Reex Case
Sep 3, 2023
Aprè lè ou fin rive Etazini...🤔
Poukisa pifo moun case yo konfime yo montre kontantman sans bornes sou tout rezo yo men une fois yo rive se komsi kontantman ap diminye jou aprè jou... Eske se conception moun yo te gen de peyi a ki vin chanje? Ki plan ou genyen pouw adaptew nan peyi ? Ki fason ou konte ede pwoch ou ki rete Ayiti ? #I-134A
19
ADVERTISEMENT
alterson andre calixteSep 3, 2023
Moncher bro sa yo te panse a epasa frem.
Hermionn VargasSep 3, 2023
très belle remarque
r
ro thoSep 3, 2023
pawol serye
Mackendy CelestinSep 3, 2023
@Regine Elyse tèt chaje
Cebastien SSep 3, 2023
@Regine Elyse sa vrèman tris, men eske moun lan rakonte'w tout istwa a ? Mpa kwè pou pwòp frè'w ap mete' w deyò konsa.
B
Bayawon Neg BostonSep 3, 2023
le yo antre etazini yo panse yo vin kay moun yo pa vle ede nan fe anyen, menm ti bagay ki pi mimim nan kay la epi moun la ap peye bill.. yo mange anpil, yap utize kouran, dlo ect.. plus yap pleyen yo pat kon fe lave toilet, fe mange, menage, koupe zèb, netoye lakou, pele neige. moun USA fout yon paket deyo lakay yo… Parese pa vini nan peyi etazini rete lakay ou Haiti siw paka acepte ede moun ki bay rete lakay li a en atandan ou al lakay paw.. Gen yon seri ladanl yo ki pa mande moun conseil avan yo fe yon seri de bagay. Gen yon semen pase a ki al pran manchi pouli kondui san li pa konnen règ circulation li frappe yon timoun bò yon School Bus kounyea li nan prison yon bali yon bail $50.000 pou li lage nan prison avan li al tan jugement.. ou fenk antre : Pasyan, pa prese fe anyen, focus, Rete humble, gen bon discipline, ak courtoisie, mande konsey, cheche jwen yon ti travay, chemen lekol epi ede mou ki baw rete lakay li aa nan fe ti travay..
S
Sassy ASep 3, 2023
Etazini gen yon reyalite, se lè w la pou konprann li. Lè nou menm ki la explike w, ou di se vle nou pa vle w vini. Mwen m ta renmen nou tout vini pou n wè pou tèt pa nou. “Amerika pa paradi” nou pa dakò yo di n sa; e se vre paske se sousi kap kontre bò isit pou anpil moun. Peyi a se jis youn ki bay anpil opòtinite, men se pa pou moun fèb, se pito pou sila yo ki pa pè travay ak al lekòl, sila yo ki dakò met kanson yo nan tay yo pou yo goumen, sila yo ki gen anpil motivasyon ak detèminasyon. E fò w pa kite awogans ak ògèy mennen w sinon wap fenk kare ap kase tèt zòtèy ou. Lè yon moun resevwa w lakay li, sa pa senp non. Se pa jis yon dòmi moun nan ba w epi sa fini non. Akoz ou ajoute nan kay la, tout plan finansye/depans moun nan chanje paske tout bil li nèt ogmante pandan ke se pa ogmantasyon moun nan jwenn nan travay li. Si moun nan te deja pat nan bon job ak yon salaire rezonab bagay yo te deja difisil pou li, sa vin pi difisil.
S
Sassy ASep 3, 2023
Anpil nan nou lè n vini, nou pa dakò menm pou n ta voye je sou timoun yo pou kòb daycare/babysit la ta pase nan bil nou ogmante yo, nou di se pa pou sa n vini. Gen moun nan ki oblije travay plis jou plis lè pou l ka kouvri extra depans nou, anpil nan nou pap menm pase yon bale, lave kèk veso, fè kèk ti travay nan kay la, nou di nou pa bòn moun nan pandan ke nou la chak jou nou poko al travay. Sak pi di a ki met sou tout sa n di deja yo, anpil nan nou vin ak vye mès sot nan peyi nou vin enpoze moun nan li, nou pa dakò danse sou menm pye nou jwenn mèt kay la ap danse a, nou vle vin fè lwa pa nou nan wayòm moun nan. Kisa n vle moun nan fe? M kanpe la, menm te ka ekri yon liv. M konn anpil ap vin monte sou resif san nou pa li ni konprann, vin fè tout kòmantè san sans. Map tou pwofite di n davans, map pale sa m konnen paske m konn sa k rele resevwa moun lakay mwen nan program sa, m konn ki kantite extra depans resevwa yon moun lakay mwen koute m chak mwa. E m gen plizyè lòt moun map tann toujou. Bagay yo se give and take yo ye. Se nou ki pou aprann viv ak moun, konn limit nou, aprann adapte n, sispann mòde dwèt kap met manje nan bouch nou. Fò n sispann panse tout moun dwe nou (youn nan pi gwo pwoblèm nou) ki fè nou pa ka apresye lè yon moun ban nou yon koutmen. Konsèy pam pou nou se: lè nou vin kay yon moun pou yon ti tan, fè yon jan pou moun nan pa santi nou se yon chaj anplis de chaj finansye nou pote san n pa rann nou kont yo nan fason nap konpòte n jiskaske nou ka fè kòb nou, al viv nan espas prive nou.
phebee CherySep 3, 2023
Mw gen yon seum la maril antre de jen fi nan pwogram la pitit li te genyen Ayiti medam sa yo wa di se expre yo fe yo pa ede nan anyen nan kay la si yap fe yon spaghetti yo mete yon sache otdòg ju nou bwe la ju sa yo tou dous fò yo plen li ak suk wap di se expre yo fe epi kan sem lan pale yo fache, yap travay nou pa vle ede nan anyen e america se tout men Ki mete ansanm.genyen ki sot ayiti tou mafia mw depi se mafia wap vinn fe lakay wap oblige souti.
Moun MasSep 3, 2023
Lap tj knsa wi, lè w ht yn bèl tenis, sou konbyen tanw vin kòmanse pa gen menm santiman an pu li? Lèzòm an jeneral tj selebre yn siksè men yo tj vle avanse pou pi devan.. Fredi ak fristrasyon nan kò moun nan, li paka sòti janl vle, gen moun blòk kote yo abite a yo pajanm wè yn mouch nan lari knsa, epi u vin santi w ret sou kont moun twòp c travay u anvi travay... Men kite yo t fel kdo yn machin wap wè sil patap pataje kontantman an avèk rezo yo.. Chak kè kontan dwe gonw fen pouw avanse pi devan.
Daisy TaylorSep 3, 2023
@Sassy A se comment ou an mpi renmen🤣🤣🤣. Yo pa renmen tande vérité, depi on moun pale vérité yo estomake😏😏. Epi sak du an, yo mache fe moun pou ou, di oh ou mete yo deyo, ou ba yo move Jan nan Kay la, yo mache di se ou ki pa bon an. pendant ce temps 90% chance se yo ki problem nan. pi fo ladan yo pa janm travail Haïti, yo levé nan kabann a midi, lazy pa gen passé yo, chaje ak mess pa gen passé yo. yo vin ici yo penser bagay la facile. yo San konprann, épi yo tripot mache al rele moun Haïti pale business moun nan😏😏😏. sim te gen pouvoir se pou yo tout ta vini pou yo vin we🙄🙄🙄 bann inconscient ke nou ye.
L
Lena FleurySep 3, 2023
hmmmm
Gloria Mac.Sep 3, 2023
@Sassy A you said it all👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽👏🏽an jeneral Life is give and take depi yon moun pa konprann w pap ka viv ak moun
Cebastien SSep 3, 2023
@Sassy A eske moun pa'w yo pa nan program pou yo resevwa kòb chak mwa, pou yo gen food stamp etc...?
Cebastien SSep 3, 2023
@Regine Elyse Hm...frè a pat gen dizon avèl. Men istwa sa dwòl.
S
Sassy ASep 4, 2023
@Cebastien S mwen pa dakò okenn moun mete non m nan oken koze mande èd leta. M gen plis pase 10 lane nan peyi a m pa janm anmède leta nan anyen. Se travay m travay pou m bay tèt mwen ak fanmi m sa nou bezwen. Youn nan moun mwen yo ki vini ak pitit li tal eseye pran Medicaid akoz timoun nan paske l potko koumanse travay, yo mande l ajoute non sponsor, m di misye mete m atè tou dousman. Mwen pa kite yo mande anyen si se pou yo ekri non m nan aplikasyon yo kòm sponsor. M jis pran responsabilite m envers yo janm te siyen pou sponsorize yo a. Yo apèn gen 2 semèn ap travay e yo isit la depi fen mwa Me. Menm pa regrèt anyen m fè pou yo, paske depi yo vini an, yo pa kite bouch mwen long, yo pran swen kay, yo fè manje, yo al mennen al chache timoun lekòl, yo voye je sou yo, pa gen anyen yo pa fè. Menm lè bill yo anpil, yo pa fè m santi yo lou sou do m ditou. Menm machin nou yo, yo itilize yo jan yo vle, m te jis asire m yo pare epi yo gen lisans yo isit. Jiskaprezan eksperyans lan trè pozitif. M jis swete lòt sa kap vini yo pa chanje game nan nan menm.
Cebastien SSep 4, 2023
@Sassy A d'accord, mte pansè lè moun lan mande èd, se sou non pal sèlman li tap ye.
S
Sassy ASep 4, 2023
@Cebastien S se sa m te panse tou. Men m te twonpe. Mwen evite mete non m nan sa kòm on moun ki te siyen pou sponsò on benefisyè.
Jhemeson ThermyOct 4, 2023
Bonjour tout moun tètchaje wi la mw pran tanm mw pran sanm poum lire tout kòmantè yo ,men yon sèl bagay map mande avèk youn nan nou ki gen rapò plis avèk yon moun yo aplike pouli men li poko janm ka jwenn Gmail li kisa ki koz et non plis eske nou ka edem tou tanpri souple Bondye pap manke beni nou🙏🙏🙏

Popular hashtags