biden kraze relasyon
Jan 17, 2024
konsèy pam aswè a pou nou
se vre nou gen pou nou ale... mwen ap byen kontan nou ale... men banm dinnou chak ki hen chans li sa! tou kite fyète nou ayiti wont nou kitel parès nou timidiye nou òguèy nou kote yo tanpri paske vi usa pa vi lux jan anpil nan nou pansel.. mwen padan mapnekri ave nou la mwen gen mounn mwen prop matante ap metel deyò nan moman poutèt yon afè kousen kanape ki tonbe... e li gen kèk jou depil ap pase mizè domi grangou pandan kay la gen manje ok se jis yn konsèy pa gen bon fanmi vre! sonje noubpral wè anba yo yo pa kontan vre sonjem di nou sa!
15
ADVERTISEMENT
paul moise josilJan 17, 2024
korek zanmim
v
ver sinJan 17, 2024
tout moun pa menm, men sa ki enpòtan chak moun jwe wòl pa yo.sa pouw met nan tèt ou depi moun nan te deside resevwaw lakay li li pa yon move moun. malantendi, pwoblèm kominikasyon ka fè bagay yo chanje. paske se imen enpafè nou ye.anvan ou jije lòt moun nan pase m’en nan ou pou wè si pa gen yon bagay ou ta dwe modifye.epi chita pale pou konnen ki sa moun nan te atann de ou.
v
ver sinJan 17, 2024
gen moun ki gendwa tap tann s’il gen yon fanmi desann lakay li d’épi lap travay omwens poul edel peye bil kouran oubyen bil dlo.menm lè li pa mandew eseye pwopozel sa d’épi wap travay pa kite se li kap peye tout pandan setan wap itilize yo, sa pa fè sans.eseye metew nan plas moun nan pou wè siw tap tolere sa. si nou wè bagay la konsa kwèm siw vle pa gen moun usa ki pap akseptew lakay li.
v
ver sinJan 17, 2024
yo travay di epi bil yo anpil.yo pap tolere yon moun pa ede yo se ajoute lap vin ajoute. epi evite fache pou ti Krik ti krak.
biden kraze relasyonJan 17, 2024
@sims ver mw dakò avèw
♍️ @udji 😍😍Jan 17, 2024
se nou menm sa wi, kap dekouraje moun, donk puiske yon bagay rive yon moun, nou tonbe jeneralize ka a?, nou toujou ak yon koze nou vinn wè anba moun usa, nou pa konn chak lè nap di sa, se yon sponsor nap dekouraje pran moun lakay li?, nou bliye si se sponsor yo ki pou fill pou nou? lè nou ap plede di nou ap vinn wè anba yo, nou pa panse gen moun ki pap vle sponsor moun?, ou byen menm sil sponsor moun li pap dakor resevwal lakay li?, m pa di nou pa pataje eksperyans nou fè, men kesyon nou panse se nan konpetisyon nap vinn ak moun usa , nap vinn gade anba yo, nap vinn veye fason yap viv, e byen nou fenk kare deyò ak vyen mantalite nou an.
biden kraze relasyonJan 17, 2024
@♍️ @ 😍😍 banm diw byen eske ou li sa mwen ekri avan komante
biden kraze relasyonJan 17, 2024
kiyes mwen poun ta ap dekouraje yon mounn
biden kraze relasyonJan 17, 2024
avan nou di yon bagay mezanmi li sa mounn nan ekri a epi bat pou konprann shiet mesye
♍️ @udji 😍😍Jan 17, 2024
@fòs Kouraj wi mwen byen li post ou an, e se denye pati w ekri ya ki vreman pa gen sans, kote ou di: SONJE NOU PRAL WÈ ANBA YO, YO PA KONTAN VRE SONJEM DI NOU SA. ou wè parol sa w ekri yo byen sonnen?, se kom si nap vini lakay yo, just pou nou vinn kontrole jan yap viv, se tankou se kay lenmi nou nap vini, sak rele nap vinn gade anba sponsor ki rann nou gro sèvis yo fill pou nou?, nou konnen gen moun ki fill pou moun ki pa menm fanmi yo?, yon sponsor pa gen okenn obligation pou fill pou pèsonn, donk suspann ak koze nap vinn gade anba yo an, se tankou nap vinn ak tout plan nou pou yo.
biden kraze relasyonJan 17, 2024
@♍️ @ 😍😍 antouka
biden kraze relasyonJan 18, 2024
@o si se pou mieu lontan ke anpil lot peyi depiw konn saw vle
biden kraze relasyonJan 18, 2024
@Andy Mevs monchè ayisyen anpil nan yo engra vre mkonn sa... e souvan bouche pou lot kap vini yo
biden kraze relasyonJan 18, 2024
@Andy Mevs anpil love pounou bro kontinye konsa
c
cleven isidorJan 18, 2024
Mwen renmen sa ke ou di. mwen abite USA. se tande mwen tande yo mete anpil moun Biden deyo. Si yon moun kapab ranpli pou yon moun antre ou dwe moun sa respet. Konnen ki les ou ye, men apran pou bese tet ou, lògèy pap ede ou. Si Bon Dieu ba ou chans pou rice, moun sa fek komanse ede ou. Fok yo ede ou fe papye travay ki koute $400-$500, fok yo ede ou jwen travay, jwen asirans sante, lekol anglè, apran ou kondwi. Men si moun nan mande ou pou ede li fe travay nan kay la, e sa gentan twop pou ou. E pou tan ou besoin manje Nan manje kap fet lan, bwe nan jus ki genyen an. Sonje ou desan kay moun nan fok ou adapte avek princip li. Rete avek moun pa fasil, si tou si se yon moun ou pa abitye. Fok ou entèlijan, jiskaske ou ka endepandan. Le konsa ou ka remesye moun nan e ale.

Popular hashtags