Joe Biden
Jun 22, 2023
NB: antre USA se byen,men reyisi USA se yon lòt bagay
#Financial: mwen travay ak plis pase 500 klyan deja kòm bankye,konsta mwen fè majorite ladan yo pa konn kijan pou yo jere,epanye ak envesti lajan: NB: antre USA se byen,men reyisi USA se yon lòt bagay: Men yon plan aksyon senp map pwopoze nou: 1- Fè yon bidjè ( gade sakap rantre nan menw e kijan ou pral repati sa ki antre a) 🔹Adopte prensip sa: 50/20/30 50% nan revenu ou ap itilize pou peye kay,manje,rad,aboneman yo,epi peye fakti yo 20% kap itilizel pou fè tèt ou plezi,ale nan restoran,ede yon zanmi,fanmi etc... 30% pou epaye,oswa mete yon kote pa depansel,se li ou pwal envesti pi devan lew pwal fè yon biznis. 2-Etabli yon fon ijans ( enperatif pou fè fas ak kèk bagay ou pat atann,sa nou rele enprevi a) 3-Ouvri yon kont nan yon bank. Kont epay oswa kont kouran,men depiw poko gen biznis kont epay la ap pi bon pou ou paske ou pap peye frè pou li,men kont kouran mande pou peye bank la frè jesyon sou li. 4- kòmanse wè kè domèn oswa sektè pou komanse envesti lajanw te epaye a.
ADVERTISEMENT

Popular hashtags