Joe Biden
May 29, 2023
Si Föm 1-134A Ase
Si nou konfime selon sa nou deside, Föm I-134A ase, benefisye a ap resevwa yon imel USCIS voye avek
eksplikasyon sou fason pou kreye yon kont USCIS sou entenet ak löt etap k ap vini yo. Benefisye a dwe
konfime enfomasyon byografik li yo nan myUSCIS, epi rekonet li reponn ak tout kondisyon yo tankou:
• Yon atestasyon ki rekonet
• ou pa yon rezidan pémanan oswa ou pa gen doub nasyonalite nan okenn löt peyi, epi kounye a ou pa
gen estati refijye nan okenn peyi, sof si DHS aplike yon pwosesis pou libète sou kondisyon ki menm
jan an pou moun ki soti nan peyi a; oswa
• ou se mari oswa madanm, patne ki nan inyon lib, oswa yon timoun ki pa marye epi ki poko gen 21
lane k ap vwayaje avek yon moun kalifye ki soti nan peyi a;
• Yon atestasyon ki sétifye ou konprann egzijans ki gen nan relasyon fanmi pou timoun ki poko gen 18 lane; ak
• Yon atestasyon ki montre ou respekte egzijans pou pran vaksen yo, oswa ou kalifye pou yon eksepsyon
anrapò ak egzijans vaksen pou lawoujol, polyo, ak premye döz vaksen COVID-19 Administrasyon pou
Manje ak Medikaman Etazini an (Food and Drug Administration, FDA) apwouve oswa Lis Itilizasyon nan
Ka ljans (Emergency Use Listed, EUL) Oganizasyon Mondyal Lasante etablic.
Lè I fin rive Etazini, benefisye a dwe rekonet li te fé yon tes depistaj medikal pou tibèkiloz, li gen ladan I yon
Tès Liberasyon Entèferon-Gamma (Interferon-Gamma Release, IRA), nan delè 90 jou.
Jwenn plis enfomasyon sou egzijans pou vaksen an sou apèsi pou paj atestasyon pou vaksen an.
ADVERTISEMENT
Jean Philips MichelMay 29, 2023
Jodia fèm 104 jou mwen pa janm aprouve
Joe BidenMay 29, 2023
@Jean Philips Michel patience zanmim gen moun ki gentan pase a 134
Je t'aime malgré tout May 30, 2023
hello!
kòman mwen ka verifye yon case kote yo bay receipt number epi yo di l unavailable nan aplikasyon ki la pou track case yo svp? @Joe Biden
Joe BidenMay 30, 2023
@Je t'aime malgré tout ou mal rantre number a
Je t'aime malgré tout May 30, 2023
@Joe Biden non.
Joe BidenMay 30, 2023
@cineus Guyberlus fok ou kite fumen wi li pap bon pou santew siw ka dim 5 post twop pou ou moncher Haitien qn se djab
Joe BidenMay 30, 2023
le finiw di ou pa gen problem ak nouvel yo epiw ap vinn dim li twop mon ami, sa map fe a se pou yon moun ki pa gen menm abilite avew pou sila ki pa gen moun pou informe yo pou pyes moun ki pa gen moun ki pou ede yo zanmi si se pou mwen isit lan la ou te met kitel paske si se information ki gen rapport ak programme nan map pataje epiw ap vinn blabla la tankou sonw bagay mal map fè ou mechan man
Joe BidenMay 30, 2023
mwen pa janm fè plis ke 4 ou 5 post par jour
Joe BidenMay 30, 2023
pil lot moun kap poste anyenk pa serye yo se nan boudam ou vini man m ka kite la pou ou avanw kitel beleive me @cineus Guyberlus te gen yon @daisy ki te lage nan boudam kounya se ou poukisa nou pa rete sou group whatsapp nou kreye a pounn pa we post pam yo bann mechan @cineus Guyberlus
Joe BidenMay 30, 2023
map bay information ou fem konprann li twop man kolanget mesye gadonw palet moun finalman isit la map rete konsa m disparet pou nou paskem pa gen okenn entere nan sa map fe a m pa touche pou li em pa gvf ke nou panse sann vle de mwen bann sadik e toujou konsa moun kap ede a se li ki bet nwa
Joe BidenMay 30, 2023
@cineus Guyberlus eske se nou tout ki la sou menm website yo?
Joe BidenMay 30, 2023
ki konsey ou vlem pran la menm?
Joe BidenMay 30, 2023
bon ok pa gen danje moun pa janm two gran pouw aprann map mandew pouw rann mwen yon sevis @cineus Guyberlus dim ki konsey wap ban mwen an menm fem we rezon de saw anvi dim wap we sim pap pran konsey ou a
Tiyo ElisMay 30, 2023
E moun ki pa resevwa email yo di USCIS voye ba yo a .
Joe BidenMay 30, 2023
@Tiyo Elis pran yon ti pasyans sa gen pou rezoud paske nenpot jan an fok yo reponn ou kanmem
shey labordeMay 30, 2023
132 jou wi
Tiyo ElisMay 30, 2023
Mwe pa pale de email confirmation non fanmim yo , m pale de email bénéficier ak sponsor yo resevwa a , gen moun ki pa resevwa .
Tiyo ElisMay 30, 2023
Ki moun ki kap dim ki sa yo panse de dat expiration yo mete nan tet form I-134A ke nou plen pou moun ki ayiti a.
