Claire B
Jul 24, 2023
Have Faith Everybody! 3 approvals yesterday 🇭🇹
Mwen aplike pou marenn Mwen depi 18 Janvier, nan mwa May mwen aplike pou 2 kouzins m. Ye dimanch lan yo aprouve tou le twa. 🇭🇹

Total Days: 187 days
Case
2023-01-18
2023-07-24
I-134A
187 Days
National Benefits Center: I-134A
Timeline Map
2023-01-18
I-134A
Submission to USCIS
2023-07-24
I-134A
D+187
Decision (Approval or Denial)
This timeline was created with the Lawfully App. Download the Lawfully App now.
20
ADVERTISEMENT
lady wealth covering minouaJul 24, 2023
@Claire B oh te gen moun 18 janvier tjrs ?? se nan 19 oui m te we yo ye. m kontan pou ou moun ou yo bon
Enide Etienne Jul 24, 2023
congratulations
🥰🥰🥰 🥰Jul 24, 2023
@Mimi the beauty mknn yn moun 18 janvier Juska prezan yo pako di anyen. bon gen yn moun 15 sou lawfully laa kap plenyen wi
lady wealth covering minouaJul 24, 2023
@Cindy Cajuste problem pap fini menm si yo pa ta nan 50 % lotteri a yo ta suposer gentan bon. paske uscis se nan moun 19 janvier yo ye la. se pou yo te eseye fe ti update nan case yo a. fe rele. m aprann uscis renmen moun enmerde yo
🥰🥰🥰 🥰Jul 24, 2023
wi yo di sa wi gon zanmim Ki relem ye dim sa fow plede rele yo @Mimi the beauty. bgy saa twop stressan
Tammy St JoyJul 24, 2023
@Mimi the beauty Jodi a yo reponn inpe moun mwen te fe an novanm lan ak desanm pou Venezuelan. so non se pa nan 19 Janvier yo. epi mwen gen Haitian ki pa anba Janvier yo reponn yo. pa bliye se pa Selman Haitian ki ap tann confirmation. Gen lot Nation ki te la deja. bagay pase main nan application an pa existe se moun ki vle fe kob sou Haitian parey yo ki ap fe sa. mwen travail ak tout lot Nation Selman Haitian ki ap pede vinn nan office la poum fe on bagay pou yo. mwen just di yo tann. yo pito al peye lot moun epi yo still ap tann anyin pa mache
lady wealth covering minouaJul 24, 2023
@Tammy St Joy problem pap fini. oui mwen we uscis ap travay sou case moun annee pase yo. yon moun se Selman priye pou program nan pa kanpe apres jugement aout la et menm apres kelkeswa jugement kap vini an
Tammy St JoyJul 24, 2023
@bela shnaidine Kkt program humanitarian sa existe depi 1953. li pap ka kanpe. rezon ki fe yo ap mache nan tribunal avel konsa se peyi yo ajoute yo ki koz. yo pa dako ak jan Biden just ajoute Haiti ak Cuba. ou konnin bagay politics kap fèt
lady wealth covering minouaJul 24, 2023
@Tammy St Joy yes kkt m konprann
Batisto BastienJul 24, 2023
très bien
J
John W PierreJul 24, 2023
felisitasyon pou ou paske bagay sa stresan anpil wi.
rose scorahJul 24, 2023
God bless u girl im happy for u @Claire B good luck
Claire BJul 25, 2023
Thank you everyone! si nou gen kesyon. Nou met voye mesaj pou nou poze m. Map bannou repons daprè experians Mwen ak sa mwen konnen.
Kettelin CompereJul 25, 2023
nou di Bondye mèsi pou sa.
Rafael Maceo Jul 25, 2023
congrats 👏
lady wealth covering minouaJul 26, 2023
@Tammy St Joy ou konn 3 kout Kanno pou verite sou facebook?? misye poze candidat deja pou senateur America. li te nan larmee. misye di yon bagay aswe a la ki boulverser lesprit mw . Men sal di a: ( Siw se yon benefisyè program Biden nan, depiw gen papye travel fe tikew avan mwa Septanm, mw sot nan yon zoom la, demokrat yo vle fe kompromi sou program nan ak repibliken nan yon mwayen pou yo jwenn yon antant sou bijè 2024 la nan Septanm pye kout pran devan, rankont final la ap fet 28 Aout map di nou sak tonbe, kom nou se sen Thomas rete tann le date sa rive, mesi.) m bezwen konn siw gen info de sa.
R J SJul 26, 2023
congratulation
Tammy St JoyJul 26, 2023
@Everline francois Non kkt bagay mwen pa janm fe swiv moun sou Facebook kap bay nouvel. mwen konn li mwen gen internet tou. mka fe rechech pam. mwen utilize Facebook pou plezi. mwen gen 15 ans ap fe business immigration services ak taxes se pa nan bouche Haitian sou Facebook ki vinn konn immigration pandan program lan vini an mpral pran nouvel. depi se pa sou USCIS.gov News mwen pranl mpa kwé li
Tammy St JoyJul 26, 2023
@Everline francois. siw gen internet sou telephone ou epa tout sa on moun di pouw kite baw problem. ou ka fe rechech paw. tout bagay yo la. Gen anpil moun map gade kap rablabla sou rezo yo ki pa konn anyin de immigration se pandan Haiti patisipe nan program lan yo vinn konnin li la. e yo pat minm konnin si bagay sa te existe depi 1953 so. anyin pép sa di map kwé
lady wealth covering minouaJul 26, 2023
@Tammy St Joy okay cherie mwen moucher a fè kèm kase yier paske gen anpil bagay li te konn ap di de mexique ki te konn rive vraiment. Merci pou recomfort ou

Popular hashtags