E
Edmond Simeon
Dec 18, 2023
#Humanitaran
Nou gen sa pou mès nou menm ayisyen. fok nou sispann, Moun nan ap plede poste oh wi Mesi bondye, Bondye ou fèl vre.. komsi tèt nou anvi pati, ou poko approuve. Pou kisa nou plede poste bagay san sans? Genlè tout tèt moun Ayiti finn pati. Yo mete yon application pou ou se rete tann. Laviw pa rezime sou pati. Si pwogram sa pat lanse pou nou sann tap fè, se statu moun ki gen kesyon a moun ki approuve nap veye svp sispann postè bagay san sans nan kominote forum nan hmmm mezanmi. Ou finn ekri grimas ou, moun ap mande si ou approuvé ou paka reponn, nou gen foli twop, se sak fè yo konn menm kidnape nou pou granmesi a wi, tan nou bat kò nou….
ADVERTISEMENT
G
God is GoodDec 18, 2023
ohh gad lavi🤣
lilibeth oscarDec 18, 2023
yo foulay vre🤣
2
24 JANVIERDec 18, 2023
M vrèman pa wè rezon ki ka lakòz yon moun pa dakò yon lòt rejui si l jwenn yon nouvèl ki fè l kontan. Lè nou konsidere yon moun ki rete nan yon katye popilè kote l sou menas gang chak jou l leve, se nòmal pou l rejui si l wè sa pra l chanje pou li. Nou pa dwe inyore tou sitiyasyon ensekirite a lakòz altènatif biznis Ayiti a prèske pa anvizajab ditou kèk kote. Sou pwobablite kidnape a, m vrèman pa wè mwayen pou moun ta viktim de sa paske l pibliye yon pòs isi a, sitou lè nou konsidere isi a pèsonn pa gen aksè a okenn enfo konfidasyèl sou pèsonn. Pou mwen li enteresan pou moun yo kontinye fete epi ba lòt moun espwa.
E
Edmond SimeonDec 19, 2023
@24 Janvier ki moun ki pa vle nou rejwi a? ap vinn ekri lèt long sa la , mw jis di app la pa pou foulay ni tèt moun pa dwat se sam di ohoh
E
Edmond SimeonDec 19, 2023
@Mike Moise bwe dlo ou nom bann levanjil fou
C
Cleef CheryDec 19, 2023
w'ap bon, Bondye ap delivrew
xyz aDec 19, 2023
ou pa tande nom yo frèm Ayisyen ui🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣🤣
2
24 JANVIERDec 19, 2023
@La familia Louis lèt pa m nan pa twò long pa rapò ak pa w la non. se sousi m te genyen pou m separe pa m nan an plizyè paragraf ki lakòz diferans lan. PS: Mpap pran defans Levanjil, m te jis vle ede w pi toleran.
E
Edmond SimeonDec 19, 2023
@24 Janvier ok écrivant
Gaillard StanleyDec 19, 2023
wap bon Bondye ap delivrew🙏🙏🙏
M
Marie Leandre Saint legerDec 19, 2023
🤣🤣🤣🤣genyen ki poko aprouve ki metel sesa La familia vle fè nou wè sepa vlel pa vle pou yon moun kontan lèl aprouve non mezanmi
Dec 19, 2023
bondye ap delivrew frem 🙏🙏🙏
God will do itDec 19, 2023
Oh oh menm la tou moun nan pa lib pou l selebre afè l. Gade jan yon moun soumoun nan kòlèt Ohhh..😠 Majorite moun kap use lawfully menm bon non yo yo pa mete menm epi wap vin pale anpil la, bay fout moun tèt yo. Chak lè yon moun di yo aprouve l genlè w pa konnen si se kouraj li bay sa yo ki poko bon yo. Epi pyès moun pa rete avèk ou la, ou pa ka wè post moun nan, jis hide moun nan. Ridicule!😏
God will do itDec 19, 2023
@24 Janvier Ou korèk! Se soumoun yo soumoun konsa. Mande l ki enfo li genyen sou moun kap itilize Lawfully ou pa konnen??🤷🏽‍♂️🤷🏽‍♂️🤷🏽‍♂️ Espèce de Ricidule la!
God will do itDec 19, 2023
@Mike Moise Pa okipe l… Mwen pa konn si se li achte telefòn oswa òdinatè moun nan ap itilize a bay li?? Ni si aplikasyon an se aplikasyon prive l li ye??

Popular hashtags