your fav girl
Sep 12, 2023
SOS
menm sponsor mwen an dekouraje ui mezanmiii🤦‍♀️🤦‍♀️🤦‍♀️ eske gen moun isi an ki met lèt anba aplikasyon yo e ki bon rapid vre🗣️🗣️🗣️
ADVERTISEMENT
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@your fav girl de ki lèt wap.pale kkt ?? m gen 2 mwa te fe frem nan ekri yo yon lèt yo pat janm reponn li si se de sa wap pale. Avant yier m fel ekri yo nan inbox uscis account li anyen pa ko tombe tjrs
Jefferson junior Smith Sep 12, 2023
konbyen Jou ou gen
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@Jefferson junior m wè favorite girl sou 198 jour. mwen m sou 206 jour
Jefferson junior Smith Sep 12, 2023
loll mw sou 232
your fav girlSep 12, 2023
@Jesus is salvation m tande moun yo ap di sou internet lan poun mete lèt anba aplikasyon
your fav girlSep 12, 2023
@Jefferson junior ou preske bon
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@your fav girl sa fe de fwa m ekri uscis. Yon lettre , ak yon email avant yier la. aucun reponse juskaprezan
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@your fav girl Mèsi pou demann ou an ki gen dat 05 septanm 2023. Akòz gwo enterè nan Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen yo, n ap mete ajou pwosesis revizyon an apati 17 me 2023. N ap mete ajou pwosesis sa a paske kantite sipòtè ki te soumèt Fòm I-134A, Demann sou Entènèt pou dwe yon Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye, se siyifikativman pi wo pase 30,000 otorizasyon vwayaj davans chak mwa ki disponib. Li gen entansyon kenbe yon chemen ki jis, ekilibre e ki disponib pou tout benefisyè yon Fòm I-134A pou avanse nan pwosesis revizyon an epi chèche otorizasyon pou vwayaje. Dapre nouvo pwosesis revizyon an, nou pral chwazi owaza apeprè mwatye nan total Mansyèl Fòm I-134A, kèlkeswa dat depoze, nan tout kantite travay ki annatant pou revize. Nou pral revize lòt mwatye total mansyèl la dapre lè yo te soumèt ka a dapre metòd premye antre, premye soti, ki bay priyorite Fòm 1-134A ki pi ansyen yo pou revize. Nou p ap aksepte yon kopi Fòm I-134A nan men yon sipòtè potansyèl si yon Fòm I-134A te deja soumèt ant menm sipòtè potansyèl la ak benefisyè a annatant. Si nou pa konfime yon Fòm I-134A, men yon sipòtè kwè ke li ranpli kondisyon yo pou yo vin yon sipòtè anba pwosesis la, yo ka depoze yon nouvo Fòm I-134A epi soumèt enfòmasyon adisyonèl kòm prèv.
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@your fav girl Sitiyasyon yon otorizasyon vwayaj ka chanje nenpòt ki lè akòz pwosesis egzamen an. Moun yo ta dwe kontwole kont USCIS yo sou entènèt souvan pou mesaj ak avi ki soti nan USCIS, ak pou estati otorizasyon vwayaj ki pi aktyèl la. Sistèm nou an montre ke Fòmilè I-134A ou, Demann sou Entènèt pou Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye, ki te depoze apeprè 17 fevriye 2023, toujou annatant. Malerezman, pa gen okenn delè pou pwosesis sa a. Si USCIS konfime Fòm I-134A ou a ase, w ap resevwa yon avi konfimasyon ki pral dekri pwochen etap yo nan pwosesis la. Si USCIS pa kapab konfime Fòm I-134A ou a sifizan, desizyon an se final. Sepandan, ou ka depoze yon nouvo Fòm I-134A sou non menm benefisyè a oswa yon lòt, oswa yon lòt sipòtè ka depoze yon Fòm I-134A nan non benefisyè a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite www.uscis.gov/CHNV. Si w gen nenpòt lòt kesyon, tanpri vizite Sant Kontak USCIS la, kote ou ka jwenn aksè nan zouti nou yo sou Entènèt 24/7. Si w demenaje, ou dwe mete ajou adrès ou ak USCIS nan lespas 10 jou lè w sèvi ak zouti nou an sou entènèt nan uscis.gov/addresschange, ak nan USCIS Online ou. Kont. Si ou poko fè sa, vizite myaccount.uscis.gov pou w ka enskri pou
lady wealth covering minouaSep 12, 2023
@your fav girl sa se reponse uscis voye bay support mwen an, case mwen gen 207 jour, yo pap fe anyen pou ou ke di ou tann
your fav girlSep 13, 2023
@Jesus is salvation tet chaje
Jefferson junior Smith Sep 13, 2023
@your fav girl thanks 😊

Popular hashtags