USCIS .
Dec 11, 2023
Atansyon ! Atansyon!
Mwen espere tout moun anfòm malgre tout bagay. mezanmi sonje kijan anpil ayisyen ye (pwofitè), nou dwe entèlijan pou yo pa bon sou nou. anpil bagay ap fe pale anpil sou rezo a, men kèk : - Booster Case : pa okipe moun kap mandew lajan pou yo booster case ou. Pa gen sa vre. sa ka rive yon moun edew verifye si pat gen erè nan aplikasyon an, men li paka garantiw ke lap fè yo reponn ou pi rapid. - pwogram lan kanpe : pwogram lan pa kanpe. sonje se pa tout moun ki bon kap pataje sa ak lòt moun, e sonje tout nèg ki sou twitter yo pa gen numewo tout moun ki aplike. donk yo pa gen kenn otorite ni ase prèv pou di men ki dat kap mache, men ki dat ki pap mache. - Lawfully : pa bliye, menm lawfully diw algorithm yo a pa gen ase done pou ta predi jan case yo ap mache. anplis, yo di w yo pa gen kenn rapò ak USCIS. donk pa touye tèt nou lè nou pa gen GEMS. Sonje se pa sèl lawfully ki egziste kòm case tracker, gen moun ki utilize lot yo, konsa gen moun se sou website la dirèk yo tcheke case statu yo. Konsèy: - rete tèt frèt, aprann, siw nan university pa kanpe etid la paske yo fill pou ou. ou ka sezi wèw tap gentan fini. - pasyans, pasyans, sonje leta ameriken pa dwe w anyen. e yo paka annik pran tout moun voup yon sèl kou, se sak fè gen QUOTA chak mwa. pa fè fwod, pa bay moun lajanw pou gran mesi. - Toujou sonje. kit pozitif, kit negatif, wap jwenn yon repons kanmenm. e gen plis apwouval gen moun yo deny case yo. #USCIS #I134 #Haiti
11
ADVERTISEMENT
Lukenson Haenley JOSEPHDec 11, 2023
Byen pale zanmi
eyewitness 9Dec 11, 2023
bel parole mesi bokou
El ProfessorDec 11, 2023
mesi anpil
El ProfessorDec 11, 2023
veye nou al rakete
El ProfessorDec 11, 2023
veye nou ak vole nan biwo leta pou paspo nou
Lysa ValverdeDec 11, 2023
men kòd parenaj: HUVAIA ajoute "P" dèyè li
USCIS .Dec 11, 2023
USCIS anonse li pral fè yon update nan sistèm nan mèkredi kap 13 #DEC 2023 a 11:50 pm lap fini jedi kap 14 #DEC 2023 a 2:00 am , mwen swete yo tou rantre nan 24 janv pou 2 bon pu yo tou pase dekrase anyen dat yo pat gentan pran yo 👌👌
@OMG Eagle the ...Dec 11, 2023
klè!!! 🤌 gen ampil diaspopom kab tann jou sa la, kolé! kolé 🦅🦅🦅
Mir VicDec 12, 2023
CODE PARRAINAGE 💎👉 QQA62X1
Dec 14, 2023
amen
dieuvensky merizierJul 2, 2024
merci beaucoup

Popular hashtags