Maria Conzales
Aug 20, 2024
REMAK POU FO ENFO!!
GEN NAN NOU KI PRAN PLEZI NAN FE PIKE DEVAN SA VLE DI KOURI VIN POSTE ENFOMASYON KI PA GEN ANYEN POU WE AK LAVERITE.
SISPANN VOYE MONTE.!!!MAINTENANCE (UPDATE) KAP FET DEMEN MERCREDI A PA KONSENE PWOGRAM PAWOL LA LI BYEN PRESIZE SE POU (CRIS) KI SIYIFI CONTACT RELATIONSHIP INTERFACE SYSTEMS.
EPI MOUN KI DI PWOGRAM NAN REBALANSE JODIA SE FO PASKE POKO GEN NOTE KI SOTI SOU SA.SISPANN JWE AK PASYANS MOUN
GEN MOUN KI KONN LI E SE PA TOUT MOUN KI SOU LAWFULLY KI BENEFISYE SA VLE DI GEN ANPIL SPONSOR AK LOT MOUN KI SOU APP LA TOU. .ANN PRIYE POU YO REKOMANSE RAPIDMAN APWOUVE DOSYE NOU YO SAN NOU PA BAY FO ENFOMASYON.
MERCI BON LAJOUNEN
ADVERTISEMENT
Prince Lewis MERTELUSAug 20, 2024
mw wè Moun ki konfime yè uii Freo, konsa Gen not konfime tou uiii
Maria ConzalesAug 20, 2024
Prince Lewis MERTE depi le DHS te anonse pause la USCIS te tj kontinye pran kek grenn moun
ni DHS NI USCIS se 2 antite diferan chak se yonn sa vle di USCIS pa kanpe
se DHS KI PRAN POZ e se sa ki fe yo pa bay otorizasyon pou moun vwayaje
men moun kap kouri di nenpot bagay pou fe moun kwe san yo pa enfome nan sous enfo yo sa a se mechanste
Maria ConzalesAug 20, 2024
Pitit Granmet
kile li rebalanse?
toutan m poko we Alert ki di sa menm jan ak le yo tap pran poz la m poko ap kwe
Jewova CaseAug 20, 2024
bon yo te toujou ap pwouve moun . bon koman kè nou fe di konsa menm nou menm Ayisyen
Maria ConzalesAug 20, 2024
Jewova Case moun kap bay fo enfo yo ki gen coeur di
chak update USCIS anonse menm le se pa pou pwogram pawol la yo di se pou li
epi lot moun ki pa lire enfo yo gentan kontan
se moun sa yo ki gen coeur di
Rosa .Aug 20, 2024
w'ap byen pale men domaj ou rive yon kote ou voye vant ou.
depi yon moun sponsor sa otomatikman fè de li yon moun ki gen yon pi bon konprann?
Maria ConzalesAug 20, 2024
Rosa mwen pa pale de sponsor kom etan moun ki gen pi bon konprann
le yon moun pale eseye konprann sens sa li di a
mwen di app Lawfully gen tout kalite moun
gen benefisye
gen sponsor
gen lot moun ki nan lot pwogram ki pa pwogram pawol la etc...
mwen fe mansyon sponsor
se pou moun ki benefisye yo okouran ke depi gen yon Notification sponsor yo ap wel avan benefisye yo sou account yo.
yon fason pou nou pa kouri poste yon enfo ki poko verifye.
m pa we anyen m di ki fem voye vant mwen la
wallace 1111Aug 20, 2024
@Maria Conzales l moun yo still pa gen konprann ou juste nan saw di an, tout otan se pa DHS ki soti not pou di program nan rebalanse tout lòt enfòmasyon yo se fake li ye, depi se pou dosye pati ayisyen naïf anpil e kounya mwen vinn konprann sak fè raketè toujou ap manje lajan yo an
Maria ConzalesAug 20, 2024
Wallace 1111
pafwa yo fe espre yo pran poz pa konprann jis pou yo minimize yon verite ou relate
eyewitness 9Aug 20, 2024
mezanmi nap diskite koz Nou pa minm konnin ci youne Nan Nou laa se avoka immigration paret Tet ou paske sou sit USCIS, DHS , et cbp yo voye message ak concerné yo chak Jou an anglè et espanyol ki donk chak moune ka interprete yo facon pa yo Jan yo compran li min Nou minm Nou pa besoin kont yon lot opinion donk Nou ka lire , poste, min fô youne respekte opinion lot daprè panse pam
Maria ConzalesAug 20, 2024
eyewitness 9 mwen dako al komante w la men ou pa bezwen di tou si se avoka nou ye paret tet nou la a ou kontredi dernye paragraf komante w la.lolll 🤣
eyewitness 9Aug 20, 2024
@Maria Conzales l se distraction dè fwa Nou distrè Nou min mkon jounalis ki sou sit la minm Jan avek Nou moin Kon avoka tou tout monte sou sit la paske yo apliké Pou fanmi yo tou sis saa pa Selman beneficier ak sponsor li Pou tout moune et se pa Selman humanitarian parole ki laa mesier dame relax Nou ok delivrans Nou pa lwen SA ki mande Nan non seyè ya lap jwen li onon L'Eternel malé
Maria ConzalesAug 20, 2024
eyewitness 9 se sa m te di wi gad komante m yo
Rosa .Aug 21, 2024
Maria kòrèk nan sa li di yo wi, c yon sel pwen mw te mal entèprete aprèsa sa'l di yo c sa. @eyewitness 9 pa gen kesyon tout moun li chak moun konprann yon bagay c pa istwa c pa Roman c information pa dwe gen 2 entepretasyon c swa moun lan li li konprann oubyen li li li pa konprann sa'l li an
eyewitness 9Aug 21, 2024
@Rosa . moin pa kont opinion @Maria Conzales l min Nou ka compran nap rencontre ak tout kalité de post sa Poun pran serious nap pran sa Poun pa gade nou femin zieum Nou sou yo donk pa kite negativite yon moune voyew Nan troublay mesié dame delivrans Nou pa lwen SA ki kwè VA sové em swete Nou tout va join delivrans 🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏
Maria ConzalesAug 21, 2024
Antouka merci a nou tout zanmi m yo ki like post la
merci a nou menm ki komante
menm le kapab gen ti divejans nan fason nou konprann tel ou tel enfo
maintenance demen an li jeneral piske se USCIS ki bay notice la e nou konnen se li ki jere zafe imigrasyon alors ann kontinye priye epi tann ,ou pa janm konnen ki mirak ki ka fet pou nou tout kap tann yon repons depi lontan.
merci a Prince Lewis MERTE, Rosa,Pitit Granmet la ,Jewova Case,Wallace 1111,eyewitness 9, san m pa bliye tout lot zanmi m yo ki like post la,
Ann kontinye utilize sajes ,tanperans,konpreyansyon,respe yonn pou lot konsa nap tj rete pwoch sou app la.
mwen renmen nou tout anpil love💋🥰😀
Rosa .Aug 21, 2024
@eyewitness 9 c sa menm
ebyen fanmi'm ann tann suit la
n'ap suiv n'ap espere c sel sa nou k fè. mw swete ou menm tou jwenn delivrans ou tou ✌🏽
Rosa .Aug 21, 2024
@Maria Conzales merci anpil pou limyè ou pote pou nou chere post ak kòmantè ou yo enportan e yo gen anpil sans
kontinye klere lantèrn nou lhr ou wè lot moun ap eseye plimje nou nan fènwa
merci anpi
n'ap tann ak pasyans
nou renmen'w tou chere😊
Ray JnAug 21, 2024
kounya la pou stress Biden met nan kom la poum ta Chita li tt bagay sa yo mw konn volò
Maria ConzalesAug 21, 2024
Ray Jn lolll😀
Rosa .Aug 21, 2024
😀Ray
Sousmy DOMINIQUESep 6, 2024
Dosye yo anpil
Sousmy DOMINIQUESep 6, 2024
@Maria Conzales eske si yon sponsor aplike pou yon moun case moun nan pa konfime eske menm sponsor sa ka reyaplike pou menm moun nan ankò svp?
Christelle SalomonSep 11, 2024
Bonsoir
