Joe Biden
Jul 16, 2023
Kèk abiman ou pa ta dwe mete le w pral vwayaje nan avyon ✈️
Se nòmal pou w abiye bèl, ak rad ou renmen, rad ou estime ki fè w byen lè w ap sòti. Men gen sikonstans ki mande kèk ti sakrifis selon kote w prale a ak kijan w ap vwayaje a. Abiman an ka fè w byen, kapab se li w renmen, men li ka pa adapte ak sikonstans vwayaj ou a, ke l te nan tren, nan machin, bato oubyen avyon. Sou koze vwayaj nan avyon an, gen kèk estil abiman nou ta dwe evite pote si nou vle vwayaje alèz, si nou ta renmen gade yon ti konfò pandan vwayaj la, sitou si l ap long. Sandal, talon wo ak soulye ki ouvè An jeneral reflèks tout moun ki vwayaje souvan, lè y ap fè wout long, yo mete tenis, oubyen yon soulye fèmen nan pye yo. Sitou si moun nan pral mache, monte mòn, elt… Se menm jan an tou, lè w pral monte avyon li pi bon pou w mete bagay ki fèmen pye w. « Si w konnen w pral leve al pipi, pa mete sandal ouvè. Anndan twalèt la se pa dlo ki atè a (ou ka imajine poukont ou). Lè se sandal ki nan pye w, nenpòt likid ki atè a ka vole sou pye w fasil », daprè esplikasyon Andréa Fishbach, yon otès American Airlines. Li ajoute pou l di « Talon an ap jennen w, si toutfwa ta gen yon evakyasyon rapid nan avyon an, talon an riske andomaje zòn sekou yo, yo ka menm blese lòt moun pandan evakyasyon an ». Rad ki sere, ki twò kole sou kò  Lè w mete rad ki sere w pou w monte avyon, li jennen w. Nòmalman pou yon vwayaj nan avyon ou ta sipoze mete rad ki laj sou ou, k ap pèmèt ou santi w alèz pou w bouje sou syèj ou a. Epi rad ki twò sere w yo ap anpeche w respire byen, y ap anpeche san w sikile jan l ta dwe sikile a. « Li enpòtan pou w kapab bouje jan w vle sou chèz w ap chita a. Rad ki laj la favorize yon pi bon sikilasyon sangin », madam Fishbach ap esplike. Kidonk evite mete jeans ki sere, k ap peze kò w. Lè senti rad la twò sere w li kapab fasilite w gen balònman. Pou evite jan de malèz sa yo, otès Fishbach nan konseye nou mete rad ki gen senti elastik pito. Oubyen yon senti ki gen riban, konsa w ka ajiste l jan w vle. Kouvri po w plis ke posib Lè w ap vwayaje nan avyon, tan w kouvri po w plis, li pi bon. Paske pa bliye kote w pral chita a gen anpil lòt pasaje ki pase la. Chaje jèm mikwòb k ap trennen sou tout sifas aparèy la, sitou chèz yo, atè a, do chèz ki devan w lan, kote w ap apiye yo, e menm pwanye pòt twalèt yo. Pwofesyonèl yo plis konseye pou nou mete sweatshirt, jogging, lè w ap pran avyon. Si yo an koton menm l ap pi bon. Non sèlman rad sa yo ap pwoteje w kont fredi ki gen nan avyon an, epi l ap pèmèt ou santi w pi alèz pou w bouje. Sous Myd ST CIMA
5
ADVERTISEMENT
Daughter of GODJul 16, 2023
merci anpil zanmim,,gen anpil moun kp pase sou mesaj la yo pp lil,pourtant idée ki degaje ladnn yo très très important
Kettelin CompereJul 16, 2023
konsèy la bon pou anpil moun ki pa konnen oubyen ki konprann yo ka vwayaje ak nenpòt rad. Mèsi anpil !
🎉💐🎉💞💕💗💓💋💝🎉 💞Dodo💞Sep 28, 2023
Mesi,map patage mesaj sila.

Popular hashtags