V A
23 de sep de 2023
Info sou program Hummanitarian parole lan 🇺🇸
Ta sanble USCIS ak CBP one ap pran yon desizyon ki ka pa nan avantaj yon pakèt nan nou isit lan,mwen chèche anpil mwen poko ka jwen n Sam bezyen an,m gen yon frè ki konn pataje Update yo ak mwen lè mwen esplikel sa li dim li poko jwenn li ni wè enfo sa,se ki sal ye daprè Sam aprann CBP one lèw fin resevwa email approval lan epi w fini ak etap 1 an lè wap fè CBP kote ou pral mete adres #PS m pat konn CBP one konn mande benefisyè a adres kote l ye ,ta sanble yo mande w sa e depi w pa kote w ye an vre ou pap jwenn Authorization travel lan,egzanp si Sponsor lè li tap fill pou ou ou de dil ou Ayiti epiw gentan sou fontyè meksik ou pap jwenn Authorization an sanble se yon mezi yo ap pran pou evite twòp moun antre pridan fanmi m yo #NB mwen poko jwenn ase prèv pou m verifye sa ak nou se sak fèm di ta sanble m pa fin klè li men li pa enposib tou,si w te gen ide ale anba pon meksik lan fon poze toujou swiv annatandan m jwen n bon enfo map potel pou nou mèsi.
30
PUBLICIDAD
vaval tatsu23 de sep de 2023
Mwen tande sa tou.
T
Ti Henry le Pèlerin23 de sep de 2023
yon bèl enfo wi men ki problèm ou panse sa k koze tankou sim t bay yon adrès aprè mw vin deplase?
lady wealth covering minoua23 de sep de 2023
oui se sa m tande tou pitit
lady wealth covering minoua23 de sep de 2023
@Bettie St-Hilaire fok sponsor a ta ekri uscis poul fe changer adress la pou ou, pou CBP one pa baw problem
News update 23 de sep de 2023
c’est faux jusqu’à présent paskem sot fè CBP pou yon moun la li pa mandel ki donk pa gen kanpe👋🛫
lady wealth covering minoua23 de sep de 2023
@Prudent Prudent sil faux lap.bon anpil, paske uscis pa ka ap enmerder Sante moun konsa. Se sak fe moun yo decourager yo vider sou frontiere la la. yo pa ka controller masse moun ki plonger lot bo a, moun yo fill biden pa janm reponn.
News update 23 de sep de 2023
@Bettie St-Hilaire justement
News update 23 de sep de 2023
@Bettie St-Hilaire mwen menm tou pa gen kanpe
boss popo23 de sep de 2023
Mwen aprouve depi 11 septanm mwen kreye kont uscis mwen fe tout bagay sou cbp one mwen skane paspo mwen fe foto men lem voye yo ale yo dim yo pa jwenn dosyem nan
st-lee lee23 de sep de 2023
@boss popo ou pa fè sponsor la rele cbp one???
M SheĂŻd23 de sep de 2023
Sa w di Ă  ka posib, li enpotan pou n prudan
Barbara Dorval23 de sep de 2023
depi kileu yo vin AK sa w di a? mwen gen you frem mwen te fil pou li 21 janvier se acres lakay mwen Haiti mwen te mete pou li e misieu ap Viv DR li confirme Avril li vini bien prop wi
boss popo24 de sep de 2023
@ST-lee lee wi men yo pa bal okenn repons vre
Jean-Claude pierre marie carchernst24 de sep de 2023
vérité wi.....pa pliye yo gen system GPS, ou pa ka bay yo manti.,sonje sa ☝🏾
V A24 de sep de 2023
Mèsi pou kesyon an @Ti Henry le Pèlerin daprè sa yon moun di m map chèche lòt prèv toujou mwen poko ka jwen n yo ka trase kote w ye an alèd de CBP one men m pa ko fin verifyel bro,ask enpòtan an se rete kotew ye an malgrem pale ak yon frè li dim li pata dwe konsa men gen yon ti prob ak moun ki ap antre pa bann pa pakèk anba pon meksik lan pou antre USA m pase se sak ki ka koz yo ap pran tout mezi sa yo pou enpeche moun ale meksik.
V A24 de sep de 2023
Sa mwen ka di nou jiskaprezan @Bettie St-Hilaire se rete kote yo te fill nou bay lan,mwen DR tou e map antre Ayiti men se Ayiti Sponsor mwen an te mete,mwen ta swete l pa koz yon problèm pou tout moun #PS m panse l ka konsa se pou moun ki antre meksik yo paske se pou enpeche anpil moun antre.
V A24 de sep de 2023
Wi @Prudent Prudent Wi mwen chèche sa m poko jwenn okenn kotel di sa men sseyon moun ki antre meksik ki sanble gen prob lan epi yon lòt te pataje sa ak mwen menm poko jwenn li tou mèsi.
V A24 de sep de 2023
@boss popo make sure ke tout enfo ou yo kòrèk ansanm ak menm sa ou te mete nan USCIS lan,ni non Update app CBP one rekòmanse fè tout prosès lan mèsi
T
Ti Henry le Pèlerin24 de sep de 2023
@V A (Ton Biden) mèsi, c jus yon zanmi ki chili kap travèse al regilarize pyès li brezil. E yo fil pou li pandan li chili
V A24 de sep de 2023
Wi @M SheĂŻd
V A24 de sep de 2023
@Barbara Dorval semèn pase a yon moun esplikem sa menm poko ka jwenn plis detay sou li men sa map eseye konprann genlè se yon fason yap eseye fè pou bloke pil moun antre Mexico men li sanble pap pou tout moun siw pa sou teritwa meksik lan mèsi pou kesyon an,men map kontinye chèche bon enfo pou nou
T
Ti Henry le Pèlerin24 de sep de 2023
@boss popo mande sponsò a sil pat Cancel dosye a. sa ka koz menm si ou aprouve ou pa ka fè swivi dosye a
V A24 de sep de 2023
@Akouma Akouma Se yon moun ki pataje l ak mwen menm sensè ak ou m poko jwenn li okenn kote men se pridans pou nou fè,ke li pa enposib si yo vle yo kapab pa bliye CBP one se sòti nòt poul di yo gen aksè ak Instagram, X(Twitter) epi Facebook so si yo vle yo ka trase kotew ye nenpòt ki moman fanmi pa pran bagay yo pou jwèt American pa janm bay piyay vre mèsi fanmi.
V A24 de sep de 2023
@carchernst Jean-Claude Wi li kapab sa wi men si yo ap metel an aplikasyon yo ka Jis fèl pou moun kap franchi antre meksik yo,men l pata dwe pou tout moun paske gen anpil moun ki DR
V A24 de sep de 2023
@Ti Henry le Pèlerin ok bro so mwen espere li pagen prob nan dosyel lan janm diw lan m poko ka jwenn okenn enfo sou sa vre e mwen check moun ki te ka banm ide yo pa jistifye l men nap fè pridans ok
Rocky Green Eyes25 de sep de 2023
mwen menm Sam konen e mwen wè tou m gen yon moun moun pam ki tj ap fill pou moun li tj mete adrès benefisyè a depi nan aplikasyon an yon fason lè lap fè rès pwosesis li yo lèl konfime pou enfòmasyon yo pa degrenngole
V A25 de sep de 2023
@Bettie St-Hilaire chè mwen poko trouve sa tou se yon moun mwen tap pale ak li ki dim sa rive yon moun pal epil te voye yon link banm kote yon moun tap esplike sa sou Facebook, ak tout senseritem m poko kraze ak problèm sa e mwen gen moun ki toujou pataje bon enfo ak mwen sou program nan lèm esplike l sa li poko jwenn sa tou ok mèsi m te pataje sa ak nou se yon fason poum te ka jwenn plis detay sou sa menm pa ko jwenn ka sa mèsi e mwen espere Nou konprann mwen.
V A25 de sep de 2023
@Akouma Akouma Jiskaprezan mwen dil deja la 😁 mwen poko jwenn enfo sa aprè moun ki te dim li an ak yon link Facebook li share ak mwen m pa jwenn enfo sa sou okenn bagay ki gen rapò ak program nan,malgrem patajel ak yon frè ki gen anpil ide sou program nan li pa jwennaanyen toujou, svp eseye konprann nou konnen mwen pa la poum vin di nou tout vye koze depi janvye map bay bon enfo sou Lawfully men ,sa ak tout senseritem m poko jwenn ka sa tou ok mèsi.
V A25 de sep de 2023
Wi se yon bagay konsa li ye @Rockendy Edouard info yo pa dwe depaman tout dwe menm mèsi pou konpreyansyon w fanmi.
Rocky Green Eyes25 de sep de 2023
yea broh yon sèl la nou ye 🤝

Hashtags populares