your fav girl
Aug 16, 2023
I134-A
Biden te konnen très byen ak program sa anpil nasyon sitou Haitien tap pull up sou li, yo te deja atann yo tap
gen anpil aplikasyon. yo jus bezwen fè nou pedi tan, pou moun yo pa gen anvi pran route Mexique lan. nou rann nou kont ke nou ka fè tout 2 ans ap tann yon repons. apres 2 ans sa moun yo poko reponn yo, sa yap fe ak yo???
ADVERTISEMENT
Cebastien SAug 16, 2023
Mpanse program ap fini epi yap bay tout moun sa yo yon denial otomatik. (se jus yon opinyon, mwen pa pale paske mwen konn kijan imigrasyon USA fonksyone)
lady wealth covering minouaAug 16, 2023
@Cebastien S sa se nechancete li rele. fè moun nan Chita ap tann tandis que moun nan gen lot demarche li te ka fe poul voyager lot kote
lady wealth covering minouaAug 16, 2023
@Sandra Deriphonse oui m gen yon voisin mwen ki te ale depi mars 2023 mexique . li dim li fek rentrer Miami la sou CBP one program mexique la. Li rive yier li.menm ak madanm li pitit li
Girl On fire 1222Aug 16, 2023
Oh waw mkontan sa @Francois juliana sou konbyn jour cbp te voye travel pou li cher
lady wealth covering minouaAug 16, 2023
@Girl On fire 1222 program CBP one mexique la pa menm Jan ak sa haiti a. se pa travel yo voye baw ou pran lheur ak CBP one nan depiw jwenn lheur ou ale nan rendezvous a sou frontierre la oou yo baw yon papier ki vle di ou rentrer legal USA
Cebastien SAug 16, 2023
@Francois juliana pwogram Biden lan se tankou bòlèt ye, mpa konseye yon moun mete twòp espwa sou li, mwen di sa pandan mwen se moun Janvier. Li bon si dosye'w anndan men, fòk ou chache lòt bagay si sa pa mache, yon moun pa sipoze gen tout ze li nan yon sèl grenn panye.
Cebastien SAug 16, 2023
@Francois juliana si pwogram lan fè 2 zan yap pran 720 000 moun, pandan gen 2-3 milyon aplikan, e chif kantite aplikan yo ap monte chak jou, donk li enposib pou tout moun bon. Menm si Biden ta retounen sou pouvwa program lan ta fè 4 ane anplis, tout moun toutjou pap k bon. 😅Son tèt chaje wi.
lady wealth covering minouaAug 17, 2023
@Cebastien S oui gen anpil nan nou kap domi deyò. pran 720 000 - 2 ou 3 million wap wè combien moun kap domi deyò. Bagay sa se yon bagay fok ou gen 2eme option sinon ou foutu ladanl
