Live webinar
Responding to EB-2 NIW RFEs: Real-Time RFE Data & Strategies
Live webinar with Immigration Attorney, Judy Chang
Tuesday, May 26, 2026
12:00 PM EST
Save your spot here!
Joe Biden
May 27, 2023
Etap pou Pwosesis la
Benefisyé a pa kapab aplike direkteman pou pwosesis sa yo. Se yon sipote nan Etazini ki dwe ranpli epi depoze Föm 1-134A la an premye nan USCIS nan non benefisye a, epi ajoute enfömasyon sou li ak fason pou kontakte I, tankou yon adrès imël. Si nou konsidere Föm 1-134A la ase, dapre desizyon pa nou, n ap voye enfomasyon benefisy@ a nan pwochen etap pwosesis la pou yo kapab egzaminen I pou otorizasyon vwayaj nan Etazini ak konsiderasyon pou libète sou kondisyon nan yon ayewopò pou rantre. Depi benefisye yo resevwa otorizasyon vwayaj la, yo dwe aranje yo pou vwayaje direkteman nan destinasyon final yo a ki se Etazini. Lè yo rive nan pò antre enterye a, CBP ap enspekte moun nan epi l ap mande pou yo soumèt enfomasyon anplis, li gen ladan I anprent, pou yo kapab fe plis anket byometrik, epi apresa y ap konsidere dapre yo deside pou bay yon libète sou kondisyon. Nou p ap konsidere moun k ap eseye rantre Etazini apati yon pôt rantre ki até pou libète sou kondisyon atrave pwosesis sa a, epi jeneralman nou a kite yo rantre. Men kek etap enpötan nan pwosesis sa yo: Etap 1: Sipò Finansye • Yon sipote k ap viv Etazini ap soumèt Föm I-134A, I ap fè Demann sou Entènèt pou ou ka vin yon Sipöté ak Deklarasyon pou Sipò Finansye, avek USCIS atrave potay myUSCIS ki sou entènèt pou kömanse pwosesis la. Föm I-134A la idantifye epi kolekte enfömasyon alafwa sou sipote a ak benefisye a. Sipote a dwe ranpli yon Föm 1-134A apa pou chak benefisye li ap sipòte, li gen ladan I manm fanmi pwöch ak timoun ki miné. • USCIS pral kontwole sipôte a pou asire li kapab sipòte finansyèman benefisyé li dakò pou sipòte a, epi pwoteje I kont eksplwatasyon ak abi. USCIS, selon sa nou deside, dwe kontwole epi konfime sipòte yo anvan | kontinye nan pwosesis la. Etap 2: Soumet Enfomasyon Byografik • Si USCIS konfime yon sipôte, benefisyé li mete a ap resevwa yon imèl USCIS voye avek eksplikasyon sou fason pou kreye yon kont USCIS sou entenet ak löt etap k ap vini yo. Benefise a dwe konfime enfomasyon byografik li yo nan myUSCIS, epi rekonet li reponn ak kondisyon kalifikasyon yo. • Nan kad konfimasyon pou kalifikasyon sou kont sou entent yo a, moun k ap mande otorizasyon pou li vwayaje Etazini a dwe konfime li reponn ak egzijans sante piblik, li gen ladan kek egzijans sou vaksinasyon. Etap 3: Soumèt Demann lan sou Aplikasyon Mobil CBP One • Apre moun nan fin konfime enfomasyon byografik sou kont sou entenet li a, epi ranpli atestasyon kalifikasyon ki obligatwa yo, benefisye a ap resevwa eksplikasyon atrave myUSCIS sou fason pou gen akse ak Aplikasyon mobil CBP One (PDF, 771.55 KB). Benefisye a dwe mete enfömasyon byografik li nan CBP One epi bay yon foto. Etap 4: Otorizasyon Vwayaj ki bay Alavans pou Etazini • Lè w fin konplete Etap 3 a, benefisye a ap resevwa yon avi sou kont sou entènet li a k ap konfime si CBP ap bay, selon sa li deside, otorizasyon vwayaj ki bay alavans pou Etazini pou mande yon libète sou kondisyon selon sa yo deside, sou yon baz dosye pa dosye. • Si l apwouve, otorizasyon sa a valid pou 90 jou. Se benefisye a ki responsab pou oganize pwöp vwayaj li atravé avyon pou Etazini. Apwobasyon pou vwayaj ki bay alavans lan pou vwayaje pa garanti ou ap rantre oswa ou ap wenn libète sou kondisyon le w Etazini nan yon pò rantre Etazini. Libète sou kondisyon se yon desizyon CBP pran nan p° antre a, li pran I sou baz sa li jwenn pou jistifye libète sou kondisyon an ki dwe fêt pou rezon imanite ijan, oswa pou avantaj piblik enpòtan. Etap 5: Mande Libète sou Kondisyon nan yon Pö Rantre • Le yon benefisye rive nan yon pò rantre, CBP ap enspekte I, epi l ap konsidere pou li bay selon sa li deside libète sou kondisyon an sou yon baz dosye pa dosye. • Nan kad enspeksyon an, benefisye a ap sibi verifikasyon ak kontwöl anplis, li gen ladan I kontwöl byometrik anprent yo jan pwosesis enspeksyon CBP a mande pou fe sa. Moun yo detemine ki reprezante yon menas pou sekirite nasyonal oswa sekirite piblik la, oswa ki pa jistifye libète sou kondisyon selon sa yo deside apre enspeksyon an, pral suiv yon pwosesis apwopriye, epi yo ka voye yo nan Imigrasyon ak Dwan Etazini (Immigration and Customs Enforcement, ICE) Etap 6: Libète sou Kondisyon • Jeneralman, moun ki benefisye yon libete sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo nou libere yo Etazini pou yon peryòd ki rive jiska de (2) lane, pou sa fèt gen egzijans sou sante ak kontwöl ki aplikab, epi moun nan ap kapab aplike pou yon otorizasyon travay selon règleman ki egziste yo. • Moun ki benefise yon libète sou kondisyon ka fè demann yon otorizasyon pou travay apati USCIS pandan y ap depoze yon Föm l-765, Aplikasyon pou Otorizasyon pou Travay, swa sou entènèt oswa pa lapòs
ADVERTISEMENT

Popular hashtags