Joe Biden
May 22, 2023
Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak
Venezyelyen
DHS anonse pwosesis kote moun ki se sitwayen Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela, ak manm fanmi imedya yo,
ka fe demann pou yo vini Etazini yon fason ki san danje, epi ki nan löd. Nou ka konsidere benefisye ki kalifye ki p
ap viv Etazini epi ki pa gen ase dokiman pou yo rantre Etazini, sou yon baz dosye pa dosye, pou yon otorizasyon
vwayaj ki bay alavans ak yon peryod libète sou kondisyon tanpore ki rive jiska de (2) lane pou rezon imanité ijan
oswa avantaj piblik enpotan. Pou patisipe, benefisye ki kalifye yo dwe:
• Gen yon sipòté nan Etazini;
• Pase epi reyisi kontwöl sekirite ki estrik;
• Reponn ak löt krite kalifikasyon; epi
• Jistifye yon egzèsis favorab nan pouvwa desizyon nou.
Moun k ap patisipe nan pwosesis yo dwe gen yon sipòte nan Etazini ki dakò ba yo sipò finansye pou valè tan y ap
gen libète sou kondisyon Etazini. Se sipòte k ap viv Etazini a k ap fë premye etap la kote l ap ranpli yon Föm I-134A,
Demann sou Entènet pou ou ka vin yon Sipôté ak Deklarasyon pou Sipò Finansye, avek USCIS pou chak benefisyè
li vle sipòte, li gen ladan I timoun mine. Apresa, gouvènman Ameriken an pral verifye enfomasyon sipôté a bay nan
Fòm I-134A pou asire I yo kapab sipote finansyèman benefisyè yo dakò pou sipòte yo.
Gade anba a pou w jwenn enfömasyon anplis sou pwosesis yo ak kondisyon kalifikasyon espesifik pou peyi a.
ADVERTISEMENT
