PEPE LIKE A BOSS
Dec 2, 2023
Bondye beni nou fanmim yo 🙏🏿🙏🏿🙏🏿
Map di nou tout kila yon gran mèsi pou jan nou toujou ap monte moral chak grenn moun.
mw ekri la se poum jis di nou ke mw ap dezenstale app la paske mw vrèman santim pakab ankò strès ap fini avèm a chak fwa mw monte sou app la poum wè se plis plenyen uscis ap fè nou plenyen akoz li pa tèlman aprouve kantite moun menm jan li te konn ap aprouve yo oparavan.
Mw m se yon moun 24janv, depi lèm te gen 60 jou
mw te toujou mete nan tèt mw ke map bon avan 90jou
mw te gen yon viza dominiken mw te di banm al vizite peyi vwazen an pandan yon 20jou aprè poum lage pyem nan Biden. nicaragua ouvri mw jw yon zanmim ki dim ann fè wout la ansanm mw dil map tann Biden e li nan Biden tou li menm li se 26janv, li ale li pa pran yon mwa li gentan rive USA.
Mw vizam fini menm fèk kare kay vwazen an
ak koze imigrasyon ou paka vrèman fonksyone ou te mèt lakay ou sou tansyon.
Mw wè Biden poko vle di anyen pou mw, mw pap pami moun kap li kòmantè nou yo ankò paske mw vrèman pa byen, lè pou dosye yo ta mache pi rapid pou yo ta jere 23 pou yo antre nan 24 bon se lè sa mw wè pa vrèman gen aprouval. antouka mèsi, mw te toujou pran sanm pran tanm poum te toujou li chak grenn mesaj nou yo tankou se mesaj whatsapp mw , ni sa ki bay ide pozitif ni sa ki bay ide negatif.
lè yo ta deside rpn mw map remete ap la poum ka jis anonse nou sa. mèsi 🙏🏿🙏🏿🙏🏿
ADVERTISEMENT
Shabiby Saint LouisDec 2, 2023
mw pa kwè se yon bon ide non daprè mw app la edew plus nan jere stresse la li pi fasil pou konn lèw Confirmed sou App la ke Lèw resevwa Email la
NeyandreTrubel Neyandre Jéhu FilsDec 2, 2023
kite app lan menm siw pq mnte su li
Jessie 💕❤️🥰😍 pierreDec 2, 2023
mwen se 24 tt Bondye konn tt bagay pasyans 🙏
Keyla JeuneDec 2, 2023
Bonjour très chèr m li em konprann mesaj la!
m swete nou konprann Sam pral ekri a bien c pa yon bagay personnel m gen ak nou tou!
m’en de 2020 a 2023 m’en koze pati fèm konprann! depiw gen pouw deplase al yon kote Siw ap tann kelkeswa Sal ye kit kite visa rezidans or je sais pas pas mete espwaw a 100% ni tou pa kanpe sou saw tap regle programme Biden sa fè anpil nan nou fè tèt nou du tò ex mwen menm m yo te fil pou mwen en février pati mars m kanpe sou biznis mwen m te te gen poum al aprann yon bagay menm la tjou pi rèd en un mot m panse année à sanm pa regle anyen ap tann m’en preske gen 10 mois ap tann menm Jan gen anpil lot moun ki te kouri vann tout sa yo genyen epi boom soi je yo pa konfirme ou byen yo poko janm jwenn répons et bagay la vinn pi drol ou ka wè w ap pati pou 300 jours epi boom #casenotfirmed mezanmi Ann repanse bagay Ann bag tèt yon activity pou si sa ta pi grav pi Devan nan programme poun pa fou mwen se travay map cherche poum fè de koi ke se programme nan ta kanpe sou mwen pou sa pa trop dérange lesprim!
♍️ @udji 😍😍Dec 2, 2023
ou al vizite kay vwazen epi w kite viza w fini?, epi malgre viza w fini ou rete ap pran stress immigration?
Ernso ........Dec 2, 2023
monchè son bèl mesaj wi ou pran pouw ekri la
men dezinstale aplikasyon an ou pa se pa sa ki pral fè lespriw pa sinkronize ak pwogram biden sa frem
li gentan inkane nan lespri nou nap veyel nap tann li e fòn jwenn li vle ou pa sa paka pa aji sou nou
m toujour di map dekouraje map tonbe map leve frem
mpaka fe anyen ke tann toujour koz
nous gentan abandone on pakèt bagay pour email sa donk le ou la fason nap tann li
Brother ann fokis lè pa nou an pral rive la pèsòn pap ka bare'n ankò
èvèjannouprale
@OMG Eagle the ...Dec 2, 2023
@PEPE LIKE A BOSS, bro... mwen komprann stress ou zanmim, wap di siw t konnen ou pa tap la, image le fet kew pa bò kote zanmiw laa, hmmm.. few kòman dire, huh fantôme ap dansé nan têt ou.. please, pa kité yo dominew pou few retiré case tracker/ lawfuly an nan Tel ou... Wap bon! oké, Maître Inivè an wè soufrance ou yo 🫂........
Oui, @Keyla Jeune.... C ret konfyan et positif épi avancé kel yé, mwen c sam fè 🤝🚶♂️
Luna PierreDec 2, 2023
Hmmm bagay yo du e yo parèt vrèman raz
panda Wap tann tann yon lòt fenk parèt li bon
Wap gade moun ki prale chaj jou ou wèw la tj, priye c kòmsi BD pa tandew
Antouka nap tann yon rps kanmèm, Mw mpa gen lòt wout map fè san rps lan
Guillano PIERREDec 2, 2023
zanmim, fanmim, konpatriyot mwen, banm baw yon konsèy, kite app la la e chak jou moute souli chak jou gade tout sak gen rapò ak pwogram Biden nan, konsa yon jou wa di gen yon mesye kite rele Guillano PIERRE kite baw yon konsèy konsèy sa te bon pou ou, map pataje yon ide avek chak grenn Moun kap gen pouli komantè sa, pwogram sa li pa sèlman kafè yon Moun antre usa 🇺🇸 men li fè anpil nan nou aprann gen Pasyans nan lavi e li fè nou aprann konnen nou tout ka nan menm station pou nou ale nan yon ville men nou pap ale menm kote, kisa mwen vle diw nou tout gen pou nou ale usa men nou pap ale nan menm kay se sa lavi ap aprann chak grenn Moun ki nan pwogram nan. mwen Swete ou kouraj wap rive gen konba kanmenm 🤝
Guillano PIERREDec 2, 2023
tout Ayisyen kila mwen vle nou mete sa nan tèt nou tout sak fèt nan lavi gen yon rezon kibon pousa, gen yon rezon kibon pou ou men ou ka pawèl jodia men demen wap wèl. mwen menm kap diw sa mwen anba yon moun 23 janvier mwen menm yo aplike pou mwen depi 25 Février, men chak semenn ki pase map konpran lavim pi byen se gras ak tan map pase a wi, gen fanmi ki usa sepa Moun yo ye non.
Master ODAN JOEDec 2, 2023
M konprann sousi w ak enkyetud ou, m'espere w'ap gen tan li mesaj mwen avan ou dekonekte. Lavi menm , se toujou chanjman , gen on pakèt bagay eksteryè nou pa gen okenn kontwòl sou yo. C sa k fè ou dwe gen gratitud pou w di te k'ab gen pi mal. Paske , gen moun bandi kidnape depouye yo, sa k kite plizyè konstriksyon ke yo fè, sa ki mouri ,elatriye... M konprann ou k'ab gen sousi, on ti teknik senp ki k'ab ede w : avan w dòmi , ni lèw reveye ,remèsye lunivè pou 3 bagay ou fyè de yo nan vi w , sa ap ede w ret pozitif. Reflechi si w k'ab jwenn lòt altènativ ann atandan Biden reponn ou, k'ap esew rete pozitif. C te ti mo pa m pou ou @PEPE LIKE A BOSS
Timore BerthonyDec 2, 2023
Mwen salye chak moun ki la, nou chak ap viv eksperyans sa yon fason avèk petèt yon seri enkyetid ki pa menm. mwen gen yon aplikasyon I-129F depi 2021 nan USCIS, sanm pa fè istwa long, Juin 2023 anbasad USA kontaktem pou fè swivi poum pran yon randevou. li koutem 650$us pou medical e 265$us pou visa. Mwen jwenn randevou interview pou 9 Out e moins ke yon semenn anvan 9 la anbasad la ekrim pou dim randevou cancel jiska kote m ap ekri a la.🤷🏿♂️🤷🏿♂️🤷🏿♂️🤷🏿♂️
brother pran kouraj man. petèt ke rèv ou ap retade men pran SIKSÈ kòm vanjans mete nan tèt ou pou w tann. e pa ezite kriye lè w santi sa non.
mwen nan Biden depi 13 Fevriye menm jan ak nou, e mwen mexique la depi 12 Octobre😄. Ma p chèche rèv la zanmi.
Ann chècheche sa nou bezwen e pa chita tann li🤚🏿🤚🏿🤚🏿🤚🏿🤚🏿😀😀
Ou imajine yon neg fiyansel ap tann li depi lè sa, sa k konnen sa kap pase bro?🤷🏿♂️🤷🏿♂️🤷🏿♂️😃
V ADec 2, 2023
Antouka kouraj zanmi ka paw lan pa twò diferan de mwenaak tout fanmi mwen,map tann depi 26 janvye e jis kounya USCIS polo dim anyen m bay vag wi
Roseline JeanDec 2, 2023
ou pa pou kont ou zanmi nan stress sa mwen te dezinztale pam nan 1er decembre lan la mwen reinstalle li m we se pa dezinztale li a ki solution an ok courage yo ap rive sou ou
Gaillard StanleyDec 3, 2023
bondye ap delivrew🙏🙏🙏
