Joe Biden
Jun 3, 2023
Pou google pa efase email account ou a men sa pouw fè
#𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐨𝐥𝐨𝐠𝐢𝐞𝐬: Pou evite kont @gmail ou efase daprè dènye anons @Google a. Swiv 6 etap sa yo epi rete tèt frèt:
1- Sitou pou moun kap patisipe nan pwogram #Biden lan, anpil bay yon imèl yo pa janm ale sou li, ale konekte sou kont ou si imèl ou te bay la te gen anpil mwa yo pat janm konekte sou li. Sa valad pou tout moun ki sèlman ekri imèl yo sou yon bout papye ak modpas li epi pa janm itilize l.
2- Konekte sou kont ou souvan: Konekte sou kont nou souvan, nan yon entèval 1 ou 3 mwa ede l rete aktif.
3-Sèvi ak kont Gmail nou pou konekte nan lòt sèvis: Lè ou sèvi ak kont ou pou konekte ak lòt sèvis, ou ka kenbe kont ou aktif epi evite l efase.
4-Fè konfigirasyon otomatik: Ou ka fè konfigirasyon otomatik pou voye imèl nan yon lòt adrès imèl pou asire w resevwa ak reponn ak nenpòt imèl enpòtan.
5-Kenbe kont ou sekirize: Asire w sèvi ak yon modpas fò , aktive otantifikasyon 2FA, epi kenbe modpas ou prive.
6-Sèvi ak Sèvis Google yo: Sèvi ak lòt sèvis Google tankou Google Drive, Google Docs, ... tout mannyè sa yo ap ede kont ou rete aktif.
#Next: Pataje ak zanmi nou epi rete konekte.
ADVERTISEMENT
Carl Stanley RaphaelJun 3, 2023
si ou konekte gmail lan ak facebook, youtube eske sa pap ede li rete aktif?
Joe BidenJun 3, 2023
@Carl Stanley Raphael oui
Joe BidenJun 3, 2023
@Fernal Fernal kisa wi fanmi
