Joe Biden
Jun 18, 2023
7 Bagay
#Immigration: Sa se yon repons plon gaye, mwenn reponn kesyon 3 kategori moun ki ak estati sa yo te poze m nan kòmansman semènn lan. Men 7 bagay estati w kòm Paroled, Daca,TPS holder, Asylum pending, Refugees (not granted yet) ap anpeche w benefisye kèlkeswa peyi ou sòti a depi wap viv #Etazini ak youn nan estati sa yo:
✔️ Pou tout kategori ki anlè a, nou pap kapab ale nan US Army ni vini polisye nonplis.
✔️ Moun ki gen estati sa nonplis pap ka kalifye pou “Financial Aid” | FAFSA
✔️ Ak estati sa, gen kèk job gouvènman ou pap kalifye pou yo, anpil nan job Leta yo mande citizenship oubyen rezidans pèmanent.
✔️ Jan ou ka konnen l deja, ou pap ka leve yon bon maten pou ateri Okap, ale nan kanaval Jakmel. Rezon an senp, wap bezwen yon “Travel authorization .”
✔️ Li klè nou tout konen, moun ki gen estati m sot montre anlè a, nou pa ka vote nan eleksyon pou chwazi pezidan, senatè, depite ak anpil lòt ankò men gen yon ekzepsyon pou eleksyon lokal yo gen kèk State ki fasilite non citizen vote. Na gentan pale sa nan yon lòt tweet.
✔️ Moun ki estati Paroled, TPS, DACA, Asylum pending, Refugees , pa kapab sèvi kòm manm jiri nan tribinal.
✔️ Pou fini, tout moun m sot pale anlè a bezwen yon kat travay pou yo travay #Etazini, Kat travay sa valid pou 2 an oubyen mwens ki kapab renouvle.
#Next: Malgre tout limitasyon m sot esplike la yo, moun ki gen estati sa yo kapab achte kay, machin, jwenn kòb prete labank san pwoblèm menm gen State ki otorize noncitizen vote nan eleksyon lokal yo tankou California, Maryland ak Vermont.
👇👇👇👇
Sa w wè anpil bagay nou pat konen, semènn sa ap gen anpil tweet tankou sa, rete konekte, pataje, kòmante pou di sa w panse epi rete enfòme.
ADVERTISEMENT
