A Enne
Apr 8, 2024
17 fevriye 2023
Depi 17 fevriye m la map tann, e-mail te gen erè, nou kontakte pou chanje yo chanje, paspò pèdi, nou kontakte pou chanje yo chanje, receipt notice pat vle vini, nou kontakte pou voye yo voye l, men kanta pou apwouve a se sa yo pap fè menm. Sa montre m yo nan dosye a, paske nou toujou ap rele pou chanje on bagay m jis pa k konprann poukisa yo pa vle bay on repons ke l te pozitif oubyen negatif. Mwa avril la se mwa pa m wi Bondye pa kite m wont.
ADVERTISEMENT
AZOLIN SadracApr 8, 2024
Jis kiltive pasyans epi kite Bondye aji. Ou bay tèt ou pwoblèm pou anyen, ou doute twòp.
mariline JeanApr 8, 2024
mwen pa konnen kijan la fwa w ye nan bondye , menm vle few konnen ou pat sel moun kite nan situation sa pou mwen se komsi c histoire pa yon sem wap explike la email li te gen erè et li te arrive jwenn receipt notice li a sou 10 jours apres tout correction. yo te filled pou li 1 Decembre 2023 la li bon yon vendredi kite 1 mars. Fe bondye konfyans tande. epi yon ti konsey selon de experience pam ke mwen Fe . USCIS pap janm baw yon repons non lew rele men yo just travay sou dosye a. apres se we ou we ou jwenn results ou.
A EnneApr 8, 2024
@AZOLIN Sadrac m pap ba w manti chak jou m priye pou sa wi, m pa konn si son tès Bondye ap pase m.
A EnneApr 8, 2024
@mariline Jean mezanmi epa ti pwoblèm non m pa vle di Bondye bliye m paske m pa nan pase l lòd, m konnen m gen pou m vin temwanye la.
AZOLIN SadracApr 8, 2024
@A Enne M ap tann depi 10 Février, m ap tann e m p ap fè wout pa bwa paske m konnen Bondye pral fè l pou mwen.
A EnneApr 8, 2024
@AZOLIN Sadrac mwa nou an se pa l wi li pran nan pwogram sa.
A EnneApr 8, 2024
@Layla B. m konprann ou wi, non w pa parèt negatif men o mwen yo ta mande nou sak manke a, yo pa fè anyen menm.
