El Professor
Sep 7, 2023
Kisa nou panse de moun ki nan pwogram Biden nan ki poko jwenn repons kap depanse 3,4 mil dola pou ale mexique.
Eske se espwa nou pa gen anko?
eske se mizè? eske se rezistans nou paka fe anko?
eske se bandi ki lakoz?
#SOS
ADVERTISEMENT
patient of GodSep 7, 2023
moum San patient yo ye
Mackendy CelestinSep 7, 2023
@patient Love tout nèt ladanl ensekirite, grangou tout
Auguste Jean FenelSep 7, 2023
siw t abite Solino ou tap konprann kew pa oblije ret tann se lage pyew... antouka kòm nou pa nan menm zone pap gen menm emergency a
Ernest MakensonSep 7, 2023
eskew ka tann biden ou mexique tou??
Kenia PierreSep 7, 2023
@Ernest Makenson ou ka tann li whatever kotew ye an
Ernest MakensonSep 7, 2023
eskew siw te pran lè mexique,( cbp one) wap ka toujou jwenn biden ou
Miss T DSep 8, 2023
Ou surman pap viv Haiti. Tout koté ki te byen dous bandits finn pran yo fè moun kouri.
News update Sep 8, 2023
kòb Mw ki poko prè kifèm la tjr! 😞 préfère se Mexico 🇲🇽 nou ale olye c kidnapè nal bay kòb sa oubyen se lopital nal depansel nan retire bal oubyen c nan lanmò prématuré nal depansel sispann lage pawòl yo konsa lhr nou pap viv stress yon lòt ap viv… viva Mexico 🇲🇽😎👌🏽
Queen of SuccessSep 19, 2023
c pa kesyon de pasyans yo pa gnyn
nou pa konn situation moun nan ap viv
mw panse si moun nan t santil alez poul tann biden li kotel ye a li patap janm chwazi al depanse kob poul al yon lot kote
ann di pito yap eseye sove vi yo fason yo kapab
