Mackendy Celestin
Aug 31, 2023
Haiti vs Nicaragua
map di bon DIEU mèsi paskel fè fanmiy lan rive mexique an byen sèl sa yo reproche se fatig la apre sa bèl vwayaj paske pagen rete dòmi nan otèl pouw al peye kòb otèl se yon fwal ye me procesus yo vòl pòtoprens pou Nicaragua NB:se avion ✈️ nou fwete pou yon kantite moun paske ayiti pagen relasyon diplomasi ak Nicaragua menm jou ou rive Nicaragua a aprè anviron 30mn taxi 🚕 vinn chachew nan airport pou al depozew Honduras a NB:planification te gentan fèt depi ayiti wap pran anviron 12h tan pouw rive Honduras lèw finn rive Honduras touswit gentan gen yon lòt taxi 🚕 ki vinn chachew pou yo al depozew Guatemala NB: chak peyi sa yo lèw rive fèw tcheke paspòw plis yon ti kòb anba pou raketè paske se yo kap gidew fèw jere yo de Guatemala a Mexique sa ap pran anviron 20h tan paske se nan machin fèw fè scale tout pakou sa yo ka koutew anviron 1200$US dèfwa yo baw manje dèfwa tou wachte manjew lèw finn rive mexique moun yo svp pa kouri al nan fontyè a pouw antre etazini paske si yo kenbew ayiti kap konnenw ankò sa vle di tout vwayaj yo ap pase nul mwen kite ou mwen tap pozem mexique anviron 2 mwa se jis pouw gentan jwenn ti rezidans pèmanan an se lè sa ou ka antre sou fontyè a de je fèmen menm si immigration ta kenbew voyew ayiti wap ka tounen mexique alèz pouw retounen al tante chans ou sou fontyè a ankò mwen menm map tann Biden mwen mexique sou 2 mwa li pa tonbe fontyè li ye tonton mèsi
ADVERTISEMENT
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@Sandra Deriphonse bagay raketè a pa grav se kòmsiw vini pòtoprens pou la première fois epi ou pa konnen zòn nan trè byen olye ou peye machine de station an pou rive delma se 25 gdes lèw mande chofè a li di 30 a 35 gdes paskew pa konnen se nan sans sa se pa raketè kap pran kòb nan menw poul fèw pase paske tout dosye gentan legal depi ayiti dk boo
🥰🥰🥰 🥰Aug 31, 2023
@Mackendy Celestin fe nou jwenn kontak la nn
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@Cindy Cajuste 32787953 whatsapp
vi viAug 31, 2023
e pou ti kat resi dans lan Kmn sa te ye ou jwenn moun edew jwenn li fasil
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@vi vi wi men fèw gen moun
michel jobAug 31, 2023
map konseyew pa kontinye fè post sa yo ankò sou lawfully tande baz
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@michel job anh ok mwen konprann saw di a wi
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@Bettie St-Hilaire se pa pou sa @michel job di sa non se paske lawfully se yon aplikasyon américain Nicaragua pagen okenn rapò ak sa
Remise ClermontAug 31, 2023
konbyen kob yn moun ap bezwen voyage la svp
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@Santrich Rock non
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@Clermont Remise 2500$ wap mache ak 700$ pòch
Mackendy CelestinAug 31, 2023
@Clermont Remise kòb sa se pou Nicaragua pou rive mexique
Remise ClermontAug 31, 2023
eske lajan tikè a ladanl
vi viSep 1, 2023
ok
Moun MasSep 1, 2023
@Mackendy Celestin d brezil a meksik konbyen sa k koute..
Si deside fèl nan bus konbyen sa k vini?
E avyon konbyen sa k vini..?
Mackendy CelestinSep 1, 2023
@Santrich Rock non 3200$ wap bezwen wap peye ajans lan 2500$ wap kite 700$ kòb pòch
Mackendy CelestinSep 1, 2023
@Moun Mas mwa pa konnen de brezil a Mexique se Nicaragua a Mexique sèlman mwen konnen
