Joe Biden
Jul 1, 2023
QUESTION - REPONSE
#PwogramBiden:👉kèk kesyon ki konn souleve inkietid anpil moun:
1- si paspò mwen ekspire aprè yo finn voye konfimasyon ban mwen kisa poum fè?
Reponse:👉wap fè yon nouvo paspò epi ou mande Uscis ranplase ansyen numero a pa nouvo paspò ou genyen an,paske CBP pap baw travel ak yon paspò ki eskspire
2-si paspò mwen pèdi aprè mwen finn jwenn travel autorizasyon an
Reponse:👉wap fè yon nouvo paspò rapid pou ka gentan vwayaje avan travel la ekspire
3- si mwen konfime epi numero paspò mwen te gen erè ladanl oswa yo mete nif mwen nan plas paspò mwen
Reponse:👉depi numero paspò ou gen erè ladanl,pa pran chans soumèt bay CBP ak yon paspò ki gen erè ladanl,mande uscis korijel.
Bon lanwit tout moun 🙏🏽❤️👊🏽
ADVERTISEMENT
