olizoe oli
Apr 7, 2023
I134A
#I134A #Humanitarian bonjou & bonswa, koman nou ye? sonje ke pwogram imanitè’a fòm I134A gen yon dire maksimòm de 90 jou,si ou pako depase entèval sa ou mèt rilaks se rive yo poko rive sou’ou paske avan 90 jou pa’w la yap ba’ou yon desizyon kanmèm
6
ADVERTISEMENT
Shelly Shelly Apr 7, 2023
non li la gen le mwen rele immigration yo dim 90 jou met pase c rete tann pa Gen timeline ladanl Sa vle di bliye bagay 90 jou a
Claire BApr 7, 2023
Mwen te rele yo di pwogram lan pa gen limit valè tan yo kapab pran. ke 90 jou nou tande a se pa nan yo li soti.
Ganthier KermensApr 7, 2023
map tann toujou
Carline AntoineApr 7, 2023
li pa 90 jou gen moun ki jwenn li rapid, genyen kap soufri
mackenson exemarApr 8, 2023
mw mal soufri tougou😔
Wesner DorilusApr 8, 2023
Ebyn si c vre ou rele epi yo diw yo pa konnen 90-120 jrs an c ke yo en contradiction ak sa yo te di auparavant an🤷‍♂️ paske c US Embassador(Haiti) an ki te fè yon Tweet de délai a🤔 Antouka m pa diw manti w fè non, men m konnen yo pap janm di sa vre. Fòk gen yon delai ki etabli paske c jus yon programme humanitaire li ye🤔@Claire B

Popular hashtags