyè depi anndan yo. ou ap klike sou tout premye yo. apre sa ou soumèt li bay DHS.
j
johnley Metayer Jan 31, 2024
tann wap bon
Shelly Shelly Feb 1, 2024
@WOOD JERRY LOUIS saw di an c sa sanble c nan CBP a li fe ere paske c pa li seulman yo otorize lot moun nan yo pa otorizel.
N
NVC NEWFeb 1, 2024
Thanks for sharing. I did it on the App "Inmigra USA" the community of Immigrants in the United States. inmigrausa.com There are immigration lawyers and free collaborators. Stay up to date on news of interest to the Latino community. Search Inmigrate USA. I chose the Florida community, it looks like they are starting now, so I recommend you choose Florida. Busca inmigra USA el app del inmigrante, de verdad es muy buena tambien. Thanks!!!
N
NVC NEWFeb 1, 2024
Thanks for sharing. I did it on the App "Inmigra USA" the community of Immigrants in the United States. inmigrausa.com There are immigration lawyers and free collaborators. Stay up to date on news of interest to the Latino community. Search Inmigrate USA. I chose the Florida community, it looks like they are starting now, so I recommend you choose Florida. Busca inmigra USA el app del inmigrante, de verdad es muy buena tambien. Thanks!!!
Jorfèy Joli BwaFeb 5, 2024
@WOOD JERRY LOUIS sa kap fèt. si yon moun ta vle konne si li soumet yon Cbp One. eske si li remete Alien Number 2 fwa eske li pap notifye di moun sa soumèt dokiman deja.
WOOD JERRYFeb 5, 2024
@Jorfèy Joli Bwa pozi Wi Big.. m pa konn sim byen konprann kesyon an. m'en m panse depiw te gentan fè Yon premye tantativ ou scane dokimaw(paspò) ou pran fotow. depiw déjà voyel ale. ou pa gen anyen ou Ka fè ankò c tann desizyon CBP a.. Yon moun Pap ka refè cbp a s'il déjà gen youn an Kou yo Poko bal desizyon
Jorfèy Joli BwaFeb 5, 2024
ok merci..... se paske mwen pa ta vle pou li pat soumèt lè mwn te fèl la. mwen ap doute. yo voye travel pam nan yo poko voye pa pitit la

Popular hashtags